Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

2 Samuel 21 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Now there was a famine in the days of David for three years, year after year; so David asked our Father about it. And our Father said, "There is bloodguilt on Saul and on his house, because he put the Gibeonites to death." Alò, te gen yon gwo grangou nan jou a David yo pandan twazan, ane apre ane. Epi David te chache prezans a SENYÈ a. SENYÈ a te di: “Se akoz Saül ak kay sanglan li an, akoz li te mete Gabawonit yo a lanmò.”
2 So the king summoned the Gibeonites and spoke to them. (The Gibeonites were not Israelites but a remnant of the Amorites; Israel had sworn to spare them, yet Saul, passionate for Israel and Judah, had sought to kill them.). Pou sa, wa a te rele Gabawonit yo pou te pale yo. (Alò, Gabawonit yo pa t nan fis Israël yo men yo te nan retay Amoreyen yo e fis Israël yo te fè yon akò avèk yo. Men Saül te chache touye yo nan zèl li genyen pou fis a Juda yo avèk Israël yo.)
3 David asked the Gibeonites, "What can I do for you? How can I make atonement so you'll bless our Father's people?" Konsa, David te di a Gabawonit yo: “Kisa mwen ta dwe fè pou nou? Epi kijan mwen kapab fè ekspiyasyon, pou nou kapab vin beni eritaj SENYÈ a?”
4 The Gibeonites said, "It is not silver or gold between us and Saul or his house, and we have no right to kill anyone in Israel." David said, "Whatever you say, I will do for you." Alò, Gabawonit yo te di li: “Nou pa sou afè ajan, ni lò avèk Saül, ni lakay li, ni pou nou ta mete okenn moun a lanmò an Israël.” Epi li te di: “Mwen va fè pou nou nenpòt sa ke nou mande.”
5 They said to the king, "The man who wiped us out and plotted our destruction, so we'd have no place left anywhere in Israel's territory, Pou sa, yo te di a wa a: “Nonm ki te vin manje nou an e ki te fè plan pou detwi nou nèt la rache nou soti nan lizyè Israël la,
6 let seven men of his descendants be handed over to us, and we will hang them before the LORD at Gibeah of Saul, the LORD's chosen one." The king said, "I will hand them over." kite sèt mesye soti nan fis li yo vin bay a nou menm. E nou va pann yo devan SENYÈ a nan Guibea pou Saül, sila ki te chwazi pa SENYÈ a.” Epi wa a te di: “Mwen va bay yo.”
7 But the king spared Mephibosheth, son of Jonathan, son of Saul, because of the oath before our Father between David and Jonathan, Saul's son. Men wa a te bay pwotèj a Méphiboscheth, fis a Jonathan an, fis a Saül la, akoz sèman a SENYÈ a ki te fèt antre yo, antre David ak fis a Saül la, Jonathan.
8 But the king took Armoni and Mephibosheth, the two sons Rizpah daughter of Aiah bore to Saul, along with the five sons Merab daughter of Saul bore to Adriel son of Barzillai the Meholathite. Konsa, wa a te pran de fis a Ritspa yo avèk fi a Ajja a, Armoni ak Méphiboscheth ke li te fè pou Saül la, senk fis a Mérab yo, fi a Saül la, ke li te fè pou Adriel, fis a Barzillaï a, Meyolayit la;
9 He handed them to the Gibeonites, who hanged them on the mountain before our Father; the seven fell together. They were put to death in the first days of harvest, as the barley harvest began. Epi li te livre yo nan men a Gabawonit yo e yo te pandye yo nan mòn nan devan SENYÈ a, jiskaske yo sèt te tonbe ansanm. Yo te mete a lanmò nan premye jou a rekòlt la, nan kòmansman rekòlt lòj la.
10 Then Rizpah daughter of Aiah took sackcloth and spread it on the rock, from the start of harvest until rain fell on the bodies; by day she kept the birds off them, by night the wild animals. Epi Rizpa, fi a Ajja a te pran twal sak e te ouvri li sou wòch la, soti nan kòmansman rekòlt la jiskaske li te fè lapli sou yo soti nan syèl la. Li pa t kite ni zwazo syèl yo vin poze sou yo nan lajounen, ni bèt chan yo pandan lannwit.
