Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Galatians 1 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Paul, an apostle—not from men, nor through man, but through Jesus Christ and our Father, who raised him from the dead, Mwen, Paul, yon apot ki pa t voye pa lèzòm, ni pa okenn ajans lòm, men pa Jésus Kri, ak Bondye Papa a, ki te fè L leve soti nan lanmò—
2 and all the brothers and sisters who are with me, to the churches of Galatia: ak tout frè ki avèk mwen yo; a tout legliz nan Galatie yo:
3 Grace and peace to you from our Father and the Lord Jesus Christ, Gras pou nou menm ak lapè ki sòti nan Bondye, Papa nou an, ak Senyè a, Jésus Kri,
4 who gave himself for our sins, to rescue us from this present evil age, by our Father's will, ki te bay tèt li pou peche nou yo, pou Li ta kapab delivre nou de tan mechan sila a, selon volonte Bondye ak Papa nou an.
5 to whom be the glory forever and ever. Amen. A li menm laglwa pou tout tan. Amen.
6 I'm amazed you're so quickly turning from the one who called you by Christ's grace to a different gospel. Mwen sezi ke nou ase vit ap abandone Sila ki te rele nou pa lagras a Kris la, pou yon lòt levanjil;
7 Not that another gospel exists—but some are unsettling you, wanting to twist the gospel of Christ. ki pa vrèman yon lòt, men sèlman gen kèk moun k ap twouble nou e ki vle defòme levanjil a Kris la.
8 But even if we, or an angel from heaven, preach a gospel other than what we preached to you, let him be cursed. Men menmsi nou menm, oubyen yon zanj ki soti nan syèl la, ta preche a nou yon levanjil ki apa de sila nou te preche a nou menm nan, li ta dwe madichonnen.
9 As we said before, I now repeat: if anyone preaches to you a gospel other than what you received, let that person be cursed. Jan nou te di nou avan an, donk mwen di nou koulye a ankò, si yon moun ap preche nou yon levanjil ki kontrè de sila nou te resevwa a, li dwe madichonnen.
10 Am I seeking people's approval now, or our Father's? Am I trying to please people? If I were still trying to please people, I would not be Christ's servant. Alò, èske koulye a mwen ap chache favè lòm, oubyen Bondye? Oubyen èske m ap fòse fè lòm plezi? Si mwen t ap toujou eseye fè lòm plezi, mwen pa t ap yon sèvitè a Kris la.
11 For, brothers and sisters, I want you to know: the gospel I preached is not human in origin. Paske mwen ta fè nou konnen, frè m yo, ke levanjil ki te preche pa mwen menm nan se pa selon lòm.
12 I received it from no man, and was not taught it, but through a revelation of Jesus Christ. Paske mwen pa t ni resevwa l soti nan lòm, ni mwen pa t enstwi pou li, men mwen te resevwa l atravè yon revelasyon a Jésus Kri.
13 You've heard of my past in Judaism—how fiercely I persecuted our Father's church, trying to destroy it. Paske, nou konn tande listwa a fason lavi mwen nan lafwa Jwif la; jan mwen te konn pèsekite legliz a Bondye a depase limit, e te eseye detwi li.
14 I advanced in Judaism beyond many contemporaries among my people, far more passionate for my ancestors' traditions. Konsa, mwen t ap avanse nan relijyon Jwif la depase anpil nan moun Jwif parèy mwen yo akoz ke mwen te ekstrèmman zele pou tradisyon zansèt mwen yo.
15 But when our Father, who set me apart from my mother's womb and called me by his grace, was pleased, Men lè Bondye, ki te mete m apa depi nan vant manman m nan, e te rele mwen selon gras Li a, te kontan
16 to reveal his Son in me, so I might proclaim him among the Gentiles, I did not immediately consult anyone, pou revele Fis Li a nan mwen menm, pou mwen ta kapab preche li pami pèp etranje yo, mwen pa t nan moman sa a konsilte avèk chè ak san.
17 nor did I go up to Jerusalem, to those apostles before me, but went to Arabia, then returned to Damascus. Ni mwen pa t monte Jérusalem pou jwenn sila ki te apot avan mwen yo, men mwen te ale an Arabie, e mwen te retounen yon fwa ankò vè Damas.
18 Then, three years later, I went up to Jerusalem to get to know Peter, staying with him fifteen days. Answit twaz an pita, mwen te monte Jérusalem pou fè konesans ak Céphas, e te rete avèk li pandan kenz jou.
19 But I saw none of the other apostles except James, the Lord's brother. Men mwen pa t wè okenn nan lòt apot yo eksepte Jacques, frè a Senyè a.
20 In what I am writing to you, I assure you before our Father, I am not lying. (Alò, nan sa ke m ap ekri nou an, mwen bannou asirans devan Bondye ke mwen p ap bay manti.)
21 Then I went into the regions of Syria and Cilicia. Konsa mwen te ale nan rejyon Syrie ak Cilicie.
22 I was still personally unknown to the churches of Judea that are in Christ. Mwen te toujou enkoni devan zye a legliz Judée ki te an Kris yo,
23 They only heard: "The one who once persecuted us now preaches the faith he once tried to destroy." men sèlman, yo te kontinye tande: “Sila ki te konn pèsekite nou an koulye a ap preche lafwa ke avan li te eseye detwi a.”
24 And they glorified our Father because of me. Konsa, yo t ap bay Bondye glwa akoz de mwen menm.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]