Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Deuteronomy 12 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 These are the statutes and judgments you must carefully keep in the land our Father, the God of your fathers, has given you to possess, all the days you live on the earth. “Sa yo se lwa avèk jijman ke nou va swiv avèk atansyon nan peyi ke SENYÈ a, Bondye a zansèt nou yo, te bannou pou posede pandan tout tan ke n ap viv sou tè a.
2 Completely destroy every place where the nations you drive out served their gods—on the high mountains, the hills, and under every green tree. “Nou va detwi nèt tout kote ke nasyon yo mete dye pa yo pou sèvi yo; sou mòn wo yo, sou ti mòn yo ak anba tout pyebwa yo.
3 Break down their altars, smash their sacred pillars, burn their Asherah poles; cut down their gods' carved images, and wipe out their name from that place. Nou va chire lotèl yo, e kraze pilye sakre yo, e brile poto Asherim nan avèk dife. Nou va koupe imaj taye a dye pa yo, e nou va fè disparèt tout tras non yo nan kote sila yo.
4 You must not worship your Father in that way. “Nou p ap aji konsa anvè SENYÈ a, Bondye nou an.
5 Instead, seek the place your Father will choose from all your tribes to put his name and make his home; there you must come. Men nou va chache kote SENYÈ a, Bondye nou an, chwazi sou tout trib nou yo, pou etabli non Li a tankou kote pou L ta rete, e la, nou va vini.
6 There bring your burnt offerings and sacrifices, your tenth and the contribution of your hand, your vow offerings and voluntary offerings, and the firstborn of your herd and flock. La, nou va mennen ofrann brile nou yo, sakrifis nou yo, dim nou yo, don ki sòti nan men nou yo, ofrann ve yo, ofrann bòn volonte yo, avèk premye ne nan twoupo nou yo ak nan bann mouton nou yo.
7 There, before your Father, you and your households will eat and rejoice in all you put your hand to, because your Father has blessed you. La osi, nou menm avèk lakay nou va manje devan SENYÈ a, Bondye nou an. Konsa, nou va rejwi nan tout sa nou te antreprann nan, nou avèk lakay nou yo, nan sila SENYÈ a, Bondye nou an, te beni nou an.
8 You must not do as we do here today, each doing what is right in his own eyes. “Nou p ap fè menm sa ke n ap fè isit la jodi a, konsi tout moun ap fè sa ki bon nan pwòp zye li;
9 For you have not yet reached the rest and the inheritance your Father is giving you. paske nou poko rive nan plas repo ak eritaj ke SENYÈ a ap bannou an.
10 But when you cross the Jordan and settle in the land your Father gives you to inherit, and he gives you rest from all your enemies around you so you live in safety, “Lè nou travèse Jourdain an pou viv nan peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, ap bannou kòm eritaj la; epi Li bannou repo sou tout lènmi ki antoure nou yo pou nou viv ansekirite,
11 then to the place your Father chooses to settle his name, there bring all I command you: your burnt offerings and sacrifices, your tenth and the contribution of your hand, and all the choice vow offerings you vow to your Father. alò, li va rive ke kote ke SENYÈ a, Bondye nou an, va chwazi pou non Li vin rete a, se la, nou va mennen tout sa ke Mwen kòmande nou yo: ofrann brile nou yo avèk sakrifis nou yo, dim nou yo avèk don ki sòti nan men nou yo, ak tout ofrann ve ki pi bèl ke nou va fè kòm ve bay SENYÈ a.
12 Rejoice before your Father—you, your sons and daughters, your male and female servants, and the Levite in your towns, since he has no portion or inheritance with you. “Epi nou va rejwi devan SENYÈ a, Bondye nou an, nou menm avèk fis ak fi nou yo, sèvitè ak sèvant nou yo ak Levit ki anndan pòtay nou yo, akoz ke li pa gen pati ni eritaj pami nou.
13 Be careful that you do not offer your burnt offerings in every place you see, Fè atansyon pou nou pa ofri ofrann brile tout kote ke nou wè,
14 but only in the place your Father chooses, in one of your tribes; there offer your burnt offerings, and there do all I command you. men kote ke SENYÈ a chwazi nan youn nan tribi nou yo. La, nou va ofri ofrann brile yo, e la, nou va fè tout sa ke mwen kòmande nou yo.
15 Yet you may slaughter and eat meat in all your towns, whatever you desire, according to the blessing your Father has given you. The unclean and the clean alike may eat it, like the gazelle and the deer. “Malgre sa, nou gen dwa touye e manje vyann anndan nenpòt nan pòtay nou yo, nenpòt sa ke nou dezire, selon benediksyon SENYÈ a, Bondye nou an, sa ke Li te bannou. Sila ki pa pwòp, ak sila ki pwòp kapab manje ladann, tankou antilop la ak sèf la.
16 Only you must not eat the blood; pour it on the ground like water. Sepandan, nou pa pou bwè san an; nou dwe vide li atè tankou dlo.
