Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

2 Samuel 13 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 After this, Absalom son of David had a beautiful sister named Tamar, and David's son Amnon loved her. Pi tà, apre sa Absalom, fis a David la te gen yon sè byen bèl ki te rele Tamar e Amnon, fis a David la te renmen li.
2 Amnon was so distressed over his sister Tamar he made himself sick; she was a virgin, and he saw no way to get near her. Amnon te tèlman fristre akoz sè li, Tamar, ke sa te fè li vin malad, paske li te vyèj e li te sanble difisil pou Amnon fè yon bagay ak li.
3 Amnon had a friend named Jonadab, son of David's brother Shimeah; Jonadab was very shrewd. Men Amnon te gen yon zanmi ki te rele Jonadab, fis a Schimea a, frè David. Epi Jonadab te yon nonm byen rize.
4 He asked Amnon, "Why so haggard morning after morning, son of the king? Won't you tell me?" Amnon said, "I love Tamar, sister of my brother Absalom." Li te di li: “O fis a wa a, poukisa ou deprime maten apre maten konsa? Èske ou p ap di m sa?” Epi Amnon te di li: “Mwen tonbe nan renmen avèk Tamar, sè a frè m nan, Absalom.”
5 "Lie in bed and act sick," Jonadab said. "When your father comes to see you, tell him, 'Please let my sister Tamar feed me. Let her make the meal where I can watch, so I eat from her hand.'" Alò, Jonadab te di li: “Kouche sou kabann ou e fè kòmsi ou malad. Lè papa ou vin wè ou, di li: ‘Souple, kite sè m nan, Tamar vin ban m manje. Kite li prepare manje a devan zye m, pou mwen kapab wè li e manje manje a soti nan men li.’”
6 Amnon lay down and faked illness. When the king came to see him, Amnon said, "Let my sister Tamar come make two cakes for me to watch, so I can eat from her hand." Konsa, Amnon te kouche e te fè tankou li te malad. Lè wa a te vin wè li, Amnon te di a wa a: “Souple, kite sè m nan, Tamar vini fè kèk gato devan zye m, pou m kab manje nan men li.”
7 David sent word to Tamar at the palace: "Go to your brother Amnon's house and make him food." Alò, David te voye lakay pou Tamar. Li te di: “Ale koulye a lakay frè ou a, Amnon e prepare manje pou li.”
8 Tamar went to her brother Amnon's house, where he lay. She took dough, kneaded it, shaped cakes in front of him, and baked them. Konsa, Tamar te ale lakay Amnon pandan li te kouche a. Li te pran boul pen an, li te fwote l, li te fè gato devan zye li e te kwit gato yo.
9 She took the pan and served him, but he refused to eat. "Send everyone out," Amnon said. So everyone left him. Li te pran chodyè a pou te lonje mete yo devan li, men li te refize manje. Epi Amnon te di: “Fè tout moun sòti devan m.” Konsa tout moun te sòti devan li.
10 Amnon told Tamar, "Bring the food into the bedroom, so I may eat from your hand." Tamar took the cakes she had made and brought them to her brother Amnon in the bedroom. Alò, Amnon te di a Tamar: “Mennen manje a nan chanm dòmi mwen an, pou m kab manje li nan men ou.” Konsa, Tamar te pran gato ke li te fè yo e te mennen yo antre nan chanm dòmi kote frè li a, Amnon.
11 As she brought them near to eat, he grabbed her: "Come, sleep with me, my sister." Lè li te mennen kote li pou manje, Amnon te kenbe li e te di li: “Vin kouche avè m, sè mwen.”
12 "No, my brother!" she said. "Don't force me. Such a thing is never done in Israel. Don't do this disgraceful thing. Men li te reponn li: “Non, frè mwen, pa vyole mwen! Paske bagay konsa yo pa fèt an Israël. Pa fè dega sila a!
