Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Galatians 6 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Brothers, if someone is caught in a sin, you who are spiritual should restore him gently. Watch yourself, so you aren't tempted too. Frè m yo, menm si yon moun vin kenbe nan nenpòt transgresyon, nou menm ki posede Lespri Bondye a, restore li avèk yon lespri dousè. Epi nou chak veye sou tèt nou pou nou pa osi vin tante.
2 Carry one another's burdens, and in this way you will fulfill the law of Christ. Pote fado youn pou lòt, e konsa lalwa Kris la akonpli.
3 For if anyone thinks he is something when he is nothing, he deceives himself. Paske si yon moun panse ke li menm se yon bagay lè vrèman li pa anyen, li twonpe pwòp tèt li.
4 Each one must test their own work. Then their reason to boast will be in themselves alone, not in comparison with their neighbor. Men chak moun dwe egzamine pwòp zèv pa li, epi konsa li va gen rezon pou vante tèt li pou sa ke li menm fè, e pa pou sa yon lòt moun fè.
5 For each one will have to carry his own load. Paske chak moun va pote pwòp chaj pa l.
6 The one who is taught the word must share all good things with the one who teaches. Sila k ap aprann pawòl la dwe pataje tout bon bagay avèk sila ki enstwi l la.
7 Don't be fooled—our Father can't be mocked: whatever a person sows, they'll also reap. Pa twonpe tèt nou; Bondye p ap moke; paske sa ke yon moun simen, se sa menm ke li va rekòlte.
8 Whoever sows to his sinful nature reaps corruption from it; whoever sows to the Holy Spirit reaps eternal life from the Spirit. Paske, sila ki simen pou pwòp chè li a, va, selon lachè, rekòlte koripsyon, men sila ki simen pou Lespri a, va, selon Lespri a, rekòlte lavi etènèl.
9 Let's not tire of doing good—we'll reap a harvest in due time if we don't give up. Annou pa dekouraje nan fè byen, paske lè lè a rive, nou va rekòlte si nou pa fatige.
10 So then, as we have opportunity, let's do good to all—especially to the household of faith. Alò pandan nou gen tan an, annou fè byen ak tout moun, e sitou a sila ki nan fanmi lafwa yo.
11 See what large letters I am writing to you with my own hand! Gade ak kalite gwo lèt m ap ekri nou avèk pwòp men mwen.
12 Those pushing circumcision on you want to look good. They do this only to avoid being persecuted for Christ's cross. Sila ki vle parèt bèl nan lachè yo eseye fòse nou sikonsi; senpleman pou yo menm pa ta pèsekite pou koz lakwa a Kris.
13 For not even the circumcised themselves keep the law; they want you circumcised so they can boast about your flesh. Paske sila ki sikonsi yo pa menm kenbe Lalwa pou tèt yo, men yo desire fè nou sikonsi pou yo kapab vante tèt yo nan lachè pa nou.
14 But may I never boast except in the cross of our Lord Jesus Christ, through which the world has been crucified to me, and I to the world. Men ke sa pa janm fèt pou m ta vante tèt mwen, eksepte nan lakwa a Senyè nou an, Jésus Kris. Atravè Li menm mond lan fin krisifye pou mwen, e mwen menm pou mond lan.
15 Neither circumcision nor uncircumcision matters; only a new creation does. Paske nan Kris Jésus, sikonsi pa anyen, ni pa sikonsi pa anyen, men nou devni yon kreyasyon tounèf.
16 Peace and mercy to all who follow this rule, and to the Israel of our Father. Epi pou sila ki va mache pa prensip sila a, lapè ak gras sou yo, e sou Israël Bondye a.
17 From now on, let no one trouble me, for I carry Jesus's marks on my body. Depi koulye a, pa kite pèsòn koze pwoblèm pou mwen, paske mwen pote sou kò m mak a Jésus yo.
18 The grace of our Lord Jesus Christ be with your spirit, brothers. Amen. Ke gras a Senyè nou an Jésus Kris kapab rete avèk Lespri nou, frè m yo. Amen.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]