Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Deuteronomy 11 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 So love your Father, and keep his requirements, his statutes, his decrees, and his commandments always. “Pou sa, nou va renmen SENYÈ a, Bondye nou an, e nou va toujou kenbe lòd Li, lwa Li yo, ak règleman Li yo, avèk kòmandman Li yo.
2 Know today—I'm not speaking to your children, who never experienced or saw your Father's discipline, his greatness, his mighty hand, his outstretched arm, Byen konnen nan jou sa a, ke Mwen p ap pale avèk fis nou yo ki potko konnen e ki potko wè chatiman SENYÈ a, Bondye nou an,—grandè Li, men pwisans Li ak bra lonje Li a,
3 his signs and deeds done throughout Egypt to Pharaoh king of Egypt and all his land, epi sign Li yo avèk zèv Li yo ke Li te fè nan mitan Égypte a Farawon an, wa Égypte la, e a tout peyi li a;
4 what he did to Egypt's army, its horses and chariots, sweeping the Red Sea's waters over them as they chased you, and our Father destroyed them to this day; ak sa Li te fè a lame Égypte la, a cheval li yo avèk cha li yo, lè Li te fè dlo Lamè Wouj la kouvri yo pandan yo t ap kouri dèyè nou, e SENYÈ a te detwi yo nèt, jiska jou sa a;
5 what he did for you in the wilderness until you came to this place; epi sa Li te fè a nou menm nan dezè a jiskaske nou te rive nan kote sa a;
6 and what he did to Dathan and Abiram, sons of Eliab son of Reuben—when the earth opened its mouth and swallowed them, their households, tents, and every living thing following them, amid all Israel. epi sa Li te fè aDathan avèk Abiram, fis a Éliab yo, fis a Ruben, lè tè a te ouvri bouch li, pou te vale yo, tout moun lakay yo, tant yo, ak tout bagay vivan nan tout Israël ki te swiv yo——
7 For your own eyes have seen every great work our Father has done. konsa, se pwòp zye pa nou ki te wè tout gran zèv ke SENYÈ a te fè yo.
8 Keep the whole command I give you today, so you'll be strong, enter, and possess the land you're crossing into to possess, “Pou sa, nou va kenbe tout kòmandman ke mwen ap kòmande nou jodi a, pou nou kapab gen fòs pou antre e posede peyi a nan sila nou prèt pou travèse pran an;
9 so you may live long in the land our Father swore to give your ancestors and descendants, a land flowing with milk and honey. jis pou jou nou yo kapab vin pi plis nan peyi ke SENYÈ a te sèmante a zansèt nou yo pou ba yo ak desandan pa yo, yon peyi ki koule avèk lèt ak siwo myèl.
10 The land you're entering to possess is not like the land of Egypt you left, where you planted your seed and watered it by foot, like a vegetable garden. Paske peyi kote nou ap antre pou posede a, se pa tankou peyi Égypte la, kote nou sòti a, kote nou te konn plante semans nou e wouze li avèk pye nou tankou yon jaden legim.
11 But the land you're crossing to possess is hills and valleys, drinking water from the sky's rain. Men peyi kote nou prèt pou travèse pran an, yon peyi avèk ti mòn ak vale, k ap bwè dlo ki sòti nan lapli syèl la,
12 A land your Father cares for; your Father's eyes always on it, from year's start to year's end. yon peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, renmen anpil. Zye a SENYÈ a, Bondye nou an, toujou sou li, soti nan kòmansman jis rive nan fen ane a.
13 If you truly obey the commands I give you today—loving your Father and serving him with all your heart and all your soul. “Li va vin rive ke si nou koute avèk obeyisans a kòmandman mwen yo, ke mwen ap kòmande nou jodi a, pou nou renmen SENYÈ a, Bondye nou an, e sèvi Li avèk tout kè nou e avèk tout nanm nou,
14 I will give your land rain in its season, early and late, so you gather your grain, your new wine, and your oil. ke Mwen va bay lapli pou peyi nou nan sezon li, lapli premye sezon ak lapli dènye sezon, pou nou kapab fè antre sereyal avèk diven nèf, avèk lwil.
15 I will give grass in your field for your livestock, and you will eat and be full. Mwen va bannou zèb nan chan nou yo pou bèt nou yo, e nou va manje e va satisfè.
16 Take care that your heart is not deceived, and that you do not turn away and serve other gods and bow down to them, “Veye nou pou kè nou pa vin sedwi; pou nou pa vire akote pou sèvi lòt dye yo e adore yo.
