Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

2 Corinthians 13 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 This is the third time I'm coming to you. "Every matter must be confirmed by the testimony of two or three witnesses." Sa se twazyèm fwa m ap vin kote nou. “Chak sa ki fèt dwe konfime pa temwayaj a de oubyen twa temwen.”
2 I told those who sinned before, and everyone else, in advance—as I did in person on my second visit—and I'm telling them now while away: if I come again, I won't spare them, Mwen te di nou oparavan lè m te la nan dezyèm fwa a, e byenke m pa la koulye a, mwen di davans a sila yo ki te peche nan tan pase yo e a tout rès moun yo tou, ke si m vini ankò, mwen p ap epagne pèsòn.
3 since you want proof Christ speaks through me. He is not weak toward you but powerful among you. Paske se konsa nou ap chache prèv a Kris ki pale nan mwen an, e ki pa fèb anvè nou an, men byen pwisan nan nou.
4 For he was crucified in weakness, yet he lives by the power of our Father. For we too are weak in him, yet toward you we will live with him by the power of our Father. Paske malgre Li te krisifye akoz de feblès, deja Li vivan akoz de pwisans Bondye a. Paske nou osi, nou fèb nan Li, malgre nou va viv avèk Li akoz de pwisans Bondye anvè nou.
5 Test yourselves—are you in the faith? Examine yourselves. Don't you know Jesus Christ is in you, unless you fail the test? Fè prèv tèt nou pou wè si nou nan lafwa. Egzamine tèt nou! Oubyen èske nou pa rekonèt sa nan ou menm, ke Jésus Kri nan nou—-amwenske anfèt nou ta echwe nan tès la?
6 And I trust that you will discover that we ourselves have not failed the test. Men mwen gen konfyans ke ou va vin reyalize ke nou menm, nou pa echwe nan tès la.
7 We pray to our Father that you do nothing wrong—not to prove ourselves approved, but so you do what is right, even if we seem unapproved. Koulye a, n ap priye Bondye pou ou pa fè okenn mal; se pa pou nou kapab parèt kòmsi nou vin apwouve, men pou ou kapab fè sa ki bon, menmsi li sanble nou pa apwouve.
8 For we cannot oppose the truth, but only for the truth. Paske nou pa kapab fè anyen kont verite a, men sèlman pou verite a.
9 We rejoice when we are weak and you are strong; we also pray for your full restoration. Paske nou rejwi lè nou fèb e ou menm vin gen fòs. Se pou sa n ap priye; ke ou kapab vin konplè.
10 This is why I write these things while away, so that when present I won't need to be harsh, using the authority the Lord gave me—to build up, not tear down. Pou rezon sa a, mwen ap ekri bagay sa yo pandan mwen pa la a, jis pou lè m la, mwen p ap bezwen itilize severite mwen, selon otorite ke Senyè a te ban mwen pou bati e pa pou detwi.
11 Finally, brothers and sisters, rejoice, strive for full restoration, encourage each other, think alike, live in peace—and our Father of love and peace will be with you. Finalman, frè m yo, rejwi. Vin konplè, vin rekonfòte vin gen yon sèl panse. Viv nan lapè, epi Bondye lanmou ak lapè a va avèk nou.
12 Greet one another with a holy kiss. Salye youn lòt avèk yon beze ki sen.
13 All the holy ones greet you. Tout sen yo salye nou.
14 The grace of our Lord Jesus Christ, the love of our Father, and the deep communion of the Holy Spirit be with you all. Ke lagras Senyè a Jésus Kri, lanmou Bondye a, ak dous kominyon Lespri Sen an, rete avèk nou tout. Amen.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]