Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

2 Samuel 20 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 A worthless man named Sheba son of Bichri, a Benjamite, was there. He blew the trumpet and shouted, "We have no share in David, no inheritance in Jesse's son! Everyone to your tents, Israel!" Alò, te gen yon sanzave ki te la ki te rele Schéba, fis a Bicri, yon Benjamit. Konsa, li te soufle twonpèt la e te di: “Nou pa gen anyen nan David, ni nou pa gen eritaj nan fis Jesse a. Tout moun rive nan tant pa li yo, O Israël!”
2 So all Israel's men abandoned David to follow Sheba son of Bichri; but Judah's men held to their king, from the Jordan to Jerusalem. Konsa, tout mesye Israël yo te sispann swiv David, e yo te swiv Schéba, fis a Bicri a. Men mesye Juda yo te rete lwayal a wa pa yo a, soti nan Jourdain an, jis rive Jérusalem.
3 David came to his house in Jerusalem, and the king took the ten concubines he had left to keep the house and put them under guard. He provided for them but did not sleep with them. They stayed confined until they died, living as widows. David te rive kote lakay li Jérusalem. Epi wa a te pran dis fanm sa yo, ti mennaj ke li te kite pou okipe kay la. Li te mete yo sou siveyans e te bay yo manje, men li pa t antre nan yo. Konsa, yo te rete fèmen jis rive jou ke yo te mouri an e te viv tankou vèv.
4 The king told Amasa, "Call the men of Judah to me within three days, and be here yourself." Alò, wa a te di a Amasa: “Rele fè sòti pou mwen mesye Juda yo avan twa jou e ou menm, vin prezan isit la.”
5 Amasa went to summon Judah, but delayed beyond the time the king had set for him. Konsa, Amasa te ale rele mesye Juda yo, men li te pran reta plis tan ke li te dwe pran an.
6 David told Abishai, "Sheba son of Bichri will now harm us more than Absalom. Take your lord's men and chase him, or he'll reach fortified cities and escape us." Epi David te di a Abischaï: “Koulye a Schéba, fis a Bicri a, va fè nou plis mal ke Absalom. Pran sèvitè mèt ou yo e kouri dèyè li, pou li pa twouve pou kont li vil ki ranfòse pou chape devan zye nou.”
7 So Joab's men, the Cherethites, the Pelethites, and all the mighty warriors went out after him from Jerusalem to pursue Sheba son of Bichri. Konsa, mesye Abischaï yo te sòti dèyè li, ansanm avèk Keretyen yo, Peletyen yo ak tout mesye vanyan yo. Epi yo te kite Jérusalem pou kouri dèyè Schéba, fis a Bicri a.
8 At the great stone in Gibeon, Amasa met them. Joab wore his military tunic, with a belted sword in its sheath on his waist; as he stepped forward, it fell out. Lè yo te la nan gwo wòch ki Gabaon an, Amasa te vin rankontre yo. Alò Joab te abiye an vètman militè e sou li, te gen yon sentiwon avèk yon nepe nan fouwo li ki te tache nan senti li; epi pandan li t ap avanse, nepe a te vin tonbe parèt.
9 Joab said to Amasa, "Are you well, my brother?" With his right hand Joab grasped Amasa's beard to kiss him. Joab te di Amasa: “Èske sa byen avèk ou, frè m?” Epi Joab te kenbe Amasa pa bab li avèk men dwat pou bo li.
10 Amasa did not notice the sword in Joab's hand. Joab struck his belly, spilling his intestines to the ground. Without a second blow, Amasa died. Then Joab and his brother Abishai pursued Sheba son of Bichri. Men Amasa pa t veye kont nepe ki te nan men Joab la. Konsa, li te frape li nan vant avèk li e zantray li te vide tonbe atè e san frape l ankò, li te mouri. Alò Joab avèk Abischaï, frè li a, te kouri dèyè Schéba, fis a Bicri a.
11 One of Joab's young men stood by Amasa and said, "Whoever favors Joab, whoever is for David—follow Joab!" Alò, akote li, te kanpe youn nan jennonm a Joab yo, ki te di: “Nenpòt moun ki pou Joab e nenpòt moun ki pou David, kite li swiv Joab.”
12 Amasa lay wallowing in his blood in the middle of the road. When the man saw all the troops stopping there, he dragged Amasa from the road into the field and threw a garment over him, since everyone who came by stopped. Men Amasa te kouche tòde vire nan san li nan mitan granchemen an. Epi lè nonm nan te wè ke tout moun te kanpe, li te deplase Amasa soti nan granchemen an rive nan chan an e li te jete yon vètman sou li lè li te wè ke tout moun ki te pase kote li te vin kanpe.
