Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

2 Samuel 19 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Word reached Joab: "Look, the king is weeping and mourning for Absalom." Alò, li te pale a Joab: “Gade byen, wa a ap kriye e fè lamantasyon pou Absalom.”
2 So that day the victory became mourning for all the people, because they heard that day, "The king grieves over his son." Viktwa a jou sa a te boulvèse vin fè dèy pou tout pèp la. Paske moun ki te tande li yo nan jou sa a te di: “Wa a ap lamante pou fis li a.”
3 The people crept into the city that day, like those shamed and slinking away after fleeing battle. Konsa, moun yo te antre nan vil la nan jou sa a kòmsi an sekrè tankou yon pèp ki imilye e kouri kache pou kite batay la.
4 The king covered his face, crying loudly, "My son Absalom! Absalom, my son, my son!" Wa a te kouvri figi li e te kriye fò avèk yon gwo vwa: “O fis mwen, Absalom, O Absalom, fis mwen, fis mwen!”
5 Joab came to the king and said, "Today you have shamed all your servants, who this day saved your life, the lives of your sons and daughters, and the lives of your wives and concubines, Alò, Joab te antre nan kay la vè wa a. Li te di: “Jodi a, ou te kouvri avèk lawont tout figi a tout sèvitè ou yo, ki, jodi a, te sove lavi ou, lavi a fis ou yo ak fi ou yo, lavi a madanm ou yo ak lavi a ti mennaj ou yo,
6 by loving those who hate you and hating those who love you. Today you've shown that commanders and servants mean nothing to you. Now I know that if Absalom lived and we all had died, you'd be pleased. akoz ou te vin renmen sila ki rayi ou yo, e rayi sila ki renmen ou yo. Paske ou te montre nan jou sa a ke prens yo avèk sèvitè ou yo pa anyen a ou menm. Paske mwen vin aprann nan jou sa a ke si Absalom te vivan e nou tout te fin mouri, ke ou ta gen kè kontan.
7 Now get up, go out, and speak kindly to your servants. I swear by our Father, if you don't go out, not one man will stay with you tonight—worse for you than all the trouble you've had since your youth." Alò, pou sa, leve ale deyò a pou pale pawòl ki dous avèk sèvitè ou yo. Paske mwen sèmante pa SENYÈ a ke si ou pa sòti deyò, anverite, p ap gen yon moun k ap pase nwit lan avèk ou e sa va pi mal pou ou pase tout lòt mal ki gen tan parèt sou ou soti nan jenès ou jis rive koulye a.”
8 So the king got up and sat in the gate. When the people were told, "Look, the king is sitting in the gate," they all came before him. Now Israel had fled, everyone to his home. Pou sa, wa a te leve chita nan pòtay la. Lè yo te pale tout pèp la e te di: “Men vwala, wa a chita nan pòtay la,” alò, tout pèp la te vini devan wa a. Alò, Israël te fin sove ale, chak moun nan pwòp tant pa yo.
9 Throughout the tribes of Israel the people argued: "The king saved us from our enemies, rescued us from the Philistines, but now he's fled the land because of Absalom. Tout pèp la t ap fè kont pami tout tribi Israël yo, e t ap di: “Wa a te delivre nou soti nan men a lènmi nou yo e te sove nou soti nan men a Filisten yo; men koulye a, li gen tan sove ale kite peyi a devan Absalom.
10 But Absalom, whom we anointed to rule us, died in battle. So why say nothing about bringing the king back?" Malgre sa, Absalom, ke nou te onksyone sou nou an, te mouri nan batay la. Alò, pou sa, poukisa nou rete san pale nan afè mennen wa a fè l tounen an?”
11 King David sent word to Zadok and Abiathar the priests: "Tell the elders of Judah, 'Why be the last to bring the king back home, when all Israel's word has reached the king at his home?' Epi Wa David te voye kote Tsadok ak Abiathar, prèt yo, e te di: “Pale avèk ansyen Juda yo e di: ‘Poukisa se nou ki dènye pou mennen fè wa a tounen lakay li a, depi pawòl a tout Israël la gen tan rive vè wa a, menm kote lakay li?
12 You are my brothers, my own flesh and blood. So why should you be last to bring back the king? Nou menm se frè m; nou se zo a zo mwen e chè a chè mwen. Poukisa konsa nou ta dwe dènye pou mennen wa a fè l tounen?’
13 Say to Amasa, 'Aren't you my own flesh and blood? May our Father do this to me and more if you don't become my permanent army commander, replacing Joab.'" Di Amasa: ‘Èske ou pa zo a zo mwen e chè a chè mwen? Ke Bondye ta fè sa pou mwen e menm plis si se pa ou menm ki va chèf lame devan mwen nèt nan plas Joab.’”
14 David won over all the men of Judah as one man, and they sent word to the king: "Return, you and all your servants." Konsa, li te vire kè tout mesye Juda yo tankou se te yon sèl moun, jiskaske yo te voye vè wa a e te di: “Retounen, ou menm avèk tout sèvitè ou yo.”
