Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Galatians 2 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Fourteen years later I went up to Jerusalem again with Barnabas, taking Titus too. Answit, apre yon espas katòz ane mwen te monte ankò Jérusalem avèk Barnabas, e mwen te pran Tite osi.
2 I went up by revelation and presented to them the gospel I preach among the Gentiles—privately, to those held in esteem—so I wouldn't be running, or have run, in vain. Se te akoz yon revelasyon ke mwen te monte a. Epi konsa, mwen te soumèt devan yo menm levanjil ke mwen preche pami pèp etranje yo. Men mwen te fè sa an prive a sila ki te gen repitasyon yo, pou lakrent ke mwen ta ka petèt kouri, oubyen te kouri anven.
3 But not even Titus, with me, though Greek, was forced to be circumcised. Men pa menm Tite ki te avèk mwen an, malgre li te yon Grèk, pa t oblije sikonsi.
4 This was because of false brothers, secretly brought in, who slipped in to spy on the freedom we have in Christ Jesus, aiming to enslave us. Men se te akoz de fo frè yo ki te antre an kachèt pou espyone libète ke nou gen nan Kris Jésus a, pou yo ta ka mennen nou nan esklavaj.
5 We did not yield to them for even a moment, so the gospel's truth would remain with you. Men nou pa t soumèt a yo menm pandan menm yon moman, pou verite levanjil la ta kapab rete avèk nou tout.
6 As for those held in esteem—whatever they were makes no difference to me; our Father shows no partiality—those held in esteem added nothing to me. Men de sila ki te gen gwo repitasyon yo—sa yo te ye pa gen enpòtans pou mwen; Bondye pa nan patipri—byen, sila ki te gen repitasyon yo pa t ogmante anyen anplis pou mwen.
7 Instead, they saw I had been entrusted with the gospel to the uncircumcised, as Peter had to the circumcised. Men okontrè, yo te wè ke levanjil la te konfye a mwen menm pou ensikonsi yo, menm jan ke li te konfye a Pierre pou sikonsi yo.
8 For the one who worked in Peter for apostleship to the circumcised worked also in me for the Gentiles. Paske Sila ki te an reyalite travay atravè Pierre kòm apot pou sikonsi yo, te an reyalite travay atravè mwen menm tou anvè pèp etranje yo.
9 Recognizing the grace given me, James, Peter, and John—reputed pillars—gave me and Barnabas the right hand of fellowship: we would go to the Gentiles, they to the circumcised. Konsa, ak rekonesans gras ke m te resevwa, Jacques, Céphas, ak Jean, ki te gen repitasyon kòm pilye lafwa yo, te ban mwen ak Barnabas lamen dwat dasosiyasyon, pou nou te kapab ale kote pèp etranje yo e yo menm kote sikonsi yo.
10 They asked only that we remember the poor—the very thing I was eager to do. Yo te sèlman mande nou pou nou sonje pòv yo bagay ke mwen te vrèman vle fè.
11 But when Peter came to Antioch, I opposed him to his face, because he stood condemned. Men lè Céphas te vini Antioche, mwen te opoze a li menm nan toudwat devan l, paske li te rete kondane.
12 Before certain men came from James, he ate with the Gentiles; but when they came, he withdrew and separated himself, fearing those of the circumcision. Paske avan moun a Jacques yo te vini, li te konn manje avèk pèp etranje yo. Men lè yo te vini, li te kòmanse fè bak pou rete a leka, akoz lakrent pati sikonsizyon an.
13 The other Jews joined him in this pretense, so even Barnabas was carried away by their pretense. Rès Jwif yo te vin jwenn avè l nan ipokrizi a, avèk rezilta ke menm Barnabas te pote ale pa ipokrizi yo a.
14 But when I saw they weren't walking rightly by the truth of the gospel, I told Peter in front of everyone, "If you, a Jew, live like a Gentile, not like a Jew, how can you force Gentiles to live like Jews?" Men lè mwen te wè ke yo pa t mache dwat selon verite levanjil la, mwen te di a Céphas nan prezans a tout moun: “Si ou menm, kòm yon Jwif, viv kon pèp etranje yo e pa tankou Jwif, kòman ou ka fòse pèp etranje yo viv tankou Jwif?
15 We ourselves are Jews by birth and not Gentile sinners, Nou menm ki se Jwif pa lanati e pa pechè ki sòti pami pèp etranje yo,
16 yet we know a person is not made right with God by law's works, but through faith in Jesus Christ. We too trusted in Christ Jesus, to be made right by faith in Christ, not law's works—for law's works make no human right. sepandan, nou konnen ke yon nonm pa jistifye pa zèv Lalwa, men atravè lafwa an Kris Jésus a, nou menm kwè nan Kris Jésus a, pou nou kapab jistifye pa lafwa an Kris, e non pa zèv Lalwa, paske pa zèv Lalwa yo, okenn chè p ap jistifye.
17 But if, seeking to be made right in Christ, we ourselves are found sinners too, is Christ then a servant of sin? Absolutely not! Men si, pandan n ap chache jistifye nan Kris, nou menm osi jwenn nou kòm pechè, èske konsa Kris se yon sèvitè a peche? Ke sa pa janm fèt!
18 For if I rebuild what I tore down, I prove myself to be a transgressor. Paske si mwen rebati sa ke, yon fwa, mwen te detwi a, mwen pwouve a tèt mwen ke mwen se yon transgresè.
19 For through the law I died to the law, so that I might live to our Father. Paske selon Lalwa a mwen te mouri a Lalwa a, pou mwen te kapab viv a Bondye.
20 I've been crucified with Christ. It is no longer I who live, but Christ who lives in me. The life I live now in the body, I live by faith in the Son of our Father, who loved me and gave himself for me. Mwen te krisifye avèk Kris, epi se pa plis Mwen ki viv, men Kris viv nan mwen. Konsa, lavi ke m viv koulye a nan lachè, mwen viv pa lafwa nan Fis a Lòm nan, ki te renmen mwen e ki te bay tèt li pou mwen.
21 I do not reject the grace of our Father; if righteousness comes through the law, then Christ died for nothing. Mwen pa anile lagras Bondye, paske si ladwati vini selon Lalwa a, alò, Kris te mouri san rezon.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]