11 When David was told what Rizpah the daughter of Aiah, Saul's concubine, had done, Lè li te pale a David sa ke Rizpa, fi a Ajja a, ti mennaj a Saül la te fè a,
12 he went to the men of Jabesh-gilead and took the bones of Saul and his son Jonathan, which they had secretly removed from Beth-shan's square, where the Philistines hung them the day they killed Saul at Gilboa. alò, David te ale pran zo a Saül ak zo a Jonathan, fis li a soti nan men a mesye Jabès-Galaad la, ki te vòlè yo nan laplas Beth-Schan kote Filisten yo te pandye yo nan jou ke Filisten yo te frape Saül nan Guilboa a.
13 He brought up Saul's bones and his son Jonathan's bones from there, and they gathered the bones of the hanged men. Li te mennen zo a Saül ak zo a Jonathan yo monte, fis li soti la e yo te ranmase zo a sila ki te pandye yo.
14 They buried the bones of Saul and his son Jonathan at Zela in Benjamin, in the tomb of his father Kish, and did all the king commanded. After that, our Father answered the prayers for the land. Yo te antere zo a Saül yo avèk Jonathan, fis li nan peyi Benjamin nan Tséla, nan tonm a Kis, papa li. Konsa, yo te fè tout sa ke wa a te kòmande yo. Apre sa, Bondye te satisfè akoz lapriyè pou peyi a.
15 Again there was war between the Philistines and Israel. David went down with his servants to fight the Philistines, and he grew tired. Alò, lè Filisten yo te fè lagè ankò avèk Israël, David te desann avèk sèvitè li yo. Epi pandan yo t ap goumen kont Filisten yo, David te vin bouke.
16 Ishbi-benob, a descendant of Rapha whose bronze spearhead weighed about seven and a half pounds and who wore a new sword, was about to strike David down. Epi Jischbi-Benob ki te pami desandan a jeyan yo, avèk yon lans ki te peze twa-san sik an bwonz, te gen yon nepe nèf nan senti l e li te gen entansyon pou l ta touye David.
17 But Abishai son of Zeruiah came to David's aid, struck the Philistine down and killed him. Then David's men swore to him, "Never again go out with us to battle, or you'll put out the lamp of Israel." Men Abischaï, fis a Tseruja a te ede li, li te frape Filisten an pou te touye li. Epi mesye David yo te fè ve a li e te di: “Wa David, ou p ap sòti avèk nou ankò nan batay la pou ou pa vin etenn lanp Israël la.”
18 Later there was another war with the Philistines at Gob. Sibbecai the Hushathite struck down Saph, one of the descendants of Rapha. Alò, li te vin rive apre sa ke te gen lagè ankò avèk Filisten yo nan Gob. Epi Sibbecaï, Oushatit la te frape Saph, ki te pami desandan a jeyan yo.
19 There was another war with the Philistines at Gob, where Elhanan son of Jaare-oregim the Bethlehemite killed Goliath the Gittite, whose spear shaft was like a weaver's beam. Te gen gè avèk Filisten yo ankò Gob e Elchanan, fis a Jaaré-Oreguim nan Bethléhem te touye Goliath, moun Gath la. Shaf lans li an te tankou travès lan a yon machin yo konn tise.
20 War broke out again at Gath, where a huge man had six fingers on each hand and six toes on each foot—twenty-four in all; he too was born to Rapha. Te gen lagè avèk Gath ankò, kote te gen yon mesye gran tay avèk sis dwèt nan chak men ak sis zòtèy nan chak pye, venn-kat antou. Li menm osi te ne de jeyan yo.
21 And when he taunted Israel, Jonathan the son of Shimei, David's brother, struck him down. Lè li te leve tèt li kont Israël, Jonathan, fis a Schimea a, frè David la, te frape li.
22 These four descended from Rapha in Gath, and fell by the hand of David and his servants. Se kat sila yo ki te ne de jeyan nan Gath yo, e yo te tonbe pa men David e pa men a sèvitè li yo.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]