13 And I—where could I take my shame? And you—you'd be like one of Israel's contemptible fools. Please, speak to the king; he won't keep me from you." Pou mwen menm, kote mwen ta kab livre a wont sa a? Epi pou ou menm, ou va tankou yon moun ranpli avèk foli an Israël. Pou sa, souple, pale avèk wa a, paske li p ap anpeche ou pran m.”
14 But he refused to listen; being stronger than she, he forced her and had relations with her. Sepandan, li pa t koute li. Akoz Amnon te pi fò pase li, li te vyole li, e te kouche avèk li.
15 Then Amnon hated her with intense hatred—greater than the love he had felt for her. "Get up and get out!" he said to her. Epi Amnon te vin rayi li avèk yon trè gwo rayisman. Rayisman avèk sila li te rayi li a te pi gran pase renmen avèk sila li te renmen li an. Amnon te di li: “Leve, sòti!”
16 "No," she said, "sending me away is a worse wrong than what you already did to me." But he refused to listen. Men li te di a li: “Non, paske mal sa a ke w ap fè nan voye m ale a pi mal pase lòt ke ou te fè m nan!” Men li pa t koute li.
17 He called his attendant and said, "Get this woman out of here, and bolt the door behind her." Alò, li te rele jennonm ki t ap okipe li a, e te di: “Koulye a, jete fanm sa deyò prezans mwen e kadnase pòt la dèyè l.”
18 She wore a long decorated robe, the dress of the king's virgin daughters back then. His attendant put her out and bolted the door behind her. Alò, li te genyen yon rad avèk manch long, paske se te konsa fi vyèj a wa yo te konn abiye an manto. Epi sèvitè l te mennen Tamar deyò e te kadnase pòt la dèyè li.
19 Tamar put ashes on her head and tore the long ornamented robe she wore. She put her hand on her head and went off, crying aloud as she went. Tamar te mete sann yo sou tèt li e te chire manch long yo nan rad sou li a. Li te mete men li sou tèt li, li te sòti e t ap kriye fò pandan li prale a.
20 Her brother Absalom said, "Has Amnon your brother been with you? Stay quiet now, my sister; he is your brother. Don't take this to heart." So Tamar lived as a desolate woman in her brother Absalom's house. Alò, Absalom, frè li a te di li: “Èske Amnon, frè ou a te avèk ou? Men koulye a, rete an silans, sè mwen, li se frè ou. Pa mete afè sa a sou kè.” Pou sa, Tamar te rete e te dezole lakay Absalom, frè li a.
21 When King David heard all about this, he was furious. Alò, lè David te tande tout koze sila yo, li te vin byen fache.
22 Absalom said nothing to Amnon, good or bad, for he hated him for violating his sister Tamar. Men Absalom pa t pale ak Amnon anyen, ni bon, ni mal; paske Absalom te rayi Amnon akoz li te vyole sè li a, Tamar.
23 Two full years later Absalom had sheepshearers at Baal-hazor near Ephraim, and invited all the king's sons. Alò, li te vin rive apre dezan nèt ke Absalom te gen moun pou taye lenn mouton Baal-Hatsor ki toupre Ephraïm, e Absalom te envite tout fis a wa yo.
24 Absalom went to the king: "Your servant has shearers. Will the king and his servants join me?" Absalom te vin kote wa a e te di: “Gade byen, sèvitè ou a genyen moun k ap taye lenn mouton. Souple, kite wa a avèk sèvitè li yo ale avèk sèvitè ou.”
25 "No, my son," the king told Absalom, "we shouldn't all go, or we'd burden you." Though Absalom urged him, he would not go but blessed him. Men wa a te di a Absalom: “Non, fis mwen, se pa tout moun ki pou ale, paske nou va yon fado pou ou.” Malgre li te ankouraje li, li pa t ale, men li te beni li.
26 Absalom said, "If not, please let my brother Amnon come with us." "Why should he go with you?" the king asked. Alò, Absalom te di: “Si se pa sa, souple kite frè m nan, Amnon, ale avèk nou.” Epi wa a te di li: “Poukisa li dwe ale avèk ou?”