17 You may not eat in your towns the tenth of your grain, new wine, or oil, nor the firstborn of your herd or flock, nor any of your vow offerings, your voluntary offerings, or the contribution of your hand. “Nou pa gen dwa manje anndan pòtay nou yo ofrann dim ki sòti nan sereyal yo, ni premye ne nan twoupo ak nan bann mouton nou yo, ni okenn nan ofrann ve yo, ni ofrann bòn volonte nou yo, ni don ki sòti nan men nou yo.
18 Instead, eat them before your Father in the place he chooses—you, your son and daughter, your male and female servant, and the Levite in your towns; and rejoice before him in all you undertake. Men nou va manje yo devan SENYÈ a, Bondye nou an, kote ke SENYÈ a, Bondye nou an va chwazi a, nou menm avèk fis nou ak fi nou yo, sèvitè ak sèvant lan ak Levit ki anndan pòtay nou yo. Konsa, nou va rejwi devan SENYÈ a, Bondye nou an, nan tout sa ke nou antreprann.
19 Be careful not to abandon the Levite as long as you live in your land. Fè atansyon pou nou pa abandone Levit la pandan tout tan ke nou rete nan Peyi a.
20 When your Father enlarges your territory as he promised you, and you say, "I will eat meat," because your soul craves meat, you may eat meat to your soul's desire. “Lè SENYÈ a, Bondye nou an, vin fè lizyè nou grandi, jan Li te pwomèt nou an, e nou va di: ‘Mwen va manje vyann,’ akoz ke nou vle manje vyann, nou kapab manje vyann, nenpòt sa ke nou pito.
21 If the place your Father will choose to put his name there is too far from you, you may slaughter from the herd and flock your Father has given you, as I commanded you, and eat in your towns as you desire. Si kote ke SENYÈ a, Bondye nou an, chwazi pou mete non Li an, twò lwen nou, alò, nou kapab touye nan twoupo nou ak bann mouton nou ke SENYÈ a te bannou yo, jan mwen te kòmande nou an. Konsa, nou kapab manje anndan pòtay nou yo nenpòt sa nou pito.
22 Just as one eats the gazelle and the deer, so you may eat it; unclean and clean alike may eat it. Menm jan ke yon antilòp oswa yon sèf kon sèvi pou manje; konsa, nou va manje li. Moun ki pwòp ni sila ki pa pwòp kapab manje ladann.
23 Only be firmly resolved not to eat the blood, for the blood is the life; do not eat the life with the meat. “Sèlman, fè sèten ke nou pa bwè san an, paske san an se lavi, e nou p ap bwè lavi avèk chè a.
24 You must not eat it; you are to pour it out on the ground like water. Nou p ap bwè li. Nou va vide li atè tankou dlo.
25 Do not eat it, so it may go well with you and your children after you, when you do what is right in your Father's eyes. Nou p ap bwè li jis pou sa kab ale byen pou nou avèk pitit apre nou yo; paske nou ap fè sa ki bon nan zye SENYÈ a.
26 But take your holy things and your vow offerings to the place your Father will choose. “Se sèlman bagay ki sen ke nou kapab genyen, ak ofrann ve nou yo, nou va pran pou ale kote ke SENYÈ a chwazi a.
27 Present your burnt offerings—the meat and the blood—on the altar of your Father. Pour the blood of your sacrifices beside the altar of your Father, and eat the meat. Konsa, nou va ofri ofrann brile yo, chè a avèk san an sou lotèl la bay SENYÈ a, Bondye nou an. San sakrifis nou yo va vide sou lotèl la bay SENYÈ a, Bondye nou an, epi nou va manje chè a.
28 Carefully obey all these words I command you, so it goes well with you and your children after you forever, when you do what is good and right in your Father's eyes. “Fè atansyon pou koute tout pawòl sila yo ke mwen kòmande nou, jis pou sa kapab ale byen pou nou ak fis apre nou yo pou tout tan, akoz nou fè sa ki bon e jis nan zye a SENYÈ a, Bondye nou an.
29 When your Father cuts off before you the nations you go to drive out, and you drive them out and settle in their land, “Lè SENYÈ a, Bondye nou an, koupe retire devan nou nasyon ke n ap antre deplase yo, epi nou deplase yo e rete nan peyi pa yo,
30 be careful you're not trapped into following their ways after they're destroyed before you, and don't ask about their gods, "How did these nations serve their gods? I'll do the same." veye ke nou pa antre nan pèlen e swiv yo lè yo fin detwi devan nou; epi ke nou pa chache a dye pa yo, e mande: ‘Kijan nasyon sa yo sèvi dye pa yo? Konsa, mwen va fè menm jan an?’
31 Do not worship your Father that way, for they did for their gods every detestable thing your Father hates—even burning their sons and daughters in fire to their gods. Nou p ap aji konsa anvè SENYÈ a, Bondye nou an, paske se tout zèv abominab ke SENYÈ a rayi yo, ke yo kon fè pou dye pa yo. Paske yo konn menm brile pwòp fis ak fi pa yo nan dife dye pa yo.
32 Be careful to do everything I command you; add nothing to it, take nothing from it. “Nenpòt sa ke m kòmande nou , se sa a pou nou fè. Nou p ap ni mete sou li, ni retire ladan l.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]