Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

2 Samuel 17 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Then Ahithophel said to Absalom, "Let me pick 12,000 men and set out tonight after David. Anplis, Achitophel te di a Absalom: “Souple, kite mwen chwazi douz-mil òm pou m kab leve kouri dèyè David aswè a menm.
2 I will attack him while he is weary and weak, panic him, and all his people will flee; then I will strike down only the king. Mwen va vini sou li pandan li fatige e bouke e fè l vin sezi pou tout moun ki avèk li yo kouri ale. Konsa, se sèl wa a mwen va frape touye,
3 I will bring all the people back to you. The one man you seek—his death means everyone returns, and all the people will be at peace." epi mwen va fè retounen tout moun yo a ou menm. Retou a tout moun yo depann de nonm ou chache a; answit, tout pèp la va anpè.”
4 This plan seemed good to Absalom and all the elders of Israel. Konsa, plan an te fè Absalom avèk tout ansyen Israël yo kontan.
5 Absalom said, "Call Hushai the Archite too, and let's hear what he also says." Alò, Absalom te di: “Alò, rele Huschaï, Akyen an tou e annou tande sa ke li gen pou di.”
6 When Hushai came to him, Absalom said, "Ahithophel advised this. Should we do what he says? If not, you speak." Lè Huschaï te rive a Absalom, Absalom te di li: “Achitophel te pale konsa. Èske nou dwe fè plan pa li a? Si se pa sa, pale.”
7 Hushai said to Absalom, "The counsel Ahithophel has given is not good this time. Konsa, Huschaï te di a Absalom: “Fwa sa a, konsèy ke Achitophel te bay la, pa bon.”
8 Hushai added, "You know your father and his men—fierce warriors, like a bear robbed of her cubs in the field. Your father is a seasoned fighter; he won't sleep with the troops." Anplis, Huschaï te di: “Ou konnen papa ou avèk mesye pa li yo se mesye plen kouraj e fewòs, tankou yon lous ki pèdi pitit li nan chan. Epi papa ou gen gwo eksperyans lagè e li p ap pase nwit lan avèk pèp la.
9 Even now he's hidden in a pit or elsewhere. If some of your men fall first, whoever hears will say, 'Absalom's men have been slaughtered!' Gade byen, depi koulye a, li gen tan kache nan youn nan kavèn yo oswa nan yon lòt plas; epi li va rive ke lè li tonbe sou yo nan premye atak la, ke nenpòt moun ki tande va di: ‘Gen yon masak ki fèt pami moun ki swiv Absalom yo.’
10 Then even the bravest, whose heart is a lion's heart, will melt with fear, for all Israel knows your father is a warrior and those with him are brave. Epi menm sila ki gen gwo kouraj yo, ki gen kè tankou kè a lyon yo, va vin pèdi kouraj nèt; paske tout Israël konnen ke papa ou se yon nonm pwisan e sila ki avèk li yo se mesye vanyan.
11 So here is my counsel: gather all Israel to you, from Dan to Beersheba, as many as the sand by the sea, and go into battle yourself. Men konsèy pa m se ke tout Israël vin, anverite, rasanble bò kote ou, soti nan Dan jis rive nan Beer-Schéba, tankou sab bò lanmè an gran kantite, e ke ou menm, pèsonèlman antre nan batay la.
12 We'll reach him wherever he is, settle on him like dew on the ground, and leave alive neither him nor any of his men. Konsa, nou va vini sou li nan plas kote li kapab twouve yo, nou va tonbe sou li tankou lawouze tonbe atè; epi konsènan li avèk tout mesye ki avèk li yo, p ap gen menm youn ki rete.
13 If he pulls back into a city, all Israel will bring ropes there, and we will drag it into the valley until not a pebble is left." Si li retire li nan yon vil, alò, tout Israël va mennen kòd kote vil sila a e yo va rale li nèt antre nan vale a jis nanpwen yon ti wòch ki rete.”
14 Absalom and all the men of Israel said, "Hushai the Archite's counsel is better than Ahithophel's." For our Father had determined to defeat Ahithophel's good counsel, so our Father could bring disaster on Absalom. Alò, Absalom avèk tout mesye Israël yo te di: “Konsèy Huschaï pi bon ke konsèy Achitophel la.” Paske SENYÈ a te deja detèmine pou anile bon konsèy Achitophel la, pou SENYÈ a ta kapab fè gwo dezas rive Absalom.
15 Hushai told the priests Zadok and Abiathar, "This is what Ahithophel advised Absalom and Israel's elders, and this is what I advised. Epi Huschaï te di a Tsadok avèk Abiathar, prèt yo: “Sa se konsèy sa a ke Achitophel te bay Absalom avèk ansyen a Israël yo e se sa ke mwen te konseye.