17 our Father's anger burns against you; he shuts the heavens—no rain, the ground yields no harvest—and you soon perish from the good land our Father gives you. Sinon, lakòlè SENYÈ a va limen kont nou, epi Li va fèmen syèl yo pou pa gen lapli, e tè a p ap donnen fwi li. Konsa, nou va peri vit soti nan bon peyi ke SENYÈ a ap bannou an.
18 So set these words of mine in your heart and soul; bind them as a sign on your hand, and let them be as reminders on your forehead. Pou sa, nou va tache pawòl sa yo sou kè nou ak sou nanm nou. Nou va mare yo tankou yon sign sou men nou e yo va tankou très cheve nan fwon nou.
19 Teach them to your children—speak of them when you sit in your house and when you walk along the road, when you lie down and when you rise up. Nou va enstwi yo a fis nou yo nan pale sou yo lè nou chita lakay nou, lè nou mache akote wout la, e lè nou kouche ak lè nou leve.
20 And write them on the doorposts of your house and on your gates, Nou va ekri yo nan poto chanbrann lakay nou ak sou pòtay nou yo,
21 so you and your children may live long in the land our Father swore to give your ancestors, as long as the heavens are above the earth. jis pou jou nou yo avèk jou a fis nou yo kapab vin miltipliye nan peyi kote SENYÈ a te sèmante a zansèt nou yo pou bay yo, toutotan syèl yo ap rete sou tè a.
22 If you carefully keep this whole command I give you—to love your Father, walk in all his ways, and hold fast to him, “Paske si nou fè atansyon pou kenbe tout kòmandman sa yo ke mwen ap kòmande nou pou fè yo, pou renmen SENYÈ a, Bondye nou an, pou mache nan tout chemen Li yo e kenbe fèm a Li,
23 then our Father will drive out all these nations before you, and you'll dispossess nations greater and stronger than you. alò, SENYÈ a va chase tout nasyon yo soti devan nou; epi nou va deplase nasyon ki pi gran e ki pi pwisan ke nou yo.
24 Every place your foot treads will be yours: your border will be from the wilderness and Lebanon, from the River, the Euphrates, to the western sea. Nenpòt kote ke pye nou pile va vin pou nou; lizyè nou va soti nan dezè a pou jis rive Liban, soti nan rivyè a, Rivyè Lefrat la, pou jis rive nan lanmè lwès la.
25 No one will be able to stand against you; your Father will put fear and dread of you on every land you tread, as he promised. P ap gen pèsòn ki kapab kanpe devan nou. SENYÈ a, Bondye nou an, va mete gwo panik de nou ak laperèz nou sou tout peyi kote nou foule pye nou yo, jan Li te deja pale nou an.
26 See, I am setting before you today a blessing and a curse: “Gade, mwen ap mete devan nou jodi a yon benediksyon avèk yon malediksyon;
27 the blessing, if you obey the commandments of your Father that I am commanding you today; Benediksyon an si nou koute kòmandman a SENYÈ yo, Bondye nou an ke mwen kòmande nou jodi a;
28 and the curse, if you disobey your Father's commands, but turn from the way I command you today, to follow other gods you have not known. epi malediksyon an si nou pa koute kòmandman a SENYÈ yo, Bondye nou an, men vire akote chemen ke mwen ap kòmande nou jodi a, pou swiv lòt dye ke nou pa t konnen yo.
29 When your Father brings you to the land you enter to possess, you are to proclaim the blessing on Mount Gerizim and the curse on Mount Ebal. “Li va rive, ke lè SENYÈ a, Bondye nou an, mennen nou nan peyi kote n ap antre posede a, ke nou va plase benediksyon an nan mòn Garizim nan e malediksyon an nan mòn Ebal la.
30 Are they not beyond the Jordan, westward, in the land of Canaanites living in the Arabah, opposite Gilgal, near the oaks of Moreh? Èske yo pa anfas Jourdain an, vè lwès, vè solèy kouche a, nan peyi Kanaaneyen ki rete Araba yo, anfas Guilgal, akote chenn Moré yo.
31 You are crossing the Jordan to enter and take the land your Father gives you; you will possess it and live in it. Paske nou prèt pou travèse Jourdain an pou antre posede peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, ap bannou an, e nou va posede li pou viv ladann.
32 Carefully obey all the statutes and decrees I give you today. Nou va fè atansyon pou fè tout sa lalwa avèk jijman ke mwen ap mete devan nou jodi a.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]