Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

2 Samuel 12 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Our Father sent Nathan to David. He came and said, "Two men lived in a certain city, one rich, one poor. Alò, SENYÈ a te voye Nathan kote David. Li te vin kote li e te di: “Te genyen de mesye nan yon vil, youn te rich e lòt la te pòv.
2 The rich man had very many flocks and herds, Nonm rich la te gen anpil bann mouton avèk twoupo,
3 but the poor man had only one little ewe lamb he had bought. He raised it, and it grew up with him and his children. It ate from his plate, drank from his cup, lay in his arms; it was like a daughter to him. men pòv la, pa t gen anyen sof ke yon sèl ti mouton femèl, ke li te achte e li te nouri. Konsa, li te vin gran ansanm avèk li menm avèk pitit li yo. Li ta manje nan pen li, bwè nan tas li, kouche sou vant li e se te tankou yon fi pou li.
4 A traveler came to the rich man, but he would not take from his own flock or herd to feed the guest who had come. So he took the poor man's ewe lamb and prepared it for the man who had come to him." Alò, yon vwayajè te vin kote nonm rich la e li pa t dakò retire nan pwòp bann mouton ak twoupo pa li yo, pou fè pwovizyon pou li. Sof ke sa, li te pran mouton femèl a pòv sila pou prepare pou nonm ki te rive kote li a.”
5 David burned with great anger at the man and told Nathan, "As our Father lives, the man who did this deserves to die! Alò, kòlè a David te brile fò kont nonm nan, e li te di a Nathan: “Jan SENYÈ a viv la, anverite, mesye ki te fè sa a merite lanmò.
6 He must repay the lamb four times over, because he did this and had no pity." Fòk li bay rekonpans pou ti mouton an kat fwa; paske li te fè bagay sa a san pitye.”
7 Then Nathan said to David, "You are the man! This is what our Father, the God of Israel, says: I anointed you king over Israel, and I rescued you from Saul's power. Alò, Nathan te di David: “Mesye a se ou menm! Konsa di SENYÈ a, Bondye a Israël la: ‘Se Mwen ki te onksyone ou kòm wa sou Israël e se mwen ki te delivre ou soti nan men a Saül.
8 "I gave you your master's house and his wives into your arms, and the house of Israel and Judah. And had this been too little, I would have given you much more. Se Mwen menm tou ki te ba ou lakay mèt ou a ak madanm a mèt ou yo pou ou ta pran swen e Mwen te ba ou lakay Israël la avèk Juda. Epi si sa te twò piti, mwen t ap menm ajoute ba ou ankò anpil lòt bagay tankou sila yo!
9 Why have you despised my word, doing evil in my sight? You struck Uriah the Hittite with the sword, took his wife as your own, and killed him with the sword of the Ammonites. Poukisa ou te meprize pawòl SENYÈ a e fè mal devan zye Li? Ou te fè tonbe Urie, Itit la avèk nepe, ou te pran madanm li kòm madanm ou e ou te touye li avèk nepe a fis Ammon yo.
10 So now the sword will never leave your house, because you despised me and took the wife of Uriah the Hittite as your own. Koulye a, pou sa, nepe p ap janm kite lakay ou, akoz ou te meprize Mwen e te pran madanm a Urie, Itit la pou devni madanm ou.’
11 This is what our Father says: I will bring disaster on you from your own house. Before your eyes I will take your wives, give them to a man close to you, and he will lie with them in broad daylight. “Konsa pale SENYÈ a: ‘Gade byen, Mwen va fè leve mal kont ou soti nan pwòp kay ou. Mwen va menm pran madanm ou yo devan zye ou e bay a zanmi parèy ou e li va kouche avèk madanm ou yo gwo lajounen.
12 You did this in secret, but I will do this thing before all Israel, in broad daylight." Anverite, ou te fè l an sekrè; men Mwen va fè bagay sa a devan tout Israël ak anba solèy la.’”
13 David told Nathan, "I have sinned against our Father." Nathan replied, "Our Father has also removed your sin; you will not die." Epi David te di a Nathan: “Mwen te peche kont SENYÈ a.” Nathan te di a David: “SENYÈ a, anplis, te retire peche ou; ou p ap mouri.
14 But because you have shown deep contempt for our Father by this deed, the son born to you will die. Malgre sa, akoz zak sa a, ke ou te bay okazyon a lènmi a SENYÈ yo pou fè blasfèm, pitit la ki va fèt a ou menm nan va anverite, mouri.”
15 Then Nathan went home. And our Father struck the child Uriah's wife had borne to David, and he became gravely ill. Konsa, Nathan te ale lakay li. Epi SENYÈ a te frape pitit ke vèv Urie te fè pou David la, jiskaske li te vin byen malad.
16 David pleaded with our Father for the boy. He fasted, went in, and spent the nights lying on the ground. Pou sa, David te mande Bondye pou pitit la. Li te fè jèn e li te ale kouche tout nwit lan atè.
