Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

2 Samuel 9 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 David asked, "Is anyone left of Saul's family I can show kindness to, for Jonathan's sake?" Konsa, David te di: “Èske genyen toujou yon moun ki te rete pou lakay Saül, pou m ta kab montre li favè pou koz Jonathan?”
2 Saul's household had a servant named Ziba, summoned to David. "Are you Ziba?" the king asked. "At your service," he replied. Alò, te genyen yon sèvitè lakay Saül ki te rele Tsiba. Konsa yo te rele li kote David, e wa a te di li: “Èske ou se Tsiba?” Epi li te reponn: “Men sèvitè ou.”
3 The king asked, "Is no one left of Saul's house to whom I can show the kindness of our Father?" Ziba answered the king, "There is still a son of Jonathan; he is crippled in both feet." Wa a te di: “Èske pa gen moun toujou lakay Saül pou mwen ta kab montre favè Bondye?” Epi Tsiba te di a wa a: “Genyen toujou yon fis a Jonathan ki kokobe nan tou de pye li.”
4 "Where is he?" the king asked. Ziba answered, "In the house of Machir son of Ammiel, in Lo-debar." Konsa, wa a te di li: “Se kibò li ye?” Epi Tsiba te di a wa a: “Gade byen, li nan kay Makir a, fis Ammiel la nan Lodebar.”
5 So King David sent and had him brought from Machir son of Ammiel's house in Lo-debar. Epi Wa David te voye mennen li soti lakay Makir, fis a Ammiel la nan Lodebar.
6 When Mephibosheth son of Jonathan, son of Saul, came to David, he fell facedown and bowed low. David said, "Mephibosheth!" "Your servant," he replied. Méphiboscheth, fis a Jonathan an, fis a Saül, te vini a David. Li te tonbe sou figi li bese atè nèt. Epi David te di: “Méphiboscheth?” Epi li te di: “Men mwen, sèvitè ou!”
7 "Don't be afraid," David said to him, "for I'll surely show you kindness for your father Jonathan's sake. I'll give back all your grandfather Saul's land, and you'll always eat at my table." David te di li: “Pa pè, paske anverite, mwen va montre ou ladousè pou koz papa ou, Jonathan, e mwen va restore a ou menm tout tè a granpapa ou, Saül. Epi, konsa, ou va manje tout tan sou tab mwen.”
8 Mephibosheth bowed and said, "What is your servant, that you'd notice a dead dog like me?" Ankò, li te bese atè, e te di: “Se kisa ke sèvitè ou ye pou ou ta dwe gade yon chen mouri tankou mwen?”
9 Then the king summoned Ziba, Saul's servant: "I have given your master's grandson everything that belonged to Saul and all his household. Konsa, wa a te rele sèvitè a Saül la, Tsiba. Li te di li: “Tout sa ki te pou Saül ak pou lakay li yo, mwen te vin bay yo a gran pitit a mèt ou a.
10 You, your sons, and your servants are to farm the land for him and bring in the harvest, so your master's grandson has food to eat. But Mephibosheth, your master's grandson, will always eat at my table." Ziba had fifteen sons and twenty servants. Ou menm avèk fis ou yo avèk sèvitè ou yo va kiltive tè a pou li, e ou va rekòlte jis pou pitit a mèt ou a kapab genyen manje. Sepandan, Méphiboscheth, gran fis a mèt ou a, va manje tout tan sou tab mwen.” Alò, Tsiba te gen kenz fis ak ven sèvitè.
11 Ziba told the king, "I will do all my lord the king commands." So Mephibosheth ate at David's table like one of the king's sons. Epi Tsiba te di a wa a: “Selon tout sa ke mèt mwen, wa a, kòmande sèvitè li a, konsa sèvitè ou a va fè.” Konsa, Méphiboscheth te manje sou tab David la, tankou youn nan fis a wa yo.
12 Mephibosheth had a young son named Mica, and everyone in Ziba's household served Mephibosheth. Méphiboscheth te gen yon jèn fis ki te rele Mica. Epi tout sila ki te rete lakay Tsiba yo te sèvitè a Méphiboscheth.
13 Mephibosheth lived in Jerusalem, because he always ate at the king's table; and he was lame in both feet. Konsa, Méphiboscheth te rete Jérusalem, paske li te manje sou tab a wa a tout tan. Alò, li te kokobe nan toude pye li.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]