Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Galatians 5 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Christ freed us for freedom. So stand firm—don't be yoked again to slavery. Se te pou libète ke Kris te fè nou lib. Konsa, kenbe fèm pou nou pa vin soumèt nou ankò a yon jouk esklavaj.
2 Listen: I, Paul, tell you—if you get circumcised, Christ will benefit you nothing. Gade, mwen menm, Paul, di nou ke si nou resevwa sikonsizyon, Kris p ap fè nou okenn benefis.
3 I testify again: every man who accepts circumcision must keep the whole law. Epi mwen temwaye ankò a tout moun ki resevwa sikonsizyon, ke li anba obligasyon pou kenbe tout Lalwa a.
4 You seeking justification by law are severed from Christ; you have fallen from grace. Nou gen tan vin sevre de Kris, nou menm k ap chache vin jistifye pa Lalwa. Nou tonbe kite lagras.
5 For through the Holy Spirit, by faith, we eagerly await the hope of righteousness. Paske nou menm, atravè Lespri a, pa lafwa, n ap tann esperans ladwati a.
6 For in Christ Jesus neither circumcision nor uncircumcision matters—only faith working through love. Paske nan Kris Jésus ni sikonsizyon, ni ensikonsizyon pa vle di anyen, men lafwa k ap aji atravè lanmou a.
7 You were running well. Who cut in on you to keep you from obeying the truth? Nou t ap kouri byen! Kilès ki te vin jennen nou pou nou pa obeyi verite a?
8 This persuasion does not come from our Father, who calls you. Enfliyans sa a pa t sòti nan Sila ki te fè apèl de nou an.
9 A little yeast leavens the whole batch of dough. Yon ti kras ledven fè tout boul pen an vin leve.
10 I'm confident in the Lord you'll take no other view; whoever is troubling you will bear the judgment. Mwen gen konfyans nan nou nan Senyè a, ke nou p ap adopte okenn lòt opinyon. Men sila k ap twouble nou an va pote pwòp jijman pa li, nenpòt moun li ye a.
11 But brothers, if I still preach circumcision, why am I still persecuted? Then the cross's offense is abolished. Men mwen, frè m yo, si mwen toujou preche sikonsizyon, poukisa mwen toujou pèsekite? Alò, konsa blòk k ap fè moun bite a, ki se lakwa a, vin aboli.
12 I wish those who are unsettling you would emasculate themselves! Mwen swete ke sila k ap twouble nou yo ta menm chatre pwòp kò yo.
13 You were called to freedom, brothers—just don't let that freedom become a foothold for the flesh; instead, serve each other through love. Paske nou te rele pou libète, frè m yo. Sèlman pa fè libète nou an vin tounen yon opòtinite pou lachè, men selon lanmou, pou nou sèvi youn lòt.
14 For the whole law is fulfilled in one command: "You will love your neighbor as yourself." Paske tout Lalwa a akonpli nan yon pawòl, nan fraz la; “Ou va renmen pwochen ou tankou pwòp tèt ou.”
15 But if you bite and devour each other, watch that you aren't destroyed by each other. Men si nou mòde e devore youn lòt, fè atansyon pou nou pa fin manje youn lòt nèt.
16 But I say: walk by the Spirit, and you won't carry out the flesh's cravings. Men mwen di nou mache pa Lespri a, e nou p ap akonpli dezi lachè yo.
17 The sinful nature wants what opposes the Spirit, and the Spirit what opposes the sinful nature; they conflict, so you don't do what you want. Paske lachè mete dezi li yo kont Lespri a, e Lespri a kont lachè. Sila yo opoze a youn lòt, pou nou pa ta fè tout sa ke nou pito.
18 But if you are led by the Spirit, you are not under the law. Men si nou mennen pa Lespri a, nou pa anba Lalwa.
19 The sinful nature's works are obvious: sexual immorality, impurity, reckless indulgence. Alò, zèv lachè yo klè: Imoralite, salte, sansyalite
20 Idolatry, sorcery, hostilities, strife, jealousy, angry outbursts, selfish ambitions, divisions, factions, idolatri, fè maji, fè lènmi konfli, jalouzi, fè kòlè, dispite youn kont lòt, divizyon
21 envy, drunkenness, wild parties, and things like these. I warn you now, just as before: those who practice such things won't inherit the kingdom of our Father. lanvi, bwè tafya, banbochè, e tout bagay konsa yo, ke m avèti nou, menm jan ke m te avèti nou an, ke sila ki pratike bagay sa yo p ap eritye wayòm Syèl la.
22 But the fruit of the Spirit is love, joy, peace, patience, kindness, goodness, faithfulness, Men fwi Lespri a se lanmou, lajwa, lapè, pasyans, ladousè, bonte, fidelite
23 gentleness, self-control. Against such things there is no law. jantiyès, tanperans; kont bagay sa yo, pa gen lwa.
24 And those who belong to Christ Jesus have crucified the sinful nature with its passions and desires. Alò, sila ki pou Kris Jésus yo gen tan krisifye lachè avèk tout pasyon ak dezi li yo.
25 If we live by the Spirit, let us also keep in step with the Spirit. Si nou viv pa Lespri a, annou osi mache pa Lespri a.
26 Let us not become conceited, provoking one another, envying one another. Pa kite nou vin gen ògèy, ni pwovoke youn lòt ni gen lanvi kont youn lòt.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]