17 The elders of his household stood beside him to lift him from the ground, but he refused and would not eat with them. Ansyen lakay li yo te kanpe akote li pou leve li atè a, men li pa t dakò e li pa t manje avèk yo.
18 On the seventh day the child died. David's servants feared telling him the child was dead, for they said, "While the child lived, we spoke to him and he wouldn't listen. How can we say the child is dead? He may harm himself." Konsa, li te vin rive nan setyèm jou a ke pitit la te vin mouri. Epi sèvitè a David yo te krent pou di l ke pitit la te mouri, paske yo te di: “Gade byen, pandan pitit la te vivan an, nou te pale avèk li e li pa t tande vwa nou. Konsa, kòman nou kab di li ke pitit la mouri, paske li kab fè tèt li mal?”
19 But David saw his servants whispering and realized the child was dead. So he asked, "Is the child dead?" "He is dead," they said. Men lè David te wè ke sèvitè li yo t ap pale an kachèt ansanm, David te apèsi ke pitit la te mouri. Pou sa, David te di a sèvitè li yo: “Èske pitit la mouri?” Yo te di: “Li mouri.”
20 David got up from the ground, washed, put on oil, and changed his clothes. He went into the house of our Father and worshiped, then went home, and at his request they set food before him, and he ate. Konsa, David te leve soti atè a. Li te lave tèt li, li te onksyone kò l, e li te chanje rad li. Konsa, li te antre lakay SENYÈ a pou te adore. Epi li te vin nan pwòp kay li. Lè li te mande, yo te mete manje devan li pou l te manje.
21 His servants said, "What is this you have done? While the child lived, you fasted and wept; now that he's dead, you get up and eat." Sèvitè li yo te di li: “Se ki bagay sa ou te fè a? Pandan pitit la te vivan an, ou te fè jèn e te kriye, men lè pitit la te mouri, ou te leve pou te manje.”
22 He said, "While the child lived, I fasted and wept, thinking, 'Who knows? Our Father may be gracious to me and let the child live.' Li te di: “Pandan pitit la te vivan an, mwen te fè jèn e te kriye; paske mwen te di: ‘Kilès ki te kab konnen, SENYÈ a ta kab petèt fè m gras, pou pitit la te kab viv.’
23 But now he is dead. Why should I fast? Can I bring him back again? I will go to him, but he won't return to me." Men koulye a, li fin mouri. Poukisa mwen ta fè jèn? Èske mwen kapab fè l retounen ankò? Mwen va ale jwenn li, men li p ap retounen kote mwen.”
24 Then David comforted his wife Bathsheba. He went to her and slept with her, and she bore a son. He named him Solomon. Our Father loved him, Konsa, David te rekonfòte madanm li, Bath-Schéba. Li te antre nan li e li te kouche avèk li. Li te bay nesans a yon fis e li te rele li Salomon. Alò, SENYÈ a te renmen li.
25 and he sent word by Nathan the prophet, who named him Jedidiah, for our Father's sake. Li te voye nouvèl la pa Nathan, pwofèt la e Nathan te rele li Jedidja pou koz SENYÈ a.
26 Meanwhile Joab fought against Rabbah of the Ammonites and captured the royal city. Alò, Joab te goumen kont Rabba, moun nan fis Ammon yo, e li te kaptire vil wayal la.
27 Joab sent messengers to David: "I have fought Rabbah and captured its water supply. Joab te voye mesaje yo a David. Li te di: “Mwen te goumen kont Rabba e te kaptire vil dlo yo.
28 Now gather the rest of the army, lay siege to the city, and take it. Otherwise I will take it, and it will be named after me." Pou sa, rasanble rès pèp la, e fè kan kont vil la oswa, ma pran pou kont mwen pou l gen non pa m nan.”
29 David gathered the whole army, marched on Rabbah, attacked it, and took it. Konsa, David te rasanble tout pèp la pou te ale Rabba. Li te goumen kont li e te kaptire li.
30 He took the crown from their king's head—about seventy-five pounds of gold set with a precious stone—and it went on David's head. He carried off great plunder from the city. Li te pran kouwòn a wa pa yo a soti nan tèt li. Li te peze yon talan (anviwon trann-kat kilo) an lò, e ladann yon kantite pyè presye. Yo te mete li sou tèt David. Epi li te mennen piyaj la deyò vil la an gran kantite.
31 He brought out the people there and set them to work with saws, iron picks, and iron axes, and put them to labor at the brick kilns. So he did to all the Ammonite cities. Then David and all the army returned to Jerusalem. Anplis, li te mennen moun ki te ladann l deyò. Li te fè yo travay ak si, avèk pikwa, ak rach an fè, e te fè yo travay nan fou brik. Se konsa li te fè a tout vil ki te pou fis Ammon yo. Epi David avèk tout moun li yo te retounen Jérusalem.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]