15 The king returned and came to the Jordan; Judah came to Gilgal to meet the king and bring him across the Jordan. Alò, wa a te retounen e te vin jis nan Rivyè Jourdain an. Epi Juda te vini Guilgal pou rankontre wa a, pou mennen wa a travèse Jourdain an.
16 Shimei son of Gera, the Benjaminite from Bahurim, rushed down with Judah's men to meet King David. Epi Schimeï, fis a Guéra a, Benjamit ki sòti Bachurim nan te fè vit vin desann avèk mesye Juda yo pou rankontre Wa David.
17 With him were 1,000 Benjamites, and Ziba, servant of Saul's house, with his fifteen sons and twenty servants. They rushed to the Jordan ahead of the king, Te gen mil mesye Benjamin avèk li, avèk Tsiba, sèvitè lakay Saül la, kenz fis li yo avèk ven sèvitè yo avèk li; epi yo te prese rive nan Jourdain an avan wa a.
18 and crossed the ford to bring the king's household over and do what pleased him. Shimei son of Gera fell before the king as he was about to cross the Jordan, Alò, yo te kontinye travèse kote pou janbe a pou fè travèse fanmi a wa a; epi pou fè sa ki bon nan zye li. Epi Schimeï, fis a Guéra a te tonbe ba devan wa a pandan li t ap prepare pou travèse Jourdain an.
19 and said, "Please, my lord, don't hold this against me, and don't remember how your servant did wrong the day my lord the king left Jerusalem. Please, my lord the king, don't take it to heart. Konsa, li te di a wa a: “Pa kite mèt mwen konsidere mwen kòm koupab, ni sonje mal ke sèvitè ou te fè nan jou lè mèt mwen an, wa a, te sòti Jérusalem, pou wa a ta pran sa a kè.
20 Your servant knows I have sinned. So today I've come first of all Joseph's house to meet my lord the king." Paske sèvitè ou konnen ke mwen te peche. Pou sa, gade byen, mwen te rive la jodi a, premyèman nan tout kay Joseph la pou ale desann rankontre mèt mwen an, wa a.”
21 Then Abishai son of Zeruiah said, "Shouldn't Shimei be put to death for cursing our Father's anointed?" Men Abischaï, fis a Tseurja a te di: “Èske Schimeï pa ta dwe mete a lanmò pou sa, akoz li te modi onksyone a SENYÈ a?”
22 David said, "Why meddle with me, sons of Zeruiah? Why should you become my enemies today? Should anyone be put to death in Israel today? Don't I know that today I am king over Israel?" Epi David te di: “Kisa mwen gen pou fè avèk nou, O fis a Tseruja yo, pou nou ta nan jou sila a devni advèsè mwen? Èske okenn moun ta mete a lanmò an Israël jodi a?” Paske èske mwen pa konnen ke se mwen ki wa sou Israël jodi a?
23 The king told Shimei, "You will not die," and the king swore to him. Wa a te di a Schimeï: “Ou p ap mouri.” Konsa wa a te sèmante a li menm.
24 Mephibosheth, Saul's grandson, came down to meet the king. He had not tended his feet, trimmed his beard, or washed his clothes from the day the king left until he came back safely. EpiMéphiboscheth, fis a Saül la te desann rankontre wa a. Li pa t okipe pye li, ni taye moustach li, ni lave rad li, depi wa a te pati a jis rive jou ke li te retounen lakay li anpè a.
25 When he reached Jerusalem to meet the king, the king asked, "Why didn't you go with me, Mephibosheth?" Se te lè li te vini Jérusalem pou rankontre wa a ke wa a te di li: “Poukisa ou pa t ale avè m, Méphiboscheth?”
26 He said, "My lord the king, my servant tricked me. Your servant said, 'I'll saddle my donkey and ride with the king,' for your servant is lame. Konsa, li te reponn: “O mèt mwen, wa a, sèvitè mwen an te twonpe m. Paske sèvitè ou a te di: ‘Mwen va sele yon bourik pou mwen menm pou m kab monte sou li pou ale avèk wa a,’ akoz sèvitè ou a bwete.
27 He slandered your servant to my lord the king. But my lord the king is like the angel of our Father; do what seems good to you. Anplis, li te pale vye bagay a sèvitè ou a mèt mwen, wa a, men mèt mwen an, wa a, se tankou zanj Bondye a. Pou sa, fè sa ki bon nan zye ou.
28 All my father's house deserved only death from my lord the king, yet you set your servant among those who eat at your table. What right have I to appeal to the king again?" Paske tout manm lakay papa m pa t plis ke moun mouri devan mèt mwen an, wa a. Malgre ou te mete sèvitè ou pami sila ki te manje sou pwòp tab pa ou. Ki dwa mwen gen pou m ta plenyen anplis a wa a?”
29 The king said, "Why say more about your affairs? I've decided: you and Ziba will divide the land." Konsa, wa a te di li: “Poukisa ou pale toujou nan enterè pa w? Mwen gen tan pran desizyon, ‘Ou avèk Ziba va divize tè a.’”
