Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

2 Corinthians 2 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 So I made up my mind not to make another painful visit to you. Men mwen te deside sa pou koz pa mwen, pou mwen pa ta vin kote nou menm nan tristès ankò.
2 For if I hurt you, who is left to cheer me but the one I hurt? Paske si m fè nou tris, kilès k ap fè m kontan, sof ke sila ke m te fè tris la.
3 I wrote this so that when I came those who should make me rejoice would not pain me, confident in all of you that my joy is the joy of you all. Sa se menm bagay ke m te ekri nou an, jis pou lè m te vini, pou mwen pa ta twouve tristès nan sila ki ta dwe fè m rejwi yo. Paske mwen gen konfyans ke m gen nan nou tout la, pou lajwa pa m ta kapab lajwa pa nou tout.
4 Out of deep distress and anguish of heart I wrote to you with many tears, not to grieve you but to show you the overflowing love I have for you. Paske se te nan anpil afliksyon ak soufrans nan kè mwen, ke m te ekri nou avèk anpil dlo nan zye; pa pou m ta fè nou tris, men pou nou ta kapab konnen lanmou pwofon ke mwen gen pou nou an.
5 But if anyone has caused pain, he has not so much pained me as, in part, all of you—I don't want to be too hard on him. Men si yon moun fè nou tris, se pa mwen li fè tris la, men, nan yon sèten sans, (jis pou m pa di twòp) a nou tout.
6 For such a person, this punishment by the majority is enough. Sifi pou yon moun konsa se pinisyon ki te enpoze pa majorite a.
7 So now instead you should forgive and comfort him, or he may be overwhelmed by excessive sorrow. Donk okontrè, nou ta pito rekonfòte e padone li, otreman pou yon moun konsa ta sibi yon tristès ki depase limit.
8 So I urge you to reaffirm your love for him. Pou sa, mwen ankouraje nou pou fè l konnen ankò, lanmou nou gen anvè li a.
9 This is also why I wrote: to test you and know whether you are obedient in everything. Paske nan bi sa, mwen osi te ekri nou pou m te kapab teste nou, si nou obeyisan nan tout bagay.
10 Anyone you forgive, I forgive too. What I have forgiven—if anything—I forgave for your sake before Christ, Men sila ke nou te padone a, mwen te padone li tou; paske anverite, sa ke m te padone a, si vrèman mwen te padone yon bagay, mwen te fè l pou koz nou nan prezans a Kris la
11 so that we would not be outwitted by Satan—for we are not unaware of his schemes. pou Satan pa t kab vin pwofite de nou; paske nou pa inyoran de manèv li yo.
12 When I came to Troas to preach the gospel of Christ, a door opened for me in the Lord, Alò, lè m te vini Troas pou levanjil a Kris la, e lè yon pòt te vin ouvri pou mwen nan Senyè a,
13 yet my spirit had no rest, for I did not find my brother Titus there. So I said goodbye and went on to Macedonia. mwen pa t gen repo nan lespri mwen, akoz mwen pa t twouve Tite, frè mwen an. Konsa, mwen te kite yo, pou mwen te kontinye vè Macédoine.
14 But thanks to our Father, who always leads us in triumph in Christ and through us spreads everywhere the fragrance of knowing him. Men gras a Bondye, ki toujou mennen nou nan viktwa Li an Kris la, e ki toujou fè parèt nan nou yon pafen ki santi bon de konesans a Li nan tout kote.
15 For we are the aroma of Christ to our Father among those being saved and those perishing, Paske nou se odè santi bon a Kris la vè Bondye pami sila k ap vin sove yo, e pami sila k ap peri yo.
16 to one, a fragrance from death to death; to the other, a fragrance from life to life. And who is sufficient for this? Pou youn, yon movèz odè ki soti nan lanmò pou rive nan lanmò, pou lòt la, yon odè ki soti nan lavi pou rive nan lavi. E kilès nan nou ki gen ase de fòs pou bagay sa yo?
17 For we're not, like so many, peddlers of our Father's word, but in sincerity, as from him, in his sight, we speak in Christ. Paske nou pa tankou anpil moun, k ap vann pawòl Bondye a. Men nan senserite, devan ze Bondye, nou pale nan Kris.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]