Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

2 Samuel 18 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 David mustered his troops and appointed commanders of thousands and commanders of hundreds over them. Alò, David te konte moun ki te avèk li yo e te plase sou yo chèf dè milye e chèf dè santèn.
2 David sent out the troops: a third under Joab, a third under Abishai son of Zeruiah, Joab's brother, and a third under Ittai the Gittite. The king told the troops, "I will surely go out with you too." David te voye moun yo deyò, yon tyè anba lòd Joab, yon tyè anba lòd Abischaï, fis a Tseruja a, frè Joab la ak yon tyè anba lòd Ittaï, Gatyen an. Epi wa a te di a moun yo: “Mwen menm va anverite, sòti avèk nou tou.”
3 But the troops said, "Don't go out. If we flee, they won't care; if half of us die, they won't care. You are worth 10,000 of us. Better you stay in the city, ready to send us help." Men moun yo te di: “Ou pa dwe sòti; paske si nou vrèman sove ale, yo p ap okipe nou; menm si mwatye ta mouri, yo p ap okipe nou. Men valè pa w vo di-mil a nou menm; pou rezon sa a, li pi bon pou ede nou soti nan vil la.”
4 The king told them, "I'll do whatever seems best to you." Then he stood at the gate as all the troops marched out by hundreds and by thousands. Alò wa a te di yo: “Nenpòt sa ki sanble bon a nou menm, se sa m ap fè.” Pou sa, wa a te kanpe akote pòtay la e tout moun yo te sòti pa santèn e pa milye.
5 The king commanded Joab, Abishai, and Ittai, "Be gentle with the young man Absalom, for my sake." All the troops heard the king commanding the commanders about Absalom. Wa a te bay lòd a Joab avèk Abischaï avèk Ittaï e te di: “Pou koz mwen, aji dousman avèk jennonm nan, Absalom.” Epi tout moun yo te tande lè wa a te pase lòd a tout chèf yo sou Absalom an.
6 The troops went out to the field against Israel, and the battle happened in the forest of Ephraim. Alò, moun yo te antre nan chan kont Israël e batay la te fèt nan forè Ephraïm nan.
7 There Israel's army was defeated by David's men, and the slaughter that day was great: 20,000 men. Moun Israël yo te bat la devan sèvitè a David yo e masak la te byen gwo, ven-mil òm.
8 The battle spread across the whole region, and the forest devoured more troops that day than the sword devoured. Paske batay la te gaye sou tout teritwa peyi a e forè a te devore plis moun nan jou sa a ke nepe ta devore.
9 Absalom encountered David's men. Riding his mule, he passed under the thick branches of a great oak, and his head caught fast in the tree. He hung between heaven and earth as the mule went on beneath him. Alò, Absalom te vin rankontre sèvitè a David yo. Paske Absalom te monte sou milèt li e milèt la te antre anba gwo branch a yon gwo bwadchenn. Epi tèt li te kole rèd nan chenn nan e li te vin kwoke antre syèl avèk tè a, pandan milèt la anba li t ap kontinye ale.
10 A certain man saw it and told Joab, "I just saw Absalom hanging in an oak." Lè yon sèten mesye te wè sa, li te pale Joab, e te di: “Gade byen, mwen te wè Absalom pandye nan yon gwo bwadchenn.”
11 Joab said to the man who told him, "So you saw him! Why then did you not strike him to the ground there? I'd have owed you ten days' wages in silver and a belt." Epi Joab te di a mesye ki te di sa a: “Gade, ou te wè l? Poukisa konsa ou pa t frape li la pou l tonbe atè? Konsa, mwen ta ba ou dis pyès ajan avèk yon senti.”
12 But the man told Joab, "Even if 1,000 days' wages in silver were weighed into my palm, I wouldn't raise my hand against the king's son. For we all heard the king order you, Abishai, and Ittai, 'Protect the young man Absalom for my sake.' Mesye a te di Joab: “Menm si mwen ta resevwa mil pyès ajan nan men m, mwen pa t ap lonje men m kont fis a wa a; paske nan tande nou, wa a te kòmande ou avèk Abischaï ak Ittaï, e te di: ‘Pwoteje pou mwen jennonm nan, Absalom!’
13 Otherwise I'd have thrown away my life, for nothing is hidden from the king, and you'd have stood apart from me." Otreman, si m te aji nan mechanste kont lavi li (e nanpwen anyen ki kache a wa a), alò, ou menm ta kanpe lwen de sa.”
14 Joab said, "I won't waste time with you like this." He took three javelins in his hand, drove them into Absalom's heart while he was still alive, in the oak's heart. Joab te di: “Mwen p ap gaspiye tan avè w isit la.” Konsa, li te pran twa frenn nan men l e li te frennen fè yo pase sou kè Absalom pandan li te toujou vivan nan mitan bwadchenn nan.
15 And ten young men, Joab's armor-bearers, surrounded Absalom, struck him, and killed him. Epi dis jennonm ki te pote zam pou Joab yo te antoure li, yo te frape Absalom e te touye li.
16 Joab blew the ram's horn, and the troops stopped chasing Israel, for Joab held them back. Alò, Joab te soufle twonpèt la e moun yo te retounen soti kouri dèyè Israël, paske Joab te ralanti moun yo.
17 They took Absalom, threw him into a big forest pit, and heaped a huge pile of stones over him. All Israel fled, each to his own home. Yo te pran Absalom, yo te jete li nan yon gwo twou vid nan mitan forè a e te monte sou li yon gwo pil wòch. Epi tout Israël te sove ale, chak moun nan pwòp tant pa yo.
