Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

2 Samuel 14 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Now Joab son of Zeruiah realized that the king's heart longed for Absalom. Alò Joab, fis a Tseruja a te vin apèsi ke kè David te apiye anvè Absalom.
2 Joab sent to Tekoa and brought a wise woman from there. He told her, "Please pretend to mourn: wear mourning clothes, don't put on oil, and act like a woman who has mourned the dead many days. Pou sa, Joab te voye kote Tekoa e te fè rive yon fanm avèk sajès soti la. Li te di li: “Souple, fè kòmsi se yon moun ki andèy. Mete sou ou vètman andèy depi koulye a. Pa onksyone ou avèk lwil, men fè tankou yon fanm ki te deja andèy pou mò a soti anpil jou.
3 Go to the king and speak these words to him." Joab put the words in her mouth. Apre, ale kote wa a, e pale avèk li konsa”. Epi Joab te mete pawòl nan bouch li pou pale.
4 The woman of Tekoa came to the king, fell facedown to the ground in homage, and said, "Help, king!" Alò, lè fanm a Tekoa a te pale a wa a, li te vin tonbe sou figi li e te kouche atè nèt, Li te di: “Sekou, O wa.”
5 The king asked her, "What's wrong?" She said, "I am a widow; my husband died. Wa a te di li: “Ki pwoblèm ou?” Li te reponn: “Anverite, se yon vèv ke mwen ye, paske mari mwen mouri.
6 Your servant had two sons. They fought in the field, no one to stop them, and one killed the other. Sèvant ou an gen de fis. Men yo de te goumen nan chan an e yo pa t gen pèsòn pou separe yo. Konsa, youn te frape lòt e te touye li.
7 The whole clan has risen against your servant, saying, 'Hand over the one who struck his brother; we will put him to death for the brother he killed, and destroy the heir too.' They want to put out my last ember, leaving my husband no name or survivor on earth." Koulye a, gade byen, tout fanmi an gen tan leve kont sèvant ou an. Y ap mande m lonje ba yo sila ki te frape frè li a, pou nou kab mete li a lanmò pou lavi a frè l ke li te touye a, e vin detwi eritye a tou. Konsa, yo va etenn sèl chabon limen ki rete a, pou kite mari mwen san non, san rès sou fas tè a.”
8 The king said to the woman, "Go home, and I will issue orders on your behalf." Alò, wa a te di a fanm nan: “Ale lakay ou e mwen va bay lòd pou ou menm.”
9 The woman of Tekoa said to the king, "My lord the king, let the guilt be on me and my father's house; may the king and his throne be innocent." Fanm Tekoa a te di wa a: “O mèt mwen, wa a, inikite a sou mwen avèk lakay papa m; men kite wa a avèk twòn li an pa koupab.”
10 The king said, "Whoever speaks to you, bring him to me—he won't touch you again." Konsa, wa a te di: “Nenpòt moun ki pale avè w, mennen li bò kote m e li p ap touche ou ankò.”
11 She said, "Please let the king remember your Father, so the avenger of blood adds no more to the bloodshed, and my son isn't destroyed." He said, "As our Father lives, not one hair of your son's head will fall to the ground." Alò, li te di: “Souple, kite wa a sonje SENYÈ a, pou vanjè san an pa kontinye detwi, sof ke sa, y ap detwi fis mwen an.” Epi li te di: “Jan SENYÈ a viv la, nanpwen menm yon grenn cheve a fis ou a k ap tonbe atè.”
12 The woman said, "Please let your servant speak a word to my lord the king." He said, "Speak." Alò, fanm nan te di: “Souple kite sèvant ou an pale yon mo ak mèt mwen, wa a.” Li te di: “Pale”.
13 The woman said, "Why then have you planned this against the people of our Father? In saying this, the king condemns himself, since he hasn't brought back his own banished one. Fanm nan te di: “Alò, poukisa ou te fè yon move plan konsa kont pèp Bondye a? Paske nan pale pawòl sila a, se wa a ki koupab, kòmsi wa a pa mennen retounen sila li te ekzile a.
14 We will surely die, like water spilled on the ground that can't be gathered again. But our Father doesn't take life—he plans ways so the banished aren't kept from him. Paske anverite, nou va mouri. Se tankou dlo ki gaspiye atè e ki p ap kab ranmase ankò. Men Bondye pa retire lavi, men toujou fè plan pou sila ki ekzile a pa vin jete deyò nèt de Li menm.”
15 Now I've come to say this to my lord the king because the people frightened me. Your servant thought: Let me speak to the king; perhaps he will grant his servant's request. Alò, rezon pou sila ke m vini pou pale pawòl sa a de mèt mwen an, wa a, se ke pèp la te fè m pè; pou sa sèvant pa ou a te di a: ‘Kite mwen pale avèk wa a. Petèt wa a va akonpli demann lan a sèvant li an.’
16 Perhaps the king will listen and rescue his servant from the hand of the man who would cut off both me and my son from the inheritance of our Father.'" Paske wa a va tande e delivre sèvant li an soti nan men a nonm ki ta detwi ni mwen, ni fis mwen an sou eritaj Bondye a.
17 Your servant thought: "Let my lord the king's word bring rest, for my lord the king is like an angel of our Father, discerning good and evil. May your Father be with you." Alò, sèvant ou an te di: ‘Souple kite pawòl a mèt mwen an, wa a, vin rekonfòte mwen, paske tankou zanj Bondye a, se konsa mèt mwen an, wa a, ye pou distenge sa ki bon avèk sa ki mal. Epi ke SENYÈ a, Bondye pa ou a, kapab avèk ou.’”
