Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

2 Samuel 11 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 At spring, when kings march out to war, David sent Joab, his men, and all Israel. They destroyed the Ammonites and besieged Rabbah. But David stayed in Jerusalem. Alò, li te fèt pandan prentan an, lè ke wa yo konn sòti batay, ke David te voye Joab, ansanm avèk sèvitè li yo ak tout Israël. Yo te detwi fis a Ammon yo e yo te fè syèj nan Rabba, men David te rete Jérusalem.
2 One evening David got up from his bed and walked on the roof of the king's house. From there he saw a woman bathing; she was very beautiful. Epi lè lannwit te vin rive, David te leve nan kabann li. Li te mache antoure twati kay wa a, soti nan twati a, li te wè yon fanm ki t ap benyen. Epi fanm nan te byen bèl nan aparans li.
3 David sent to ask about the woman. Someone said, "Isn't this Bathsheba, daughter of Eliam, wife of Uriah the Hittite?" Konsa, David te voye mande konsèy sou fanm sa a. Epi youn te di: “Èske sa se pa Bath-Schéba, fis a Éliam nan, fanm a Urie a, Itit la?”
4 David sent messengers and took her. She came to him, and he slept with her—she had just purified herself from her uncleanness—and she returned home. David te voye mesaje pran li. Lè li te parèt kote li, li te kouche avèk li ( paske li te fin pirifye tèt li de salte a). Epi li te retounen lakay li.
5 The woman conceived, and she sent word to David: "I am pregnant." Fanm nan te vin ansent. Li te voye di David: “Mwen ansent.”
6 David sent word to Joab: "Send me Uriah the Hittite." Joab sent Uriah to David. Konsa, David te voye kote Joab. Li te di: “Voye ban mwen Urie, Itit la.” Konsa, Joab te voye Urie kote David.
7 When Uriah came to him, David asked about Joab, the troops, and how the war was going. Lè Urie te vin kote li, David te mande pa sikonstans a Joab avèk tout pèp la ak jan lagè a te mache a.
8 David told Uriah, "Go down to your house and wash your feet." Uriah left the palace, and the king sent a gift after him. Alò, David te di a Urie: “Desann lakay ou pou lave pye ou.” Epi Urie te desann sòti lakay wa, a e yon kado soti nan men wa a te voye ba li.
9 Uriah slept at the entrance of the king's house with all his lord's servants, and did not go down to his house. Men Urie te dòmi kote pòt lakay wa a avèk tout sèvitè a mèt li yo. Li pa t desann lakay li.
10 Told that Uriah had not gone home, David asked him, "Haven't you come from a journey? Why didn't you go home?" Alò, lè yo te di David: “Urie pa t desann lakay li,” David te di a Urie: “Èske ou pa t fenk fin fè yon vwayaj? Poukisa konsa ou pa t desann lakay ou?”
11 Uriah said to David, "The ark, Israel, and Judah are staying in tents, and my lord Joab and my lord's men are camped in the open field. Should I go home to eat, drink, and sleep with my wife? As you live, and as your soul lives, I won't do this." Urie te di a David: “Lach la menm avèk Israël avèk Juda ap rete nan tant yo; epi mèt mwen, Joab avèk sèvitè a mèt mwen yo ap fè kan nan chan louvri. Konsa, kijan mwen kapab ale lakay mwen pou manje bwè e kouche avèk madanm mwen? Pa lavi ou ak lavi nanm ou menm, mwen p ap fè bagay sa a.”
12 David told Uriah, "Stay here today too, and tomorrow I'll send you back." So Uriah stayed in Jerusalem that day and the next. Alò, David te di a Urie: “Rete isit la jodi a tou e demen mwen va kite ou ale.” Konsa, Urie te rete Jérusalem nan jou sa a ak pwochen jou a.
13 David invited him, and he ate and drank with him, and David got him drunk. But that evening Uriah went out to sleep on his mat with his lord's servants; he did not go home. Alò David te rele li, li te manje bwè devan li e li te fè li sou. Epi nan aswè, li te sòti pou kouche sou kabann li avèk sèvitè a mèt li yo, men li pa t desann lakay li.
