Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

2 Samuel 16 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 When David had passed a little beyond the summit, Ziba, Mephibosheth's servant, met him with a pair of saddled donkeys carrying 200 loaves, one hundred raisin clusters, one hundred summer fruits, and a skin of wine. Alò, lè David te fin depase krèt la, vwala, Tsiba, sèvitè a Méphiboscheth la te rankontre li avèk yon pè bourik avèk makout. Sou yo, te gen de-san pen, yon santèn grap rezen, yon santèn fwi gran sezon ak yon veso diven.
2 The king asked Ziba, "Why have you brought these?" Ziba said, "The donkeys for the king's household to ride, the bread and summer fruit for the young men to eat, the wine for whoever grows faint in the wilderness to drink." Wa a te di a Tsiba: “Poukisa ou genyen sila yo?” Epi Tsiba te di: “Bourik yo se pou manm lakay wa yo monte, pen avèk fwi gran sezon an se pou jennonm yo manje e diven an se pou nenpòt moun ki fin pèdi fòs nan dezè a kab bwè.”
3 The king asked, "Where is your master's son?" Ziba answered, "He is staying in Jerusalem, for he said, 'Today the house of Israel will return my father's kingdom to me.'" Alò, wa a te di: “Epi kote fis a mèt ou a?” Epi Tsiba te di a wa a: “Men vwala, li rete Jérusalem paske li te di: ‘Jodi a, lakay Israël la va restore wayòm papa m nan a mwen menm.’”
4 The king told Ziba, "Everything Mephibosheth owned is now yours." Ziba said, "I bow before you. May I find favor with you, my lord the king." Konsa, wa a te di a Tsiba: “Men vwala, tout sa ki apatyen a Méphiboscheth se pou ou.” Epi Tsiba te di: “Mwen vin bese devan ou nèt; kite mwen twouve gras nan zye ou, O mèt mwen, wa a!”
5 When King David reached Bahurim, a man from Saul's family, Shimei son of Gera, came out cursing continually. Lè Wa David te rive Bachurim, gade byen, te sòti depi la yon mesye ki sòti nan fanmi Saül ki te rele Schimeï, fis a Guéra a. Li te parèt ak pawòl madichon san rete pandan li t ap pwoche.
6 He threw stones at David and all King David's servants, while all the people and all the mighty warriors were on his right and left. Li te jete wòch sou David, sou tout sèvitè a Wa David yo e tout mesye gran kouraj yo te sou men dwat li ak sou men goch li.
7 As he cursed, Shimei said: "Get out, get out, you man of bloodshed, you worthless man! Konsa, Schimeï te di pandan li t ap voye madichon yo: “Sòti la, sòti la, moun ki vèse san, sanzave!
8 Our Father has returned on you all the blood of Saul's house, in whose place you reigned, and our Father has given the kingdom into the hand of your son Absalom. Now you are caught in your own evil, for you are a man of blood." SENYÈ a gen tan mete sou ou tout san koule lakay Saül, nan plas kote ou te renye a! SENYÈ a te lage wayòm nan nan men fis ou, Absalom. Epi gade, ou pran nan pwòp mechanste ou, paske ou se yon nonm ki vèse san!”
9 Then Abishai son of Zeruiah said to the king, "Why let this dead dog curse my lord the king? Let me go over and cut off his head." Alò, Abischai, fis a Tseruja a te di a wa a: “Poukisa chen mouri sa a ta dwe modi mèt mwen an, wa a? Kite mwen janbe ale koupe tèt li.”
10 But the king said, "What does this concern you, sons of Zeruiah? If he curses because our Father told him, 'Curse David,' who can ask, 'Why have you done this?'" Men wa a te di: “Kisa mwen gen avè w, O fis a Tseruja? Si li bay madichon, e si SENYÈ a te di li ‘Modi David’, alò, se kilès k ap di: ‘Poukisa ou te fè sa?’”
11 David told Abishai and all his servants, "My own son, from my own body, wants to kill me; how much more this Benjamite! Leave him, let him curse, for our Father told him to. Alò, David te di a Abischaï e a tout sèvitè li yo: “Gade, fis mwen ki te sòti nan mwen an koulye a ap chache lavi m. Konbyen anplis pou Benjamit sila a? Kite li e kite li bay madichon, paske SENYÈ a te pale li.
12 Maybe our Father will see my misery and repay me good for today's cursing. Petèt SENYÈ a va gade afliksyon mwen e remete m bon olye madichon pa sila a nan jou sa a.”
13 David and his men went on along the road, while Shimei kept pace on the hillside opposite, cursing as he went, throwing stones at him and flinging dust." Konsa, David avèk mesye pa li yo te fè wout yo. Epi Schimeï te mache akote pant mòn nan vizavi de yo menm. Pandan li t ap prale, li te modi, li te jete wòch, e li te jete pousyè bò kote li.
14 The king and all the people with him arrived weary, and there he refreshed himself. Wa a avèk tout moun ki te avèk li yo te rive byen fatige, e yo te vin rafrechi la.
15 Meanwhile Absalom and all the people, the men of Israel, came to Jerusalem, and Ahithophel was with him. Alò, Absalom avèk tout pèp la, mesye Israël yo te antre Jérusalem e Achitophel avèk li.
16 When Hushai the Archite, David's friend, came to Absalom, Hushai said to Absalom, "Long live the king! Long live the king!" Konsa, li te vin rive lè Huschaï, Akyen an, zanmi a David la te rive kote Absalom, ke Huschaï te di: “Viv wa a! Viv wa a!”
17 Absalom asked Hushai, "Is this your loyalty to your friend? Why didn't you go with your friend?" Absalom te di Huschaï: “Èske sa se fidelite ou pou zanmi ou? Poukisa ou pa t ale avèk zanmi ou an?”
18 Hushai said to Absalom, "No; the one our Father and this people and all Israel's men have chosen—I'll be his, and stay with him. Epi Huschaï te di a Absalom: “Non, paske sila ke SENYÈ a, pèp sa a e tout mesye Israël yo te chwazi a, se pou li menm, mwen va ye, e avèk li menm, mwen va rete.
19 Besides, whom should I serve? Should it not be his son? As I served your father, I'll serve you." Anplis de sa, se kilès pou m ta sèvi? Se pa nan prezans a fis li a? Jis jan ke m te sèvi nan prezans papa ou a, konsa mwen va ye nan prezans pa w.”
20 Then Absalom said to Ahithophel, "Give us your counsel. What should we do?" Alò, Absalom te di a Achitophel: “Ban m konsèy pa w Kisa nou dwe fè?”
21 Ahithophel told Absalom, "Sleep with your father's concubines, whom he left to keep the house. Then all Israel will hear you've made yourself reek to your father, and everyone with you will be strengthened." Achitophel te di a Absalom: “Antre nan ti mennaj papa ou te lese pou okipe kay la; epi tout Israël va tande ke ou te fè tèt ou rayisab a papa ou. Anplis, men a tout sila ki avèk ou yo va vin ranfòse.”
22 So they pitched a tent for Absalom on the roof, and he slept with his father's concubines before all Israel. Konsa yo te monte yon tant anwo tèt kay la, epi Absalom te antre nan relasyon seksyèl ak tout konkibin papa l yo, devan zye a tout Israël.
23 Back then Ahithophel's counsel was like consulting our Father directly; both David and Absalom regarded all his counsel that way. Konsèy a Achitophel te konn bay nan jou sa yo te konsidere tankou si yon moun te mande konsèy a pawòl Bondye. Se te konsa tout konsèy Achitophel te ye pou David ak Absalom.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]