Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Galatians 3 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Foolish Galatians, who bewitched you? Jesus Christ was displayed crucified before your eyes. O nou menm moun Galatie ensanse yo! Kilès ki gen tan mete wanga sou nou konsa, pou nou refize laverite a? Nou menm devan zye a kilès, Jésus Kri te piblikman prezante kòm krisifye a?
2 I want to learn only this from you: did you receive the Holy Spirit by works of the law, or by hearing with faith? Sèl bagay ke m vle konnen de nou; Èske nou te resevwa Lespri a pa zèv Lalwa yo, oubyen pa tande avèk lafwa?
3 Are you so foolish? Having begun by the Spirit, are you now being perfected by human effort? Èske nou si tèlman ensanse? Èske nou te kòmanse avèk Lespri a, epi koulye a nou ap vin pafè pa lachè?
4 Did you suffer so many things in vain—if it really was in vain? Èske nou te soufri tout bagay sa yo anven—si vrèman se te anven?
5 So does our Father, who lavishly gives you the Holy Spirit and works miracles among you, do this by works of the law, or by hearing with faith? Alò, èske Sila ki founi nou avèk Lespri a e ki te fè zèv mirak pami nou yo, te fè li pa zèv Lalwa yo, oubyen pa tande ak lafwa.
6 So it was with Abraham: "He believed our Father, and it was credited to him as righteousness." Malgre sa “Abraham te kwè Bondye, e sa te konte pou Li kòm ladwati.”
7 Understand, then, that those who have faith are the children of Abraham. Konsa, se pou nou asire ke se sila ki nan lafwa yo ki se fis Abraham.
8 Scripture, seeing ahead that our Father would justify the nations by faith, told Abraham the good news in advance: "In you all nations will be blessed." Lekriti sen an, ki te prevwa ke Bondye ta jistifye pèp etranje yo pa lafwa, te preche levanjil la davans a Abraham. Konsa, li te di: “Tout nasyon yo va beni nan ou”.
9 So those who have faith are blessed along with Abraham, the man of faith. Alò sila ki nan lafwa yo, beni pa Abraham, kwayan an.
10 For all who rely on works of law are under a curse, since it is written: "Cursed is everyone who does not keep doing everything written in the Book of the Law." Paske tout sa ki nan zèv Lalwa yo anba yon madichon. Paske sa ekri: “Modi se tout moun ki pa respekte tout bagay ki ekri nan liv Lalwa a, pou fè yo.”
11 Clearly, no one is justified before our Father by the law: "The righteous will live by faith." Alò, li klè ke pèsòn pa jistifye pa Lalwa devan Bondye, paske “Moun jis la va viv pa lafwa”.
12 But the law isn't grounded in faith; instead, "Whoever does them will live by them." Sepandan, Lalwa a pa selon lafwa; okontrè: “Sila ki pratike yo a va viv pa yo menm.”
13 Christ redeemed us from the law's curse by becoming a curse for us—for Scripture says, "Cursed is everyone hung on a tree." Kris te delivre nou de madichon Lalwa a, akoz Li te devni yon madichon pou nou—paske sa ekri: “Modi se tout moun ki pann sou yon bwa.”
14 He did this so that Abraham's blessing would come to the nations in Christ Jesus, so that we would receive the promised Holy Spirit through faith. Pouke nan Kris Jésus, benediksyon Abraham yo ta kapab vini pou pèp etranje yo, pou nou ta kapab resevwa pwomès a Lespri Sen an pa lafwa.
15 Brothers and sisters, let me speak in human terms: no one annuls or adds to a ratified human covenant. Frè m yo mwen pale nan tèm relasyon moun ak moun; menm si se sèlman yon akò moun, depi li fin etabli, nanpwen moun k ap mete l sou kote oubyen ajoute kondisyon ladann.
16 The promises were spoken to Abraham and his offspring. It doesn't say "and to offsprings," plural, but "and to your offspring," singular, who is Christ. Alò, pwomès yo te pale a Abraham ak posterite li. Li pa t di, “a posterite ou yo”, kòm referans a anpil moun, men de preferans a yon sèl moun: “E a posterite ou”, sa se Kris.
17 Here's my point: the law, coming 430 years later, doesn't cancel a covenant our Father already confirmed, so as to nullify the promise. Sa ke m vle di a se sa: Lalwa, ki te vini kat-san-trant ane pita a, pa anile akò sa ki te deja etabli pa Bondye, kòmsi pou anile pwomès la.
18 If the inheritance comes from law, it's no longer from promise—but our Father gave it to Abraham through promise. Paske si eritaj la baze sou lalwa, li pa baze sou yon pwomès ankò; men Bondye te bay li a Abraham pa mwayen de yon pwomès.
19 Why then the law? It was added for wrongdoings, until the offspring to whom the promise was made would come—arranged through angels by a mediator's hand. Alò, poukisa Lalwa a? Li te ajoute akoz de transgresyon yo, ki te òdone atravè zanj yo pa ajans a yon medyatè, jiskaske semans lan ta kapab rive a Sila pwomès la te fèt la.
20 Now a mediator is not for one party only; but our Father is one. Alò yon medyatè pa pou yon sèl pati, tandiske Bondye se yon sèl.
21 Is the law then against our Father's promises? Absolutely not! If a law could give life, righteousness would truly come from law. Konsa, èske Lalwa a vin kont pwomès a Bondye yo. Ke sa pa ta janm fèt! Paske si te gen yon lwa ki ta kapab bay lavi, alò, ladwati ta vrèman baze sou Lalwa.
22 But Scripture locked everything under sin, so the promise, through faith in Jesus Christ, might be given to those who believe. Men Lekriti sen an anchene tout bagay anba peche, pou pwomès la, pa lafwa nan Jésus Kri a, ta kapab bay a sila ki kwè yo.
23 Before faith came, we were guarded under the law, shut in until the coming faith was revealed. Men avan lafwa te vini, nou te kenbe kòm yon depandan anba Lalwa, sans akse a lafwa ki t ap vin revele pita.
24 So the law was our guardian until Christ, so faith could justify us. Konsa, Lalwa te devni pwofesè lekòl nou, pou mennen nou a Kris, pou nou ta kapab jistifye pa lafwa.
25 But now that faith has come, we are no longer under a guardian. Men koulye a, ke lafwa rive, nou pa anba yon pwofesè lekòl ankò.
26 For in Christ Jesus you are all children of our Father through faith. Paske nou tout se fis a Bondye pa lafwa nan Kris Jésus.
27 For all of you who were baptized into Christ have clothed yourselves with Christ. Paske nou tout ki te batize nan Kris la te abiye tèt nou avèk Kris.
28 There is neither Jew nor Greek, there is neither slave nor free, there is no male and female—for you are all one in Christ Jesus. Pa gen ni Grèk, ni Jwif, ni esklav, ni lib, pa gen ni mal ni femèl; paske nou tout se youn nan Kris Jésus.
29 And if you belong to Christ, then you are Abraham's offspring, heirs according to the promise. Epi si nou apatyen a Kris, nou se desandan a Abraham, eritye selon pwomès la.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]