18 The king said to the woman, "Don't hide from me anything I ask you." She said, "Let my lord the king speak." Wa a te reponn e te di a fanm nan: “Souple, pa kache pou mwen anyen ke m prè pou mande ou la a.” Epi fanm nan te di: “Kite mèt mwen an, wa a, pale, souple.”
19 The king asked, "Is Joab's hand behind all this?" The woman answered, "As you live, my lord the king, no one can turn right or left from anything my lord the king said. Your servant Joab commanded me; he put all these words in your servant's mouth. Alò, wa a te reponn e te di: “Èske men Joab mele avèk ou nan tout sa?” Epi fanm nan te reponn: “Jan nanm ou viv la, mèt mwen an, wa a, pèsòn pa kab vire ni adwat ni agoch nan anyen ke mèt mwen an, wa a, te pale a. Anverite, se te sèvitè ou a, Joab ki te kòmande mwen. Epi se te li ki te mete tout pawòl sa yo nan bouch sèvant ou an,
20 Your servant Joab did this to change how things look. But my lord is as wise as an angel of our Father, knowing all that is in the land." pou l te kab chanje aparans a bagay yo, sèvitè Joab la te fè bagay sa a. Men mèt mwen an saj, tankou sajès a zanj Bondye a, pou konnen tout sa ki sou tè a.”
21 Then the king said to Joab, "Very well, I will do this. Go, bring back the young man Absalom." Alò, wa a te di Joab: “Gade byen, anverite, mwen va fè bagay sa a. Pou sa, ale mennen fè tounen jennonm nan, Absalom.”
22 Joab fell facedown to the ground, bowed, and blessed the king. "Today your servant knows I have found favor in your eyes, my lord the king," he said, "for the king has granted his servant's request." Joab te tonbe figi atè, kouche nèt e te beni wa a. Epi Joab te di: “Jodi a, sèvitè ou konnen ke li twouve favè nan zye ou, O mèt mwen, wa a, akoz wa a te akonpli demann lan a sèvitè li a.”
23 So Joab got up and went to Geshur and brought Absalom back to Jerusalem. Konsa, Joab te leve ale Gueschur pou te mennen Absalom Jérusalem.
24 The king said, "He must go to his house, but must not see my face." So Absalom went to his house and did not see the king's face. Men wa a te di: “Pa kite li wè figi mwen.” Konsa, Absalom te vire kote pwòp lakay pa li, e li pa t wè figi a wa a.
25 In all Israel no one was praised for beauty like Absalom; from the sole of his foot to the crown of his head, he had no defect. Alò, nan tout Israël, pa t gen lòt moun ki te pi bo ke Absalom, ki te resevwa lwanj tankou li. Soti nan talon pye li jis rive anwo tèt li, pa t gen defo menm.
26 Whenever he shaved his head—he shaved it every year, since it grew heavy on him—he weighed the hair of his head: about five pounds by the royal standard. Lè l te konn taye cheve li (ki te fèt nan fen chak ane ke li te koupe li; paske li te lou sou li e pou sa, li te koupe l), li te peze cheve a tèt li nan pèz de-san sik selon balans a wa a.
27 Three sons were born to Absalom, and a daughter named Tamar. She was a beautiful woman. Pou Absalom te ne twa fis ak yon fi ki te rele Tamar. Se te yon fanm ki te byen bèl.
28 Absalom lived in Jerusalem two full years without seeing the king's face. Alò, Absalom te viv pandan dezan konplè Jérusalem e pa t wè figi a wa a.
29 Absalom sent for Joab to ask him to intercede with the king, but Joab refused to come to him. He sent again, a second time, but Joab still refused to come. Apre, Absalom te voye dèyè Joab, pou l ta voye li kote wa a, men Joab te refize vin kote li. Konsa, li te voye ankò yon dezyèm fwa, men li pa t vini.
30 Absalom told his servants, "Look, Joab's field borders mine, and he has barley there. Go, burn it." So Absalom's servants burned the field. Pou sa, li te pale a sèvitè yo pa li menm: “Gade, chan Joab la akote pa m nan ki gen sereyal lòj. Ale mete dife ladann”. Konsa sèvitè Absalom yo te mete dife nan chan an.
31 Joab got up, went to Absalom's house, and asked, "Why did your servants set my field on fire?" Alò, Joab te leve rive kote Absalom lakay li a. Li te di li: “Poukisa sèvitè ou yo te lage dife nan chan mwen an?”
32 Absalom answered Joab, "I sent you word: 'Come here, so I can send you to ask the king why I came from Geshur—better I'd stayed there.' Now let me see the king's face; if I'm guilty of anything, let him kill me." Absalom te reponn Joab: “Gade, mwen te voye dèyè ou, e mwen te di: ‘Vin isit la pou m kab voye ou kote wa a pou mande l: “Poukisa mwen te kite Gueschur? Li ta pi bon pou mwen si m te toujou la.”’ Pou sa, kite mwen wè figi a wa a, e si gen inikite nan mwen, kite li mete m a lanmò.”
33 Joab went to the king and told him. The king summoned Absalom, who came in and bowed with his face to the ground before him. Then the king kissed Absalom. Konsa, lè Joab te rive kote wa a e te pale li, li te rele Absalom. Konsa, li te rive a wa a e te bese li ba avèk figi li atè devan wa a e wa a te bo Absalom.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]