Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

2 Corinthians 3 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Are we starting to recommend ourselves again? Or do we, like some, need letters of recommendation to you or from you? Èske n ap kòmanse bay pwòp tèt nou lwanj ankò? Oswa èske nou menm bezwen, tankou kèk lòt moun, lèt rekòmandasyon pou nou menm, oswa petèt ki sòti de nou menm?
2 You yourselves are our letter, written on our hearts, known and read by everyone. Nou menm nan legliz Korent se lèt nou, ki ekri nan kè nou, ki rekonèt e ki li pa tout moun.
3 You show yourselves to be a letter from Christ, delivered by us—written not with ink but with the Spirit of our living Father, not on stone tablets but on tablets of human hearts. Li parèt klè ke nou se yon lèt ki sòti nan Kris la, ki pran swen pa nou menm, ki pa t ekri avèk lank, men avèk Lespri Bondye vivan an, pa sou tablèt wòch, men sou tablèt kè lòm.
4 Such is the confidence we have through Christ toward our Father. Yon konfyans konsa ke nou genyen atravè Kris la vè Bondye.
5 Not that we're competent in ourselves to claim anything as our own, but our competence is from our Father. Se pa ke nou ase fò nan nou menm pou konsidere ke tout bagay kapab sòti nan nou menm, men fòs nou an soti nan Bondye.
6 He made us competent to serve a new covenant—not of the letter but of the Spirit. For the letter kills, but the Spirit gives life. Ki te osi fè nou ase fò tankou sèvitè a yon akò tounèf, pa selon lèt la, men selon Lespri a. Paske lèt la touye, men Lespri a bay lavi.
7 If the ministry of death, carved in letters on stone, came with such glory that Israelites could not gaze at Moses' face because of its glory—a glory that was fading, Men si zèv lanmò a, ak lèt la byen grave sou wòch te vini avèk glwa, jis pou fis Israël yo pa t kapab fikse atansyon yo sou figi Moïse akoz de glwa a figi li, malgre briyans lan te kòmanse ap bese,
8 will not the ministry of the Spirit come with even greater glory? kòman zèv Lespri a p ap vin pi fò avèk laglwa a?
9 For if the ministry of condemnation had glory, how much more does the ministry of righteousness overflow with glory! Paske si zèv kondanasyon an gen glwa, konbyen anplis zèv ladwati a p ap ranpli avèk glwa?
10 What was glorious has no glory now, outshined by surpassing glory. Paske anverite, sa ki te gen glwa a, nan ka sa a pa gen glwa, akoz glwa ki depase l la.
11 For if what was fading came with glory, how much greater is the glory of what endures! Paske si sa ki disparèt la te avèk glwa, bokou plis sa ki rete a gen glwa.
12 Since we have such a hope, we act with great boldness. Konsa, akoz ke nou gen yon espwa parèy a sa a, nou sèvi ak gran kouraj nan pawòl nou yo.
13 We are not like Moses, who put a veil over his face so the Israelites couldn't stare at the end of what was fading. Se pa tankou Moïse ki te konn mete yon vwal sou figi l pou fis Israël yo pa t kab gade avèk atansyon sou fen sa ki t ap disparèt la.
14 But their minds were hardened. To this day, the same veil remains when the old covenant is read—unlifted, since only in Christ is it removed. Men tèt yo te vin di; paske jis rive nan jou sa a, nan lekti ansyen akò a, menm vwal la rete toujou san leve, paske se jis nan Kris li vin leve.
15 Yes, to this day, whenever Moses is read, a veil lies over their hearts. Men jis rive nan jou sa a, lè ekriti Moïse la vin li, yon vwal kouvri kè yo.
16 But whenever anyone turns to our Lord Jesus, the veil is taken away. Men nenpòt lè yon moun vire vè Senyè a, vwal la vin sòti.
17 Our Lord Jesus is the Spirit, and where the Spirit of our Lord Jesus is, there is freedom. Alò, Senyè a se Lespri a; e kote Lespri Senyè a ye, gen libète.
18 We all, faces unveiled, gazing at the glory of our Lord Jesus, are transformed into that same image, from glory to glory, as from our Lord Jesus, the Spirit. Men nou tout, avèk figi devwale k ap gade tankou nan yon miwa laglwa Senyè a k ap transfòme nan menm imaj a glwa sa a, jis rive nan glwa ki sòti nan Senyè a, ki se Lespri a.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]