Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

2 Corinthians 4 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Therefore, since we have this ministry through the mercy shown to us, we do not lose heart. Konsa, akoz ke nou gen ministè sa a, jan nou te resevwa mizerikòd la, nou pa dekouraje.
2 Instead, we renounced hidden, shameful things. We don't act with cunning or distort our Father's word. Rather, by openly declaring the truth, we commend ourselves to everyone's conscience before our Father. Men nou renonse a bagay ki fèt an kachèt ki fè wont yo. Nou pa mache nan riz, ni nan kase fòs pawòl Bondye a ak desepsyon, men ak demonstrasyon verite a, nou rekòmande tèt nou a konsyans tout moun devan zye Bondye.
3 Even if our gospel is veiled, it is veiled to those who are perishing. Men si levanjil nou an vwale, li vwale pou sila k ap peri yo.
4 For them, the god of this age has blinded unbelievers' minds, so they can't see the light of the gospel—the glory of Christ, who is our Father's image. Nan ka sila a, dye a mond sa a vwale lespri a enkwayan yo pou yo pa wè limyè levanjil la, glwa a Kris la, ki se imaj a Bondye.
5 We don't preach ourselves, but Jesus Christ as Lord—we are your servants for Jesus' sake. Paske nou pa preche tèt nou, men Kris Jésus a kòm Senyè, epi nou menm kòm sèvitè a nou tout, pou kòz a Jésus.
6 For our Father, who said, "Let light shine out of darkness," has shone in our hearts, giving light—knowledge of our Father's glory in the face of Jesus Christ. Paske se Bondye, ki te di: “Limyè va klere nan tenèb la”. Se Li menm nan ki te briye nan kè nou pou bay limyè de konesans a glwa Bondye a, ki se nan figi Kris Jésus a.
7 We have this treasure in clay jars, so this surpassing power is our Father's, not from us. Men nou gen trezò sa a nan po ki fèt avèk tè ajil, pou grandè a pouvwa ki depase tout bagay la, kapab sòti nan Bondye e pa nan nou menm.
8 We are afflicted in every way, but not crushed; perplexed, but not driven to despair; Nou aflije nan tout fason, men nou pa kraze; nou nan konfizyon, men nou pa nan dezespwa,
9 persecuted, but not abandoned; struck down, but not destroyed. pèsekite, men nou pa abandone. Nou pran so, men nou pa detwi.
10 We always carry Jesus's death in the body, so Jesus's life may also show in our body. Nou toujou ap pote nan kò la, lanmò Jésus, pou lavi Jésus kapab vin parèt nan kò nou.
11 We who live are always handed over to death because of Jesus, so Jesus' life may also show in our mortal flesh. Paske nou menm ki vivan yo toujou ap livre a lanmò pou kòz a Jésus, pou lavi Jésus kapab osi manifeste nan chè mòtèl nou an.
12 So then, death is at work in us, but life in you. Konsa, lanmò travay nan nou, men lavi nan ou.
13 With the same spirit of faith as it is written: "I believed, so I spoke," we too believe, so we too speak, Men avèk menm lespri lafwa a, selon sa ki ekri a: “Mwen te kwè, e akoz sa mwen te pale”, nou osi kwè, e akoz sa, nou pale;
14 knowing the one who raised the Lord Jesus will also raise us with Jesus and set us, with you, before him. avèk konesans ke Sila ki te leve Senyè a Jésus va leve nou osi avèk Jésus e va prezante nou avèk nou menm.
15 All this is for you, so that grace, reaching more and more, may overflow thanksgiving to our Father's glory. Paske tout bagay se pou koz a nou menm, pouke lagras k ap gaye a de plizanplis moun nan kapab koz anpil remèsiman pou laglwa Bondye.
16 So we don't give up. Even as our outer person decays, our inner person is renewed day by day. Donk, nou p ap dekouraje, men malgre ke lòm eksteryè nou ap dekonpoze deja lòm enteryè nou ap renouvle de jou an jou.
17 For this light, momentary suffering produces for us an eternal weight of glory beyond all comparison, Paske ti afliksyon pou yon ti tan an ap pwodwi pou nou yon pwa laglwa etènèl ki depase tout konparezon,
18 so we fix attention not on visible things but invisible ones, for the visible is passing but the invisible is eternal. pandan nou p ap gade bagay ki vizib, men bagay ki pa vizib. Paske bagay vizib yo se pou yon ti moman, men bagay ki pa vizib yo se pou tout letènite.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]