Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

2 Corinthians 12 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 I must keep boasting—no profit in it—yet I'll move on to visions and revelations of the Lord. Vante tèt pa bon, men malgre ke li pa gen pwofi, kite m rive nan vizyon ak revelasyon Senyè a.
2 Fourteen years ago, a man in Christ—I know him—was swept up to the third heaven. Whether in the body or out, I can't say; our Father knows. Mwen konnen yon nonm an Kris, ki katòzan pase—-si se te nan kò li, m pa konnen, oubyen si se pa t nan kò li, m pa konnen, Bondye konnen——yon nonm konsa te monte nan twazyèm syèl la.
3 And I know this man—whether in the body or out of the body, I do not know; our Father knows. Epi mwen konnen jan yon nonm konsa——si se nan kò li oubyen apa de kò li, mwen pa konnen (Bondye konnen),
4 Was caught up into paradise and heard inexpressible words, things that no one is permitted to speak. jan li te rale anwò nan Paradi e li te tande pawòl ki pa t kapab eksprime, ke yon nonm pa gen pèmèt pou l pale.
5 I will boast about this man, but I will not boast about myself, except in my weaknesses. Pou yon nonm konsa ak eksperyans li yo, mwen va anfle; men pou mwen, mwen p ap anfle, eksepte nan sa ki gade a feblès mwen.
6 If I wanted to boast, I wouldn't be a fool, since I'd be speaking the truth. But I hold back, so no one credits me beyond what he sees in me or hears from me, Paske si mwen vle vante tèt mwen, mwen p ap fè foli; paske se verite m ap pale. Men m ap sispann fè sa pou pèsòn pa fè mwen kredi pou plis ke sa li wè nan mwen oubyen tande de mwen.
7 and because these revelations were so extraordinary, therefore, so I wouldn't grow arrogant, I was given a thorn in my flesh, a messenger of Satan to torment me—so I wouldn't grow arrogant. Akoz grandè a revelasyon yo depase tout bagay, pou rezon sa a, pou anpeche m vante tèt mwen, mwen te resevwa yon pikan nan chè a, yon mesaje Satan pou toumante mwen, pou anpeche mwen vante tèt mwen.
8 Three times I pleaded with the Lord about this, that it would leave me. Konsènan sa, mwen te priye Senyè a twa fwa pou sa te kab sòti sou mwen.
9 But he told me, "My grace is enough for you, for my power is perfected in weakness." So I'll gladly boast all the more in my weaknesses, so Christ's power may rest on me. Men Li te di mwen: “Lagras mwen sifi pou ou, paske pouvwa a vin konplè nan feblès”. Konsa, avèk kè kontan, mwen va pito vante tèt mwen de feblès mwen, jis pou pouvwa Kris la kapab rete nan mwen.
10 So I'm content with weaknesses, insults, hardships, persecutions, and troubles for Christ's sake. For when I'm weak, then I'm strong. Konsa mwen byen kontan avèk feblès yo, avèk ensilt yo, avèk twoub yo, avèk pèsekisyon yo, avèk difikilte yo, pou koz a Kris. Paske lè m fèb, se nan moman sa a ke m gen fòs.
11 I've become foolish—you forced me to it. For I should have been commended by you, for I was no way inferior to the so-called super-apostles, even though I am nothing. Koulye a, mwen te gen tan vin fou. Nou menm, nou te fòse m fè sa. Anverite, mwen ta dwe felisite pa nou menm, paske nan okenn jan, mwen pa t enferyè de apot pi wo yo, malgre mwen menm, mwen pa anyen.
12 A true apostle's signs were done among you with all endurance: signs, wonders, and mighty works. Sign a yon vrè apot te fèt pami nou avèk tout pèseverans, pa sign, mèvèy ansanm ak mirak yo.
13 How were you worse off than the rest of the churches—except that I didn't burden you? Forgive me this wrong! Paske nan ki sans nou te trete kòm enferyè a rès legliz yo, eksepte mwen menm, m pa t vin yon chaj pou nou? Padone mwen pou mal sa a.
14 Look, this is the third time I'm ready to come to you, and I won't burden you—I don't want what's yours, but you. Children shouldn't save for their parents, but parents for their children. Sa fè pou yon twazyèm fwa ke m prè pou vin kote nou, e mwen p ap yon chaj pou nou; paske mwen p ap chèche sa ke nou posede, men kè nou menm. Paske se pa timoun yo ki responsab pou ekonomize pou paran yo, men paran yo pou timoun yo.
15 I will very gladly spend and be spent for your souls—loving you more, am I loved less? Mwen va avèk kè kontan depanse e konsakre m pou nanm nou. Si m renmen nou plis konsa, èske nou dwe renmen m mwens?
16 Let it be so—I didn't burden you. But sly as I am, I caught you by trickery. Men malgre jan sa kapab ye a mwen menm, mwen pa t mete chaj tèt mwen bannou. Sepandan, nonm malen ke mwen ye, mwen te vin pran nou pa riz.
17 Did I take advantage of you through any of those I sent to you? Éske mwen te pran avantaj sou nou, swa fè kòb sou nou atravè okenn nan sila ke mwen te voye bannou yo?
18 I urged Titus to go and sent the brother with him. Did Titus exploit you? Didn't we walk by the same spirit, in the same steps? Mwen te ankouraje Tite pou ale, e mwen te voye frè a avèk li. Éske Tite te pran okenn avantaj sou nou? Èske nou pa t kondwi tèt nou nan menm lespri a e mache sou menm pa yo?
19 Do you think we've been defending ourselves to you all along? We speak in Christ before our Father—all of it, loved ones, for building you up. Èske ou kwè ke n ap sèlman fè eskiz pwòp tèt nou devan nou menm. Anverite se te devan zye Bondye ke nou pale an Kris la. Men nou fè tout sa pou edifikasyon nou, byeneme yo.
20 I fear that when I come, I won't find you as I want, and you won't find me as you want—that there'll be quarreling, jealousy, outbursts of anger, selfish ambition, slander, gossip, arrogance, and disorder. Paske mwen pè ke petèt lè m vin kote nou, pou mwen pa twouve nou jan mwen swete l la, e pou nou pa jwenn mwen jan nou swete l la; pou petèt kapab genyen kont, jalouzi move jan, dispit, kout lang tripotay, awogans, ak tapaj.
21 I fear that when I come again, my Father may humble me before you, and I'll grieve over many who sinned earlier and haven't turned from the impurity, sexual sin, and lust they practiced. Mwen pè ke lè m vini ankò pou Bondye mwen an pa rabese m devan nou, e pou mwen pa gen tristès pou anpil nan sila ki te peche nan tan pase yo e ki pa t repanti de salte, imoralite, ak sansyalite ke yo te fè yo.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]