Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Deuteronomy 10 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 At that time our Father told me, "Cut two stone tablets like the first, come up to me on the mountain, and make a wooden ark. “Nan tan sa a, SENYÈ a te di mwen: ‘Taye fòme pou kont ou de tab wòch tankou premye yo, monte kote Mwen sou mòn nan, e fè yon lach an bwa pou kont ou.
2 I will write on the tablets the words on the first tablets you broke, and you are to put them in the ark." Mwen va ekri sou tab yo pawòl ki te nan premye tab ke ou te kraze yo, e ou va mete yo nan lach la.’
3 So I made an ark of acacia wood, cut two stone tablets like the first, and climbed the mountain with the two tablets in hand. “Konsa, mwen te fè yon lach avèk bwa akasya e mwen te taye de tab wòch tankou premye yo, e mwen te monte sou mòn nan avèk de tab yo nan men m.
4 He wrote on the tablets, as before, the ten commandments our Father had spoken to you on the mountain from within the fire, on the assembly day. And our Father gave them to me. Li te ekri sou tab yo tankou premye ekriti a, Dis Kòmanman ke SENYÈ a te pale a nou menm sou mòn nan soti nan mitan dife a nan jou asanble a; epi SENYÈ a te ban mwen yo.
5 I turned, went down the mountain, and put the tablets in the ark I had made; there they've stayed, as our Father commanded me. Konsa, mwen te vire desann kite mòn nan. Mwen te mete tab yo nan lach ke mwen te fè a, epi se la yo ye, jan SENYÈ a te kòmande mwen an.”
6 The Israelites traveled from Beeroth Bene-jaakan to Moserah, where Aaron died and was buried; his son Eleazar served as priest in his place. (Alò, fis Israël yo te kite Beéroth-Bene-Jaakan pou rive Moséra. La Aaron te mouri, la li te antere, e fis li a, Éléazar te fè sèvis prèt nan plas li.
7 From there they traveled to Gudgodah, and from Gudgodah to Jotbathah, a land of water streams. Soti la, yo te pati pou Gudgoda e soti Gudgoda a Jothbatha, yon peyi avèk anpil ti flèv dlo.
8 At that time our Father set apart Levi's tribe to carry the covenant ark, to stand before him, to serve him, and to bless in his name, as they do to this day. Nan moman sa a, SENYÈ a te mete apa tribi Lévi a pou pote lach akò SENYÈ a, pou kanpe devan Li, pou sèvi Li e pou beni nan non Li jiska jodi a.
9 So Levi has no portion or inheritance with his brothers; our Father is his inheritance, as our Father promised him. Akoz sa, Lévi pa gen pòsyon ni eritaj pami frè li yo; SENYÈ a se eritaj pa li, jis jan SENYÈ a, Bondye nou an, te pale a li a.
10 I stayed on the mountain, as the first time, forty days and forty nights; our Father listened to me again; our Father did not want to destroy you. “Mwen anplis te rete sou mòn nan pandan karant jou ak karant nwit tankou premye fwa a; epi SENYÈ a te koute mwen fwa sa a tou. SENYÈ a pa t dakò detwi nou.
11 And our Father said to me, "Get up, go ahead of the people, so they can enter and take the land I swore to their fathers to give them." Alò, SENYÈ a te di mwen: ‘Leve, ale nan vwayaj ou devan pèp la, pou yo kapab antre ladann e posede peyi ke Mwen te sèmante a zansèt yo pou M bay yo a.’
12 And now, Israel, what does our Father ask of you but to fear him, walk in all his ways, love him, and serve him with all your heart and with all your soul, “Alò, Israël, kisa SENYÈ a, Bondye nou an, mande a nou menm, sof ke krent SENYÈ a, mache nan tout chemen Li yo, renmen Li, e sèvi Li avèk tout kè nou ak tout nanm nou,
13 and to keep the commands of our Father and his statutes I'm commanding you today, for your good? pou kenbe kòmandman SENYÈ a avèk lwa Li yo, ke mwen ap kòmande nou jodi a pou pwòp avantaj pa nou.
14 Look, to our Father belong the heavens, the highest heavens, the earth, and all in it. “Gade byen, syèl la avèk syèl piwo yo se pou SENYÈ a, Bondye nou an, ansanm ak tè a, avèk tout sa ki ladann.
15 Yet our Father loved your fathers, chose their offspring after them—you, above all peoples—as it is today. Sèl SENYÈ a te gen plezi pou mete sou zansèt nou yo afeksyon Li. Li te renmen yo, e Li te chwazi desandan yo apre yo, nou menm devan tout lòt pèp yo, jan li ye jodi a menm.
16 So circumcise the foreskin of your heart, and be stubborn no longer. Pou sa, se pou nou sikonsi kè nou, e pa kite kè nou di ankò.
17 For our Father is God of gods, Lord of lords, the great, mighty, awesome God, who shows no partiality and takes no bribe. “Paske SENYÈ a, Bondye nou an, se Bondye a dye yo e SENYÈ a senyè yo. Li se Bondye ki gran an, pwisan e etonan an, ki pa montre favè a pèsòn, ni pa vann favè Li anba tab.
18 He does justice for the orphan and widow, and loves the foreigner, giving him food and clothing. Li fè jistis pou òfelen ak vèv la, e Li montre amou Li pou etranje a lè Li ba li manje avèk rad.
19 So you too must love the foreigner, for you were foreigners in the land of Egypt. Pou sa, montre amou pa nou vè etranje a, paske nou te etranje nan peyi Égypte la.
20 Fear our Father, serve him, hold fast to him, and swear by his name. “Nou va krent SENYÈ a, Bondye nou an. Nou va sèvi Li. Kole kote Li, e nou va sèmante pa non pa Li.
21 He is your praise, your Father, who has done for you these great and awesome things your eyes have seen. Se Li menm ki lwanj nou, se Li menm ki Bondye nou, se Li menm ki te fè gran bagay etonan sa yo pou nou ke zye nou te wè.
22 Your fathers went down to Egypt, seventy in number; now our Father has made you as numerous as the stars of heaven. Zansèt nou yo te desann an Égypte, swasann-dis pèsòn antou. Epi koulye a, SENYÈ a, Bondye nou an, te fè nou vin anpil tankou zetwal syèl yo.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]