Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

2 Samuel 15 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Later, Absalom got himself a chariot and horses, with fifty men to run ahead of him. Alò, li te rive apre sa ke Absalom te fè pwovizyon pou tèt li yon cha avèk cheval ak senkant mesye pou kouri devan li.
2 Absalom would rise early and stand beside the road to the gate. Whenever someone with a dispute came to the king for judgment, Absalom would call out, "What city are you from?" The man would answer, "Your servant is from one of the tribes of Israel." Absalom te konn leve granmmaten e kanpe akote chemen an devan pòtay la. Konsa, lè yon moun ta gen yon pwosè, e te vin kote wa a pou jijman, Absalom te rele li e di: “Nan ki vil ou sòti?” Epi li ta di: “Sèvitè ou a sòti nan youn nan tribi Israël yo.”
3 Then Absalom would say to him, "Look, your claims are good and right, but the king has appointed no one to hear you." Alò, Absalom ta di a li: “Ou wè, ka ou yo bon e jis; men nanpwen pèsòn ki pou koute ou nan non a wa a.”
4 Absalom would add, "If only I were appointed judge in the land! Anyone with a dispute or case could come to me, and I'd give him justice." Anplis, Absalom te di: “Oswa ke yon moun ta chwazi mwen jij nan peyi a; alò, konsa chak moun ki te gen yon ka oswa yon pwosè ta kapab vin kote mwen e mwen ta ba li jistis.”
5 Whenever anyone approached to bow before him, Absalom reached out, took hold of him, and kissed him. Epi lè yon mesye ta vin kote li pou bese li menm devan li, li ta lonje men li, kenbe li e bo li.
6 Absalom did this to every Israelite who came to the king for judgment, and so he stole the hearts of Israel. Nan jan sa a, Absalom te konn aji avèk tout Israël lè yo te pwoche wa a pou jijman. Konsa, Absalom te vòlè kè a mesye Israël yo.
7 After four years, Absalom said to the king, "Please let me go to Hebron to fulfill a vow I made to our Father. Alò, li te rive ke nan fen karant ane ke Absalom te di a Wa a: “Souple, kite mwen ale peye ve ke m te fè a SENYÈ a, nan Hébron.
8 For while living at Geshur in Aram I vowed: 'If our Father brings me back to Jerusalem, I will worship him.'" Paske sèvitè ou a te fè yon ve pandan mwen t ap viv Gueschur Aram, e li te di: ‘Si SENYÈ a va vrèman mennen mwen retounen Jérusalem; alò, mwen va sèvi SENYÈ a’”.
9 The king said to him, "Go in peace." So Absalom got up and went to Hebron. Wa a te di li: “Ale anpè.” Konsa, li te leve ale Hébron.
10 Absalom sent secret messengers through all the tribes of Israel: "When you hear the ram's horn, say, 'Absalom reigns in Hebron!'" Men Absalom te voye espyon toupatou pami tout tribi Israël yo. Li te di: “Depi ou tande son a twonpèt la, alò, ou va di: ‘Absalom se wa nan Hébron.’”
11 200 invited men from Jerusalem went with Absalom in all innocence, knowing nothing about the plot. Konsa, de-san mesye yo te ale avèk Absalom soti Jérusalem. Yo te envite; yo te ale nan inosans, san yo pa konnen anyen.
12 As Absalom offered the sacrifices, he sent to Giloh for David's counselor Ahithophel the Gilonite. The conspiracy grew strong, and Absalom's following kept increasing. Epi Absalom te voye pou Achitophel, Gilonit lan, konseye David, soti nan vil pa li nan Guilo, pandan li t ap ofri sakrifis yo. Konplo a te fò, paske moun avèk Absalom yo te kontinye vin plis.
13 A messenger came to David: "Israel's hearts have turned to Absalom." Alò, yon mesaje te vin kote David. Li te di: “Kè a mesye Israël yo avèk Absalom.”
14 David told all the servants with him in Jerusalem, "Get up! We must run, or none of us will escape Absalom. Hurry, or he will soon catch us, ruin us, and strike the city with the sword." Konsa, David te di a tout sèvitè ki te avèk li yo Jérusalem: “Leve e annou sove ale, paske si se pa sa, nanpwen nan nou ki va chape de Absalom. Ale vit, oswa li va rive sou nou byen vit, fè gwo malè rive sou nou e frape vil la avèk lam nepe.”
15 The king's servants answered him, "Whatever my lord the king decides, your servants are ready." Alò, sèvitè a wa yo te di a wa a: “Gade, sèvitè ou yo va fè nenpòt sa ke wa a vle.”
16 So the king left, his whole household following, but left ten concubines to keep the palace. Konsa, wa a te sòti avèk tout manm lakay li avèk li. Men wa a te kite dis nan ti mennaj li yo pou pran swen kay la.
17 The king set out with all the people following him, and they stopped at the last house. Wa a te sòti e tout pèp la avèk li, e yo te rete nan dènye kay la.
18 All his servants passed by beside him, along with all the Cherethites and Pelethites; and all 600 Gittites who had followed him from Gath marched before the king. Alò, tout sèvitè li yo te pase akote li, tout Keretyen yo avèk tout Peletyen yo ak tout Gatyen yo, sis-san moun ki te vini avèk li soti Gath, te pase devan wa a.
19 The king said to Ittai the Gittite, "Why come with us too? Go back and stay with the new king; you're a foreigner, an exile far from your homeland. Alò, wa a te di a Ittaï, Gatyen an: “Poukisa ou ta ale avèk nou tou? Retounen rete avèk wa a; paske ou se yon etranje e yon egzile de pwòp plas ou.
