Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Galatians 4 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 I mean: while the heir is a child, he's no different from a slave, though he owns everything. Men mwen di nou, toutotan ke eritye a se yon timoun, li pa distenge ditou de yon esklav, malgre ke li se mèt a tout bagay,
2 He is under guardians and trustees until the time set by his father. men li anba gadyen ak sipèvizè yo jiska dat fikse pa papa a.
3 So also we, when we were children, were enslaved under the elemental forces of the world. Menm jan an nou menm tou, lè nou te timoun, nou te kenbe an esklavaj anba prensip de baz a mond lan.
4 When the time had fully come, our Father sent his Son, born of a woman, born under the law, Men lè dat fikse a te rive, Bondye te voye Fis Li a fèt de yon fanm, fèt anba Lalwa
5 to redeem those under the law, that we might be received as sons. pou Li ta kapab delivre sila ki te anba Lalwa yo, pou nou ta kapab resevwa adopsyon kòm fis.
6 And because you are sons, our Father sent his Son's Spirit into our hearts, crying, "Abba, Father!" Akoz ke nou se fis, Bondye te voye Lespri a Fis Li a nan kè nou pandan L ap kriye: “Abba! Papa!”
7 So you're no longer a slave but a son; and if a son, then an heir through our Father. Konsa, nou pa yon esklav ankò, men yon fis; epi si yon fis, alò, yon eritye atravè Bondye.
8 Back then, not knowing our Father, you were enslaved to those not gods by nature. Sepandan, nan lè sa a, lè nou pa t konnen Bondye, nou te esklav a sila ki pa lanati pa t dye yo menm.
9 But now that you know our Father—or rather, are known by our Father—how can you turn back again to the weak, worthless elemental forces? Do you want to be enslaved by them again? Men koulye a, akoz nou vin konnen Bondye, oubyen pito di vin konnen pa Li menm, kòman ke nou vire ankò a vye prensip de baz fèb yo, pou nou ta renmen vin esklav yo ankò?
10 You are observing days and months and seasons and years! Nou obsève jou yo, mwa yo, sezon ak lane yo.
11 I fear for you—my work for you may be wasted. Mwen gen lakrent pou nou pou petèt mwen te travay ak nou anven.
12 Become like me, brothers and sisters, for I became like you. You did me no wrong. Mwen priye nou frè m yo, pou nou vin tankou mwen menm, paske mwen gen tan vin tankou nou. Nou pa t fè m okenn tò;
13 You know I first preached the gospel to you because of a bodily illness, men nou konnen ke se te akoz yon maladi nan kò a ke m te preche levanjil la a nou menm nan premye fwa a.
14 and though my condition was a trial to you, you did not despise or reject me. Instead, you welcomed me as an angel of our Father—as Christ Jesus himself. Epi sa ki te yon traka pou nou nan kondisyon kò m nan, nou pa t ni meprize ni deteste nan mwen, men nou te resevwa mwen kòm yon zanj Bondye, kòm Kris Jésus Li menm.
15 Where, then, is your blessing? I testify you'd have torn out your eyes and given them to me, if you could. Alò, kote sans benediksyon sa a gen tan ale la a? Paske mwen pran nou kòm temwen ke si te posib, nou t ap rache pwòp zye nou pou nou te ban mwen.
16 So have I now become your enemy by telling you the truth? Èske konsa mwen vin lènmi nou akoz ke m di nou Verite a?
17 They court you eagerly, but not well; they want to shut you out, so you'll court them eagerly. Yo chèche ou avèk zèl, pa pou bon rezon, men paske yo lanvi divize nou pou ou menm kapab al jwenn ak yo.
18 Passion for a good cause is always good—not only when I'm with you. Men se toujou bon si nou gen zèl pou sa ki bon, e pa sèlman lè m la avè nou.
19 My children, for whom I am again in labor pains, until Christ is shaped in you. Pitit mwen yo, ak nou m ap fè doulè akouchman nou ankò, jiskaske Kris fòme nan nou—
20 I wish I were with you now, to change my tone—I'm at a loss about you. Men mwen ta swete prezan avèk nou koulye a pou chanje jan mwen refleshi sou nou, paske mwen vin pa konprann nou.
21 Tell me, you who want to be under the law, do you not listen to the law? Di mwen, nou menm ki vle anba Lalwa a, èske nou pa tande Lalwa a?
22 For Scripture says Abraham had two sons, one by the slave woman, one by the free woman. Paske li ekri ke Abraham te gen de fis youn pa fanm ki te esklav la, e youn pa fanm ki te lib la.
23 His son by the slave woman was born by the flesh; his son by the free woman, through promise. Men fis pa fanm ki te esklav la te fèt selon lachè, e fis a fanm ki te lib la te fèt selon pwomès la.
24 This is an allegory: the women represent two covenants. One, from Mount Sinai, bears children into slavery—this is Hagar. Sa se parabòl senbolik; de fanm sa yo se de akò. Youn te fèt nan Mòn Sinaï k ap pote pitit ki va esklav yo; li menm se Agar.
25 Hagar represents Mount Sinai in Arabia and matches today's Jerusalem, since she is enslaved with her children. Alò, Agar sa a se Mòn Sinaï an Arabie. Li koresponn a Jérusalem ki la jis koulye a, paske li nan esklavaj avèk pitit li yo.
26 But the Jerusalem that is above is free, and she is our mother. Men Jérusalem ki anwo a lib. Li se manman de nou tout.
27 For it is written: Rejoice, barren woman who bears no child; burst out and shout, you who feel no labor pains; the deserted woman has more children than she who has a husband. Paske sa ekri: “Rejwi, fanm esteril ki pa fè pitit; eklate ak kri lajwa, ou menm ki pa nan doulè pou fè timoun nan: paske pitit a sila ki aflije a plis an kantite pase sila ki gen mari a.”
28 Now you, brothers and sisters, like Isaac, are children of promise. Epi nou menm, frè m yo, kòm Isaac, nou se pitit a pwomès la.
29 But as then the son born the ordinary way persecuted the son born according to the Spirit, so also now. Men menm jan nan tan sa a, sila ki te fèt selon lachè a te pèsekite sila ki te fèt selon Lespri a, se menm jan an koulye a.
30 But what does Scripture say? "Get rid of the slave woman and her son, for the slave woman's son will never inherit with the free woman's son." Men kisa Lekriti Sen an di?: “Mete fanm esklav la deyò, avèk fis li a. Paske fis a fanm esklav la pa dwe yon eritye avèk fis a fanm lib la.”
31 Therefore, brothers and sisters, we are not children of the slave woman, but of the free woman. Alò konsa, frè m yo, nou pa pitit a yon fanm esklav, men a yon fanm lib.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]