30 Mephibosheth said to the king, "Let him take it all, now that my lord the king has come home safely." Méphiboscheth te di a wa a: “Kite li menm vin pran tout pou li menm, akoz mèt mwen, wa a, gen tan retounen nan pwòp kay li.”
31 Barzillai the Gileadite came down from Rogelim and crossed the Jordan with the king, to see him off. Alò Barzillaï, Gadit la te vin desann soti Roguelim e li te ale nan Jourdain an avèk wa a pou akonpanye li travèse Jourdain an.
32 Barzillai, very old at eighty, had fed the king during his stay at Mahanaim, for he was a very wealthy man. Alò, Barzillaï te granmoun anpil, avèk laj a katre-ventan. Li te bay soutyen a wa a pandan li te rete Mahanaïm, paske li te yon nonm byen enpòtan.
33 The king told Barzillai, "Cross over with me, and I will provide for you at my side in Jerusalem." Wa a te di a Barzillaï: “Vin travèse avèk mwen e mwen va ba ou soutyen Jérusalem bò kote mwen.”
34 Barzillai said to the king, "How many years do I have left, that I should go up with the king to Jerusalem? Men Barzillaï te di a wa a: “Se pou konbyen de tan ke m ap viv toujou pou m ta monte ak wa a Jérusalem?
35 I am eighty years old today. Can I tell good from bad? Can your servant taste what he eats or drinks? Can I still hear singing men and women? Why should your servant burden my lord the king further? Mwen menm, koulye a, mwen nan katre-ventan daj. Èske mwen kapab distenge antre sa ki bon ak sa ki mal? Oswa èske sèvitè ou a kapab goute sa ke m manje, oswa sa ke m bwè? Oswa èske mwen kapab ankò tande vwa lè gason ak fi ap chante? Alò, poukisa sèvitè ou ta dwe devni yon chaj anplis a mèt mwen an, wa a?
36 Your servant will cross the Jordan with the king a short way. Why should the king repay me with such a reward? Sèvitè ou ta sèlman pito travèse Jourdain an avèk wa a. Poukisa wa a ta dwe ban m rekonpans avèk byenfezans sila a?
37 Please let your servant return to die in my own city near my father and mother's grave. But your servant Chimham is here; let him cross over with my lord the king, and do for him what seems good to you." Souple, kite sèvitè ou retounen, pou m kab mouri nan pwòp vil pa m, toupre tonm a papa m avèk manman m. Malgre sa, men sèvitè ou, Kimham; kite li travèse avèk mèt mwen an, wa a e fè pou li sa ki bon nan zye ou.”
38 The king said, "Chimham will cross with me, and I will do for him what pleases you, and whatever you ask of me I will do for you." Wa a te reponn: “Kimham va travèse avè m e mwen va fè pou li sa ki bon nan zye pa w. Nenpòt sa ke ou vle m fè m ap fè l pou ou.”
39 All the people crossed the Jordan, and the king crossed. The king kissed Barzillai and blessed him, and Barzillai returned home. Tout moun yo te travèse Jourdain an e wa a te travèse tou. Epi wa a te bo Barzillaï. Li te beni li e li te retounen nan plas li.
40 The king crossed to Gilgal, Chimham with him. All Judah's people, and half of Israel's, escorted the king. Koulye a, wa a te avanse rive Guilgal, Kimham te kontinye avèk li. Epi tout pèp Juda a avèk la mwatye nan pèp Israël la te akonpanye wa a.
41 Then all the men of Israel came to the king and asked, "Why did our brothers, the men of Judah, steal you away and bring the king and his household across the Jordan, with all David's men?" Epi vwala, tout mesye Israël yo te vin kote wa a e te di a wa a: “Poukisa frè nou yo, mesye Juda yo te vin vòlè ou? Yo te pati avè w, yo te mennen wa a avèk tout lakay li ak tout mesye David yo avèk li, vin janbe Jourdain an.”
42 All the men of Judah answered the men of Israel, "The king is our close relative. Why are you angry about this? Have we eaten any of the king's food, or has he given us a gift?" Epi tout mesye Juda yo te reponn mesye Israël yo: “Akoz wa a toupre fanmi a nou. Poukisa konsa nou vin fache akoz afè sila a? Èske nou te manje yon bagay sou kont a wa a, oubyen èske yon bagay te vin separe bannou?”
43 The men of Israel answered the men of Judah, "We have ten shares in the king, and a greater claim on David than you. So why did you despise us? Weren't we first to speak of bringing back our king?" But Judah's words were harsher than Israel's. Men mesye Israël yo te reponn mesye Juda yo e te di: “Nou gen dis pati nan wa a; pou sa, nou osi gen plis pati nan David pase ou! Poukisa konsa, ou vin meprize nou? Èske se pa t konsèy pa nou premyèman pou fè wa a tounen?” Men pawòl a Juda yo te pi rèd pase pawòl a Israël yo.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]