18 During his lifetime Absalom had set up a pillar in the King's Valley, saying, "I have no son to keep my name remembered." He named the pillar after himself, and it is called Absalom's Monument to this day. Alò, Absalom, pandan lavi li te fè monte pou li menm yon gwo pilye ki nan Vale a Wa a, paske li te di: “Mwen pa gen fis pou prezève non mwen.” Konsa, li te rele pilye a pa non li e li rele Moniman Absalom jis rive jodi a.
19 Ahimaaz son of Zadok said, "Let me run and tell the king our Father has vindicated him against his enemies." Alò, Achimaats, fis a Tsadok la te di: “Souple, kite mwen kouri pote nouvèl la bay wa a ke SENYÈ a gen tan delivre li anba men lènmi li yo.”
20 Joab said, "You're not the man to carry news today. You may carry news another day, but today you will carry none, for the king's son is dead." Men Joab te di li: “Ou menm se pa nonm ki pou pote nouvèl la nan jou sa a, malgre ke ou va pote li yon lòt jou, men ou p ap pote li jodi a, paske fis a wa a mouri.”
21 Joab said to the Cushite, "Go, tell the king what you saw." The Cushite bowed to Joab and ran. Alò, Joab te di a Etyopyen an: “Ale, pale wa a sa ou te wè a.” Konsa, Etyopyen an te bese devan Joab e te kouri ale.
22 Ahimaaz son of Zadok said to Joab again, "Come what may, please let me also run after the Cushite." Joab replied, "Why run, my son? You have no news worth a reward." Alò, Achimaats, fis a Tsadok la te di yon lòt fwa a Joab: “Malgre nenpòt sa ki rive, kite mwen tou kouri dèyè Etyopyen an.” Epi Joab te di: “Poukisa ou ta kouri, fis mwen, kòmsi ou p ap twouve rekonpans pou ale a?”
23 "Whatever happens," he said, "I'll run." "Run," Joab said. So Ahimaaz ran the plain route and outran the Cushite. “Malgre sa ki rive”, li te di: “Mwen va kouri”. Epi Achimaats te kouri nan wout plèn nan e te vin depase Etyopyen an.
24 David was sitting between the two gates. The watchman went up to the gate roof at the wall, lifted his eyes, and saw a man running alone. Alò, David te chita antre de pòtay yo; epi gadyen an te monte sou twati pòtay sou mi an. Li te leve zye li e te gade. Men vwala, yon nonm ki t ap kouri li sèl a li menm.
25 The watchman called out, telling the king. The king said, "If alone, he brings news." The runner kept coming closer. Gadyen an te kouri pale wa a. Epi wa a te di: “Si se sèl li menm k ap vini, se bòn nouvèl nan bouch li.” Epi li te pwoche pi pre e pi pre toujou.
26 The watchman saw another man running and called to the gatekeeper, "Look, another man running alone!" The king said, "He too brings news." Apre sa, gadyen an te wè yon lòt moun ki t ap kouri; epi gadyen an te rele gadyen pòtay la e te di: “Gade byen, gen yon lòt moun k ap kouri pou kont li.” Epi wa a te di: “Sila a tou ap pote bòn nouvèl.”
27 The watchman said, "The first one runs like Ahimaaz son of Zadok." The king said, "He is a good man; he comes with good news." Gadyen an te di: “Mwen kwè ke kouri a premye a sanble kouri a Achimaats, fis a Tsadok la.” Epi wa a te di: “Sa se yon bon mesye e li pote bòn nouvèl.”
28 Ahimaaz called to the king, "All is well!" He bowed before the king, face to the ground, and said, "Blessed be your Father, who handed over those who rebelled against my lord the king." Achimaats te rele e te di a wa a: “Tout bagay sòti byen.” Epi li te bese figi atè devan wa a, e li te di: “Beni se SENYÈ a, Bondye ou a, ki te livre bay mesye ki te leve men kont mèt mwen an, wa a.”
29 The king asked, "Is the young man Absalom safe?" Ahimaaz answered, "When Joab sent off the king's servant and me your servant, I saw a great commotion, but I did not know what it was." Wa a te di: “Èske tout bagay byen avèk jennonm nan, Absalom?” Epi Achimaats te reponn: “Lè Joab te voye sèvitè a wa a, sèvitè ou menm nan, mwen te wè yon gwo zen; men mwen pa t konnen kisa.”
30 The king said, "Step aside and stand here." So he stepped aside and stood still. Epi wa a te di: “Mete ou akote e kanpe la.” Konsa, li te mete li akote e te kanpe tann la.
31 The Cushite arrived and said, "Good news, my lord the king! Today the LORD cleared you from the hand of all who rose against you." Gade byen, Etyopyen an te rive e Etyopyen an te di: “Kite mèt mwen an, wa a resevwa bòn nouvèl; paske SENYÈ a te delivre ou nan jou sa a soti nan men a tout sila ki te leve kont ou yo.”
32 The king asked the Cushite, "Is the young man Absalom safe?" The Cushite answered, "May my lord the king's enemies, and all who rise against you to harm you, be like that young man." Alò, wa a te di a Etyopyen an: “Èske sa byen avèk jennonm nan, Absalom?” Epi Etyopyen an te reponn: “Kite lènmi a mèt mwen yo, wa a, ak tout moun ki leve kont ou pou mal yo, devni tankou jennonm sila a!”
33 The king trembled. He went up to the gate's upper room, weeping, saying as he walked: "My son Absalom! My son, my son, Absalom! If only I had died instead of you, Absalom, my son, my son!" Wa a te sezi avèk emosyon e te monte nan chanm nan sou pòtay la pou te kriye. Epi konsa li te di pandan li t ap mache: “O fis mwen Absalom, fis mwen, fis mwen Absalom! Pito se te mwen ki te mouri olye de ou menm, O Absalom, fis mwen, fis mwen!”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]