27 But Absalom pressed him, so he let Amnon and all the king's sons go with him. Men lè Absalom te ankouraje li, li te kite Amnon avèk tout fis a wa yo ale avèk li.
28 Absalom ordered his servants, "Watch carefully. When wine makes Amnon merry and I say, 'Strike Amnon down,' kill him. Don't be afraid. Haven't I commanded you myself? Be strong and brave." Absalom te kòmande sèvitè li yo. Li te di: “Gade koulye a, lè kè Amnon kontan avèk diven an, lè mwen di nou: ‘Frape Amnon’, alò, mete li a lanmò. Pa pè! Èske se pa mwen menm ki kòmande nou? Pran kouraj e rete brav.”
29 Absalom's servants did to Amnon as Absalom had ordered. Then all the king's sons rose, each mounted his mule, and fled. Sèvitè a Absalom yo te fè Amnon jis jan ke Absalom te kòmande a. Epi tout fis a wa yo te leve monte milèt pa yo e te sove ale.
30 On the way, David heard: "Absalom has killed all the king's sons; not one is left." Alò, se te pandan ke yo te nan wout la yon rapò te rive kote David ki te di: “Absalom te frape fè tonbe tout fis a wa yo e nanpwen youn nan yo ki te rete.”
31 The king stood, tore his clothes, and lay on the ground; all his servants stood by, clothes torn. Konsa, wa a te leve. Li te chire rad li e te kouche atè, epi tout sèvitè li yo te kanpe akote avèk rad yo chire.
32 But Jonadab son of Shimeah, David's brother, said: "My lord should not think they killed all the young men, the king's sons. Only Amnon is dead. Absalom intended this from the day Amnon violated his sister Tamar. Jonadab, fis a Schimea a, frè David la, te reponn: “Pa kite mèt mwen an sipoze ke yo te mete a lanmò tout jennonm yo, fis a wa yo. Se sèl Ammon ki mouri. Se sa ki te entansyon Absalom. Afè sa a te vin detèmine depi jou ke li te vyole sè li a, Tamar.
33 My lord the king must not take it to heart, thinking all the king's sons are dead. Only Amnon is dead." Alò pou sa, pa kite mèt mwen, wa a, pran rapò sa a a kè, ki vle di ‘tout fis a wa yo mouri’, paske se sèl Amnon ki mouri.”
34 Meanwhile Absalom had fled. The young watchman looked up and saw many people coming down the road on the hillside behind him. Alò, Absalom te sove ale deja. Epi jennonm ki te gadyen an te leve zye li gade e vwala, anpil moun t ap vini soti nan wout la dèyè li akote baz mòn nan.
35 Jonadab said to the king, "Look, the king's sons have come. It's just as your servant said." Jonadab te di a wa a: “Gade byen, men fis a wa yo gen tan vini! Menm jan avèk pawòl sèvitè ou a, se konsa sa fèt.”
36 As he finished speaking, the king's sons arrived weeping loudly; the king and all his servants also wept very bitterly. Depi li fin pale a, vwala, fis a wa yo te vini e te leve vwa yo pou te kriye. Konsa, wa la menm, avèk tout sèvitè li yo te kriye byen anmè.
37 Absalom fled and went to Talmai son of Ammihud, king of Geshur. David mourned for his son day after day. Men Absalom te sove ale e te ale kote Talmaï, fis a Ammihur a, wa a Gueschur a. David te kriye fè lamantasyon pou fis li a chak jou.
38 After Absalom had fled and gone to Geshur, he stayed there three years. Konsa, Absalom te sove ale nan Gueschur e te rete la, pandan twazan.
39 And King David's heart longed to go to Absalom, for he had found comfort after Amnon's death. Wa David te byen vle ale kote Absalom, paske li te pran rekonfò konsènan Amnon, akoz li te mouri.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]