20 You came only yesterday. Should I make you wander with us today, when I don't even know where I'm going? Go back, take your brothers with you. May our Father show you covenant love and faithfulness." Ayè ou te vini e èske, jodi a, mwen ta dwe fè ou mache egare avèk nou pandan mwen prale kote mwen prale a? Retounen reprann frè ou yo. Ke gras avèk verite kapab avèk ou.”
21 Ittai answered the king, "As surely as our Father lives and my lord the king lives, wherever my lord the king is, whether life or death, there your servant will be." Men Ittaï te reponn wa a. Li te di: “Jan SENYÈ a viv la, anverite, nenpòt kote ke mèt mwen an, wa a, ye, kit pou mouri, kit pou viv, se la tou sèvitè ou a va ye.”
22 David told Ittai, "Go, cross over." So Ittai the Gittite crossed over with all his men and all the little ones with him. Pou sa, David te di Ittaï: “Ale, janbe lòtbò.” Konsa Ittaï, Gatyen an te janbe avèk tout mesye pa li yo ak tout pitit ki te avèk li yo.
23 The whole land wept loudly as all the people crossed over. The king crossed the Kidron Valley, and all the people crossed toward the wilderness. Pandan tout peyi a t ap kriye avèk gwo vwa, tout pèp la te pase janbe. Wa a tou te pase janbe flèv Cédron an, e tout pèp la te pase janbe lòtbò vè chemen dezè a.
24 Zadok was there too, with all the Levites carrying the ark of the covenant of our Father. They set down the ark of our Father, and Abiathar offered sacrifices until all the people had finished leaving the city. Alò, gade byen, Tsadok te parèt tou, ansanm avèk tout Levit ki t ap pote lach akò Bondye a. Epi yo te poze lach Bondye a e Abithar te monte la jiskaske tout pèp la te fin kite vil la.
25 The king said to Zadok, "Take the ark of our Father back into the city. If our Father is pleased with me, he will bring me back and let me see it and where he lives again. Wa a te di a Tsadok: “Retounen lach Bondye a nan vil la. Si mwen jwenn favè nan zye Bondye; alò, Li va mennen mwen retounen ankò pou montre mwen a Li menm e a abitasyon pa Li a.
26 But if he says, 'I take no delight in you,' here I am—let him do to me as he sees fit." Men si Li ta di konsa: ‘Mwen pa gen kè kontan avè w’, gade byen, men mwen, kite Li fè sa ki sanble bon pou Li menm.”
27 The king also said to Zadok the priest, "Aren't you a seer? Return to the city in peace, and take your two sons with you—Ahimaaz your son and Jonathan son of Abiathar. Wa a te di osi a Tsadok, prèt la: “Èske se pa yon divinò ke ou ye? Retounen nan vil la anpè, de fis ou yo avèk ou, fis ou Achimaats, avèk Jonathan, fis a Abiathar a.
28 I will wait at the wilderness crossings until word comes from you to inform me." Gade, mwen pral tann nan pasaj dezè a jiskaske pawòl ou rive enfòme mwen.”
29 So Zadok and Abiathar carried the ark of our Father back to Jerusalem and stayed there. Pou sa, Tsadok avèk Abiathar te retounen lach Bondye a Jérusalem e te rete la.
30 David went up the Mount of Olives, weeping as he climbed, his head covered and feet bare. All the people with him covered their heads and climbed, weeping as they went. Epi David te monte pant a Mòn Oliv la. Li t ap kriye pandan li t ap monte, tèt li te kouvri e li te mache pye atè. Alò, nan tout moun ki te avèk li yo, chak moun te kouvri tèt yo e t ap monte avèk gwo kriye pandan yo t ap prale.
31 David was told, "Ahithophel is among the conspirators with Absalom." So David prayed, "our Father, turn Ahithophel's counsel into foolishness." Alò, yon moun te pale David e te di: “Achitophel se pami konplotè avèk Absalom yo.” Epi David te di: “O SENYÈ, mwen priye, redwi a foli tout konsèy a Achitophel la.”
32 When David reached the summit, where worship was offered to our Father, Hushai the Archite was there to meet him, his robe torn and dust on his head. Li te rive pandan David t ap pwoche krèt mòn nan, kote yo adore Bondye a, ke vwala, Huschaï, Achit la, te rankontre li avèk manto li chire ak pousyè sou tèt li.
33 David said to him, "If you come with me, you'll only be a burden to me." David te di li: “Si ou janbe lòtbò avè m; alò, ou va ankonbre m.
34 But if you go back to the city and tell Absalom, 'I will be your servant, my king; as I served your father before, so now I will serve you,' then you can undo Ahithophel's advice for me. Men si ou retounen lavil la e di a Absalom: ‘Mwen va sèvi ou, O wa a. Jan mwen te sèvi papa ou nan tan pase a, konsa, mwen va koulye a, devni sèvitè pa ou’, konsa, ou kapab vin kontrekare konsèy Achitophel la pou mwen.
35 Zadok and Abiathar the priests are there with you. Tell them everything you hear in the king's house. Èske Tsadok avèk Abiathar se pa prèt ki avèk ou la a? Pou sa, nenpòt sa ou tande soti lakay wa a, ou va bay rapò a Tsadok avèk Abaithar, prèt yo.
36 Their two sons are there with them—Zadok's son Ahimaaz and Abiathar's son Jonathan. Send me word through them of all you hear. Gade byen, de fis pa yo a avèk yo la a, Achimaats, fis a Tsadok a e Jonathan, fis a Abaithar a; epi pa yo menm, ou va voye ban mwen tout bagay ke ou tande yo.”
37 So Hushai, David's friend, came into the city just as Absalom was entering Jerusalem. Konsa, Huschaï, zanmi a David la, te antre nan vil la, e Absalom te vini Jérusalem.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]