Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

2 Samuel 8 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 After this, David defeated the Philistines and subdued them, and he took Metheg-ammah from the Philistines. Konsa, li te vin rive ke David te bat Filisten yo e te mete yo anba lòd. David te pran kontwòl a vil prensipal la soti nan men a Filisten yo.
2 He also defeated Moab. He made them lie on the ground and measured them with a cord: two lengths to die, one full length to live. So Moab became David's servants and brought tribute. Li te bat Moab, li te mezire kaptif yo avèk yon lign. Konsa li te fè yo kouche atè, li te mezire longè de lign pou mete yo a lanmò, ak yon lign antye pou lèse yo viv. Epi Moabit yo te devni sèvitè a David e yo te pote peye taks obligatwa.
3 David also defeated Hadadezer son of Rehob, king of Zobah, as he went to restore his control at the Euphrates River. Alò, David te bat Hadadézer, fis a Rehob la, wa a Tsoba, pandan li te nan wout pou reprann kontwòl li nan Rivyè Euphrate la.
4 David captured from him 1,700 horsemen and 20,000 foot soldiers, and hamstrung all the chariot horses, keeping enough for one hundred chariots. David te kaptire soti nan men li, mil-sèt-san chevalye avèk ven-mil sòlda a pye. Li te koupe jarèt a cheval cha yo, men li te konsève kont nan yo pou rale yon santèn cha.
5 When Aram of Damascus came to help Hadadezer king of Zobah, David killed 22,000 Arameans. Lè Siryen a Damas yo te vini pou bay sekou a Hadadézer, wa a Tsoba a, David te touye venn-de-mil Siryen.
6 David set garrisons in Aram of Damascus, and the Arameans became his servants, bringing tribute. Our Father gave David victory wherever he went. Epi David te mete anplasman sòlda pami Siryen Damas yo. Siryen yo te vin soumèt a David e te pote taks obligatwa. Epi SENYÈ a te ede David tout kote li te ale.
7 David took the gold shields that belonged to the servants of Hadadezer and brought them to Jerusalem. David te pran boukliye fèt an lò ki te pote pa sèvitè a Hadadézer yo e li te mennen yo Jérusalem.
8 And from Betah and Berothai, cities of Hadadezer, King David took a great quantity of bronze. Soti nan Béthach avèk Bérothaï, vil a Hadadézer yo, Wa David te pran yon gran kantite bwonz.
9 When Toi king of Hamath heard that David had defeated the entire army of Hadadezer, Alò lè Thoï, wa a Hamath la te tande ke David te bat tout lame a Hadadézer a.
10 he sent his son Joram to King David to greet and congratulate him for fighting and defeating Hadadezer, who had been at war with Toi. Joram brought items of silver, gold, and bronze. Konsa, Thoï te voye Joram, fis li a kote Wa David pou salye li e fè li felisitasyon akoz li te goumen kont Hadadézer e te bat li. Paske Hadadézer t ap fè lagè avèk Thoï. Epi Joram te mennen avèk li bagay fèt an ajan, an lò, e an bwonz.
11 King David dedicated these also to our Father with the silver and gold he had dedicated from all the nations he subdued, Wa David te dedye sa yo osi a SENYÈ a, avèk ajan ak lò ke li te dedye soti nan tout nasyon ke Li te soumèt anba li menm yo:
12 from Aram, Moab, the Ammonites, the Philistines, Amalek, and the plunder of Hadadezer son of Rehob, king of Zobah. Soti nan Syrie avèk Moab, fis a Ammon yo, Filisten yo avèk Amalekit yo, ak piyaj ki te soti osi nan Hadadézer, fis a Thoï a, wa a Tsoba a.
13 David made a name for himself returning from striking down 18,000 Edomites in the Valley of Salt. Konsa, David te vin fè yon non byen koni pou kont li, lè li te retounen soti nan touye dizui-mil Siryen nan Vale Sèl la.
14 He put garrisons throughout Edom—in all Edom he placed garrisons—and all the Edomites became servants to David. Our Father gave David victory wherever he went. Li te etabli anplasman militè yo nan Édom. Nan tout Édom, li te fè anplasman militè e tout Edomit yo te devni sèvitè a David. Konsa, SENYÈ a te ede David tout kote li te ale.
15 So David reigned over all Israel, administering justice and righteousness for all his people. David te renye sou tout Israël. Li te administre lajistis avèk ladwati pou tout pèp li a.
16 Joab son of Zeruiah commanded the army; Jehoshaphat son of Ahilud was the court recorder; Joab, fis Tseruja a te sou lame a e Josaphat, fis a Achilud la te grefye a.
17 Zadok son of Ahitub and Ahimelech son of Abiathar were priests; Seraiah was the court secretary; Tsadok, fis a Achithub la avèk Achilémec, fis a Abithar a te prèt e Tseriah te sekretè.
18 Benaiah son of Jehoiada commanded the Kerethites and the Pelethites; and David's sons were priests. Benaja, fis a Jehojada a te chèf sou Keretyen avèk Peletyen yo; epi fis a David yo te chèf ministè leta yo.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]