13 Once he was moved off the road, all the men followed Joab to pursue Sheba son of Bichri. Depi li te rete sou granchemen an, tout mesye yo te pase ale dèyè Joab pou kouri dèyè Schéba, fis a Bicri a.
14 Sheba passed through all the tribes of Israel to Abel of Beth Maacah; all the Bicrites gathered and followed him too. Alò, li te pase nan tout tribi Israël yo jis rive Abel, menm jis nan Beth-Maaca ak tout Berit yo. Yo te rasanble ansanm pou te ale dèyè li tou.
15 They came and besieged him in Abel of Beth Maacah. They raised a siege ramp against the city, standing against the outer rampart, while all Joab's troops battered the wall to bring it down. Yo te vin fè syèj sou li nan Abel Beth-Maaca. Yo te monte yon ran syèj kont vil la. Li te kanpe rive nan mi ranpa e tout moun ki te avèk Joab yo t ap kraze pou yo fè mi an tonbe.
16 Then a wise woman called from the city, "Listen! Listen! Tell Joab, 'Come here, so I can speak with you.'" Epi yon fanm lespri te rele soti nan vil la: “Koute, koute! Souple di Joab: ‘Vin isit la pou m kab pale avèk ou.’ Koute pawòl a sèvant ou an.” Epi li te reponn: “M ap koute.”
17 As he approached, the woman asked, "Are you Joab?" "I am," he said. She said, "Hear your servant's words." "I'm listening," he said. Konsa, li te pwoche li e fanm nan te di: “Èske se Joab ke ou ye?” Epi li te reponn: “Se mwen”. Alò, li te di li: “Koute pawòl a sèvant ou an.” Epi li te reponn: “M ap koute.”
18 She said, "In the old days they used to say, 'Just ask for counsel at Abel,' and that settled the matter. Epi li te pale e te di: “Lontan yo te konn di: ‘Yo va anverite mande konsèy nan Abel,’ e se konsa, yo te rezoud pwoblèm nan.
19 I am among the peaceful and faithful in Israel. You are trying to destroy a city, a mother in Israel. Why swallow up our Father's inheritance?" Mwen pami sila ki pezib e fidèl an Israël yo. W ap chache detwi yon vil, menm yon manman an Israël. Poukisa ou ta anglouti tout eritaj SENYÈ a?”
20 Joab answered, "I would never, never swallow up or destroy! Joab te reponn: “Lwen de sa, lwen de mwen pou mwen ta anglouti, oswa detwi!
21 Not so. But Sheba son of Bichri, from the hills of Ephraim, has rebelled against the king, against David. Hand over this one man, and I'll pull back from the city." The woman told Joab, "His head will be thrown to you over the wall." Se pa konsa ka a ye! Men yon nonm soti nan peyi ti mòn Ephraïm nan, Schéba, fis a Bicri a, selon non li, li te leve men li kont Wa David. Sèlman, lonje bannou li e mwen va kite vil la.” Epi fanm nan te di a Joab: “Gade byen, se tèt li m ap jete ba ou sou mi an.”
22 The woman went to all the people with her wise plan. They cut off the head of Sheba son of Bichri and threw it to Joab. He blew the trumpet, and they scattered from the city, each to his home. Joab returned to the king in Jerusalem. Alò, fanm lespri a te vin kote tout pèp la. Epi yo te koupe tèt aSchéba, fis Bicri a e te jete li bay Joab. Konsa, li te soufle twonpèt la e yo te lèse kite vil la. Chak moun te ale kote tant pa yo. Joab, anplis, te retounen kote wa a Jérusalem.
23 Joab led all Israel's army; Benaiah son of Jehoiada led the Cherethites and Pelethites. Alò, Joab te sou tèt tout lame Israël la e Benaja, fis a Jehojada a te sou Keretyen yo avèk Peletyen yo;
24 Adoram was in charge of the forced labor; Jehoshaphat son of Ahilud was the recorder; epi Adoram te sou travay fòse a e Josaphat, fis a Achilud la te grefye a;
25 Sheva was secretary; and Zadok and Abiathar were priests; epi Scheja te sekretè a e Tsadok avèk Abiathar te prèt;
26 and Ira the Jairite was also David's priest. epi Ira, Jayirit la te yon prèt osi pou David.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]