Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

2 Corinthians 5 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 We know: if our earthly tent is torn down, we have a building from our Father, a house not made by hands, eternal in the heavens. Paske nou konnen ke si tant tèrès la ki se lakay nou an vin demoli, nou gen yon kay ki sòti nan Bondye; yon kay ki pa fèt avèk men, ki etènèl nan syèl la.
2 For in this tent we groan, longing to be clothed with our heavenly dwelling, Paske vrèman, nan kay sila a, nou plenyen avèk lanvi pou nou abiye nou ak kay nou ki nan syèl la;
3 if indeed, when we have put it on, we will not be found naked. kòmsi nou konnen ke lè nou fin mete li, nou p ap janm toutouni ankò.
4 While in this tent we groan, weighed down—not wanting to be unclothed, but clothed over, so life may swallow up what is mortal. Paske vrèman, pandan nou nan tant kò sa a, nou plenyen, nou anba gwo fado, paske nou pa vle dezabiye nou, men abiye nou, jis pou sa ki mòtèl la kapab anglouti pa lavi etènèl.
5 Now the one who prepared us for this very thing is our Father, who gave us the Holy Spirit as a guarantee. Alò, Sila ki te prepare nou pou menm bi sa a, se Bondye, ki te bannou Lespri Sen kòm yon pwomès la.
6 So we're always confident, knowing that while at home in the body, we are away from the Lord, Konsa, toujou avèk bon kouraj, ak konesans ke pandan nou lakay nou nan kò a, nou absan de Senyè a,
7 for we walk by faith, not by sight. paske nou mache pa lafwa, e pa selon sa nou wè.
8 So we are confident, and prefer to leave the body and be home with the Lord. Men, mwen di nou, nou gen bon kouraj. Nou prefere pito absan de kò a pou prezan lakay nou avèk Senyè a.
9 So whether at home or away, we make it our aim to please him. Konsa nou gen osi kòm dezi, pou, kit nou lakay, kit nou absan, pou fè Li menm plezi.
10 For we must all appear before the judgment seat of Christ, each to receive what is due for what they did in the body, good or bad. Paske nou tout dwe parèt devan chèz jijman a Kris la, pou chak moun kapab rekonpanse pou zèv li nan kò a, selon sa li te fè, kit byen kit mal.
11 So knowing the fear of the Lord, we persuade people; we are plain to our Father, and I hope also plain to your conscience. Konsa, avèk konesans lakrent Senyè a, nou menm ap fè tout moun kwè, men nou vin rekonèt devan Bondye; epi mwen espere ke nou rekonèt nan konsyans pa nou yo tou.
12 We are not commending ourselves to you again, but giving you reason to be proud of us, so you have an answer for those who boast in appearance, not in heart. Nou p ap vin pale byen de pwòp tèt nou bannou ankò, men n ap bannou yon okazyon pou vin fyè de nou, pou nou kab gen yon repons a sila ki jwenn fyète nan aparans, men pa nan kè.
13 Whether out of our minds, it's for our Father; whether in our right minds, it's for you. Paske si nou vin debòde, se pou Bondye. Epi si nou nan bon sans nou, se pou nou menm.
14 For Christ's love compels us, since we're convinced: one died for all, so all died. Paske lanmou Kris la k ap bourade nou. Konsa li mennen nou a konklizyon sa a; ke yon moun te mouri pou tout moun, kidonk, tout moun te mouri.
15 He died for all, so the living would no longer live for themselves, but for the one who died for them and was raised. Li te mouri pou tout moun, pouke sila ki vivan yo pa ta viv pou tèt yo ankò, men pou Li menm ki te mouri an e ki te leve ankò pou yo a.
16 So from now on, we know no one by human standards. We once knew Christ that way too, but no longer. Pou sa a, depi koulye a nou pa rekonèt okenn moun selon lachè. Malgre ke nou te konnen Kris selon lachè, deja koulye a nou pa konnen Li fason sa a ankò.
17 So if anyone is in Christ, new creation! The old has passed away; look, the new has come! Donk Si yon moun nan Kris, Li se yon kreyati tounèf. Ansyen bagay yo vin pase. Gade byen, tout bagay vin tounèf.
18 All this is from our Father, who reconciled us to himself through Christ, giving us the ministry of reconciliation: Konsa, tout bagay sa yo sòti nan Bondye ki te rekonsilye nou a Li menm pa Kris la, e ki te bannou ministè rekonsilyasyon an.
19 That is, in Christ our Father was reconciling the world to himself, not counting their sins against them, and entrusting us with the message of reconciliation. Kòmsi ke Bondye te nan Kris ki t ap rekonsilye mond lan a Li menm, san konte ofans pa yo kont yo menm, e Li te livre bannou, pawòl a rekonsilyasyon an.
20 So we are ambassadors for Christ, as though our Father were appealing through us. We appeal on behalf of Christ: be reconciled to our Father. Konsa, nou se ambasadè pou Kris, tankou si Bondye t ap sèvi nou pou sipliye lòt. Pou sa a, nou priye nou nan non a Kris la pou nou vin rekonsilye ak Bondye.
21 For us he made him who knew no sin to be sin, so that in him we might become the righteousness of our Father. Li te fè Sila ki pa t konnen okenn peche a devni peche pou nou menm, pou nou ta kapab devni ladwati Bondye nan Li menm.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]