Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

2 Samuel 9 hatbsa

Side by side with the Father's Heart Bible™

1Konsa, David te di: “Èske genyen toujou yon moun ki te rete pou lakay Saül, pou m ta kab montre li favè pou koz Jonathan?” 2Alò, te genyen yon sèvitè lakay Saül ki te rele Tsiba. Konsa yo te rele li kote David, e wa a te di li: “Èske ou se Tsiba?” Epi li te reponn: “Men sèvitè ou.”

3Wa a te di: “Èske pa gen moun toujou lakay Saül pou mwen ta kab montre favè Bondye?” Epi Tsiba te di a wa a: “Genyen toujou yon fis a Jonathan ki kokobe nan tou de pye li.”

4Konsa, wa a te di li: “Se kibò li ye?” Epi Tsiba te di a wa a: “Gade byen, li nan kay Makir a, fis Ammiel la nan Lodebar.”

5Epi Wa David te voye mennen li soti lakay Makir, fis a Ammiel la nan Lodebar. 6Méphiboscheth, fis a Jonathan an, fis a Saül, te vini a David. Li te tonbe sou figi li bese atè nèt. Epi David te di: “Méphiboscheth?” Epi li te di: “Men mwen, sèvitè ou!”

7David te di li: “Pa pè, paske anverite, mwen va montre ou ladousè pou koz papa ou, Jonathan, e mwen va restore a ou menm tout tè a granpapa ou, Saül. Epi, konsa, ou va manje tout tan sou tab mwen.”

8Ankò, li te bese atè, e te di: “Se kisa ke sèvitè ou ye pou ou ta dwe gade yon chen mouri tankou mwen?”

9Konsa, wa a te rele sèvitè a Saül la, Tsiba. Li te di li: “Tout sa ki te pou Saül ak pou lakay li yo, mwen te vin bay yo a gran pitit a mèt ou a. 10Ou menm avèk fis ou yo avèk sèvitè ou yo va kiltive tè a pou li, e ou va rekòlte jis pou pitit a mèt ou a kapab genyen manje. Sepandan, Méphiboscheth, gran fis a mèt ou a, va manje tout tan sou tab mwen.” Alò, Tsiba te gen kenz fis ak ven sèvitè.

11Epi Tsiba te di a wa a: “Selon tout sa ke mèt mwen, wa a, kòmande sèvitè li a, konsa sèvitè ou a va fè.” Konsa, Méphiboscheth te manje sou tab David la, tankou youn nan fis a wa yo. 12Méphiboscheth te gen yon jèn fis ki te rele Mica. Epi tout sila ki te rete lakay Tsiba yo te sèvitè a Méphiboscheth. 13Konsa, Méphiboscheth te rete Jérusalem, paske li te manje sou tab a wa a tout tan. Alò, li te kokobe nan toude pye li.

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]