16 Now send word quickly to David: 'Don't stay tonight at the wilderness fords; cross over without fail, or the king and all the people with him will be swallowed up.'" Alò, pou sa, voye vit pale David e di: ‘Pa pase nwit lan kote ki pou janbe dlo rive nan dezè a, men fè sèten ke nou janbe, oswa wa a avèk tout moun ki avèk li yo va vin detwi.’”
17 Jonathan and Ahimaaz waited at En-rogel; a servant girl would go and tell them, and they would go and tell King David, for they could not be seen entering the city. Alò, Jonathan avèk Achimaats te rete En-Rougel. Yon sèvant te gen pou ale pale yo pou yo ta ale avèti Wa David, paske yo pa t kapab kite moun wè yo antre nan vil la.
18 But a young man saw them and told Absalom. So the two hurried off and reached a man's house at Bahurim, who had a well in his courtyard, and they climbed down into it. Men yon gason te wè yo kanmenm e te di Absalom. Pou sa, yo te pati vit rive lakay a yon mesye Bachurim ki te gen yon pwi nan lakou a, e yo te desann antre ladann.
19 The man's wife spread a covering over the well's mouth and scattered grain on it, so nothing was noticed. Konsa, fanm nan te pran yon kouvèti. Li te ouvri li sou bouch pwi a, e li te gaye sereyal sou li jiskaske yo pa t konnen anyen.
20 When Absalom's servants came to the woman at the house, they asked, "Where are Ahimaaz and Jonathan?" She said, "They crossed the brook." The men searched, found no one, and returned to Jerusalem. Alò, sèvitè a Absalom yo te vin kote fanm nan lakay li e te di: “Kote Achimaats avèk Jonathan?” Epi fanm nan te di yo: “Yo fin janbe dlo a.” Konsa, lè yo te chache e pa t kab jwenn yo, yo te retounen Jérusalem.
21 After they left, the two climbed out of the well and went and reported to King David. They said to him, "Get up and cross the water quickly, for Ahithophel has plotted this against you." Li te vin rive lè yo te fin ale ke yo te monte sòti nan pwi a, yo te ale pale Wa David e yo te di David: “Leve, travèse dlo a byen vit paske Achitophel te bay konsèy kont ou.”
22 So David and everyone with him got up and crossed the Jordan. By daybreak not one was left who had not crossed it. Alò, David avèk tout moun ki te avèk li yo te leve janbe Jourdain an. Lè solèy te vin leve, pa t gen youn ki rete ki pa t janbe Jourdain an.
23 When Ahithophel saw his advice was not followed, he saddled his donkey and went home to his town. He set his house in order, then hanged himself. He died and was buried in his father's tomb. Alò, lè Achitophel te wè ke konsèy pa li a pa t swiv, li te sele bourik li e li te leve ale lakay li nan vil li a. Li te mete lakay li an lòd e te trangle pwòp tèt li. Konsa, li te mouri e te antere nan tonm a papa li.
24 David came to Mahanaim, while Absalom crossed the Jordan with all the men of Israel beside him. Alò, David te rive Mahanaïm. Epi Absalom te travèse Jourdain an, li menm avèk tout mesye Israël yo avèk yo.
25 Absalom had set Amasa over the army instead of Joab. Amasa's father was Ithra the Israelite, who had married Abigail daughter of Nahash, sister of Zeruiah, Joab's mother. Absalom te mete Amasa sou tèt lame a nan plas Joab. Alò Amasa te fis a yon mesye ki te rele Jithra, Izrayelit la, ki te antre nan Abigail, fi a Nachasch, sè a Tseruja a, manman a Joab.
26 Israel and Absalom camped in the land of Gilead. Epi Israël avèk Absalom te fè kan nan peyi Galaad la.
27 When David reached Mahanaim, Shobi son of Nahash from Rabbah of the Ammonites, Machir son of Ammiel from Lo-debar, and Barzillai the Gileadite from Rogelim, Alò, lè David te vini Mahanaïm, Schobi, fis a Nachasch ki sòti Rabba a, a fis Ammon yo, Makir, fis a Ammiel Lodebar a ak Barzillaï, Galaadit Roguelim nan,
28 brought beds, basins, and pottery, along with wheat, barley, flour, roasted grain, beans, lentils, te pote kabann yo, basen yo, po kanari yo, ble, lòj, farin, sereyal boukannen, pwa, pwa lantiy, avèk grenn boukannen,
29 honey, curds, sheep, and cheese from the herd for David and his people to eat, for they said, "The people are hungry, tired, and thirsty in the wilderness." siwo myèl, bòl lèt, mouton ak fwomaj ki sòti nan twoupo a, pou David ak moun ki te avèk li yo ta manje. Paske yo te di: “Pèp la grangou, fatige e swaf nan dezè a.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]