Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

2 Samuel 10 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Later, the king of the Ammonites died, and his son Hanun became king in his place. Li te vin rive apre ke wa a Amoreyen an te mouri e Hanun, fis li a, te devni wa nan plas li.
2 David said, "I'll show kindness to Hanun son of Nahash, as his father showed kindness to me." So he sent servants to console him over his father's death. But when David's servants reached Ammonite territory, Konsa, David te di: “Mwen va montre bòn volonte mwen a Hanun, fis a Nachasch la, jis jan ke papa li te montre m bòn volonte a.” Konsa, David te voye kèk nan sèvitè li yo pou konsole li konsènan papa li. Konsa, sèvitè a David yo te rive nan peyi Amonit yo.
3 the Ammonite commanders told Hanun their lord, "Do you really think David honors your father by sending you men to console you? Hasn't David sent his servants to you to explore the city, spy it out, and overthrow it?" Men prens a Amonit yo te di a Hanun, mèt pa yo a: “Èske ou kwè ke David ap onore papa ou akoz li te voye moun konsole ou? Èske David pa t pito voye sèvitè li yo kote ou pou fè ankèt vil la, pou espyone ak boulvèse li?”
4 Hanun seized David's servants, shaved half of each man's beard, cut their garments off at the hips, and sent them away. Konsa, Hanun te pran sèvitè a David yo, li te pase razwa sou mwatye bab yo, li te koupe manto yo jis rive nan mitan kote kwis yo, e li te voye yo ale.
5 When David was told, he sent messengers to meet them, since the men were deeply ashamed. The king said, "Stay in Jericho till your beards regrow, then return." Lè yo te pale David sa, li te voye rankontre yo, paske mesye yo te imilye anpil. Epi wa a te di: “Rete Jéricho jiskaske bab nou vin pouse e konsa, retounen.”
6 Seeing they had become a stench to David, the Ammonites sent and hired the Arameans of Beth-rehob and the Arameans of Zobah—20,000 foot soldiers—the king of Maacah with 1,000 men, and the men of Tob with 12,000 men. Alò, lè fis a Ammon yo te wè ke yo te vin rayisab devan David, fis a Ammon yo te voye anplwaye Siryen yo Beth-Rehob e Siryen yo a Tsoba, ven-mil sòlda a pye, wa Macca avèk mil lòm e mesye a Tob yo avèk douz-mil lòm.
7 On hearing this, David sent Joab with the entire army of fighting men. Lè David te tande sa, li te voye Joab avèk tout lame mesye vanyan yo.
8 The Ammonites came out and formed battle lines at the entrance to the city gate, while the Arameans of Zobah and Rehob and the men of Tob and Maacah stood apart in the open field. Fis a Ammon yo te vin parèt. Yo te ranje yo nan chan batay la devan antre vil la, pandan Siryen a Tsoba yo avèk Rehob, mesye a Tob yo avèk Maaca pou kont yo te nan chan an.
9 Joab saw that the battle lines faced him on both front and back, so he chose some of Israel's best and lined them up against the Arameans. Alò, lè Joab te wè ke batay la te ranje kont li pa devan kon pa dèyè, li te seleksyone pami mesye pi chwazi an Israël yo pou te ranje yo kont Siryen yo.
10 He put the rest under his brother Abishai's command, to line up against the Ammonites. Men rès nan pèp la, li te plase yo nan men Abischaï, frè li a e li te ranje yo kont fis Ammon yo.
11 Joab said, "If Aram overpowers me, rescue me; if the Ammonites overpower you, I'll rescue you. Li te di: “Si Siryen yo twò fò pou mwen, alò, ou va ban m sekou; men si fis a Ammon yo twò fò pou ou, alò, mwen va vin ede ou.
12 Be strong, let's be courageous for our people and our Father's cities. May our Father do what seems good to him." Pran kouraj e kite nou parèt ak tout fòs nou pou koz a pèp nou an e pou vil Bondye pa nou an. Ke SENYÈ a kapab fè sa ki bon nan zye Li.”
13 Then Joab and the troops with him advanced to fight the Arameans, and they fled before him. Konsa, Joab avèk moun ki te avèk li yo te rapwoche nan batay la kont Siryen yo e yo te sove ale devan yo.
14 When the Ammonites saw the Arameans flee, they too fled before Abishai and entered the city. So Joab withdrew from the Ammonites and came to Jerusalem. Lè fis a Ammon yo te wè ke Siryen yo te sove ale, yo osi te sove ale devan Abischaï e te antre nan vil la. Alò, Joab te retounen sispann goumen kont fis a Ammon yo pou te rive kote Jérusalem.
15 When the Arameans saw that they had been routed by Israel, they regrouped. Lè Siryen yo te wè ke yo te fin bat pa Israël, yo te vin rasanble ansanm.
16 Hadadezer summoned the Arameans beyond the Euphrates; they came to Helam, with Shobach, commander of Hadadezer's army, leading them. Epi Hadarézer te voye chache Siryen ki te pi lwen Rivyè Euphrate la pou yo te vini Hélam. Schobac, Kòmandan a lame a Hadarézer a te sou tèt yo.
17 When David heard, he gathered all Israel, crossed the Jordan, and reached Helam. The Arameans lined up against David and fought him. Alò, lè sa te pale a David, li te rasanble tout Israël ansanm e te travèse Jourdain an pou te rive vè Hélam. Konsa, Siryen yo te alinye yo pou rankontre David e te goumen kont li.
18 But the Arameans fled before Israel. David killed 700 of their charioteers and 40,000 horsemen, then struck down Shobach, their army commander, who died there. Men Siryen yo te sove ale devan Israël. David te touye sèt-san mèt a cha Siryen, karant-mil chevalye e te frape fè desann Schobac, kòmandan lame pa yo a, e li te mouri la.
19 When all Hadadezer's vassal kings saw they were defeated by Israel, they made peace with Israel and served them. So the Arameans were afraid to help the Ammonites again. Lè tout wa yo, sèvitè a Hadarézer yo te wè ke yo te pèdi devan Israël, yo te fè lapè avèk Israël pou te sèvi yo. Konsa, Siryen yo te vin gen krent pou ede fis a Ammon yo ankò.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]