14 In the morning David wrote a letter to Joab and gave it to Uriah to deliver. Alò, nan maten, David te ekri yon lèt a Joab pou te voye li nan men Urie.
15 He wrote in the letter: "Put Uriah at the front where the fighting is fiercest, then pull back from him, so he's struck down and dies." Li te ekri nan lèt la, e te di: “Mete Urie pa devan nan chan kote batay la pi rèd la e retounen kite li, pou l kab tonbe mouri.”
16 While Joab besieged the city, he stationed Uriah where he knew the strongest defenders were. Konsa, se te pandan Joab t ap veye vil la, ke li te mete Urie nan plas kote li te konnen lènmi an te gen mesye vanyan yo.
17 The city's men came out and fought Joab, and some of David's servants fell. Uriah the Hittite also died. Mesye vil yo te sòti goumen kont Joab, kèk nan moun pami sèvitè a David yo te tonbe. Epi Urie, Itit la te mouri tou.
18 Then Joab sent word and told David all the news of the battle. Alò, Joab te voye bay rapò a David selon tout evenman lagè a.
19 He instructed the messenger, "When you have finished telling the king all the news of the battle, Li te kòmande mesaje a, e te di: “Lè ou fin pale tout afè lagè yo a wa a,
20 if the king's anger flares up and he asks, 'Why did you fight so close to the city? Didn't you know they'd shoot from the wall? epi li vin rive ke kòlè leve nan wa a e li di ou: ‘Poukisa ou te pwoche pre vil la konsa pou goumen? Èske ou pa t konnen ke yo ta tire soti sou miray la?
21 Who killed Abimelech son of Jerubbesheth? Didn't a woman throw an upper millstone on him from the wall so he died at Thebez? Why did you go so near the wall?'—then say, Your servant Uriah the Hittite is also dead." Se kilès ki te frape Abimélec, fis a Jerubbéscheth la? Èske se pa yon fanm ki te jete yon wòch moulen sou li soti nan miray ki fè l mouri Thébets la? Poukisa ou te pwoche pre miray la?’ epi ou va di: ‘Sèvitè ou a Urie, Itit la, te mouri tou.’”
22 So the messenger set out, arrived, and told David all Joab had sent him to say. Konsa, mesaje a te pati pou te vin bay rapò a David, de tout sa ke Joab te voye li pale yo.
23 The messenger told David, "The men overpowered us and came out against us in the field, but we drove them back to the gate entrance. Mesaje a te di a David: “Mesye yo te genyen sou nou e te sòti kont nou nan chan an; men nou te peze yo rèd jis rive nan antre pòtay la.
24 The archers shot at your servants from the wall, and some of the king's servants died. Your servant Uriah the Hittite is dead too." Anplis, mesye banza yo te tire sou sèvitè ou yo soti nan miray la. Konsa, kèk nan sèvitè ou yo mouri, e sèvitè ou a, Urie, Etyen an mouri osi.”
25 David told the messenger, "Tell Joab: 'Don't let this trouble you, for the sword devours one as well as another. Attack the city harder and destroy it.' Encourage him." Alò David te di a mesaje a: “Konsa ou va pale Joab, ‘Pa kite bagay sa a fè ou mal, paske nepe a devore youn menm jan ke yon lòt. Fè batay ou kont vil la vin pi rèd pou boulvèse li’. Se konsa pou ankouraje li.”
26 When the wife of Uriah heard that Uriah her husband was dead, she mourned for her husband. Alò, lè madanm a Urie te tande ke Urie, mari li a, te mouri, li te kriye pou mari li.
27 When the mourning ended, David sent for her, brought her home, and she became his wife and bore him a son. But what David had done was evil in the eyes of our Father. Lè tan kriye a te fini, David te voye mennen li lakay li, li te devni madanm li, e li te fè yon fis pou li. Men bagay ke David te fè a te mal nan zye SENYÈ a.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]