Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

2 Corinthians 11 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 I wish you'd tolerate a little foolishness from me—and you do tolerate me. Mwen swete ke nou ta ban mwen pèmisyon pou yon ti foli; men anfèt nou ban mwen l deja.
2 I am jealous for you with our Father's jealousy, having betrothed you to one husband, to present you as a pure virgin to Christ. Paske mwen jalou pou nou avèk yon jalouzi ki sòti nan Bondye. Paske mwen te fyanse nou ak yon mari, pou m ta kapab prezante nou a Kris kòm yon vyèj ki san tach.
3 But I fear that, as the serpent deceived Eve by his cunning, your minds may be corrupted from sincere, pure devotion to Christ. Men mwen pè pou menm jan ke Eve te twonpe pa riz sèpan an, pou panse nou ta de yon fason oubyen yon lòt detounen de devosyon sensè e san tach de Kris la.
4 If someone comes and proclaims another Jesus than we proclaimed, or you receive a different spirit than you received, or a different gospel than you accepted, you tolerate it well enough. Paske si yon moun vini pou preche yon lòt Jésus, ke nou menm pa t preche, oswa nou resevwa yon lòt lespri ke nou pa t resevwa, oswa yon lòt levanjil ke nou pa t aksepte, nou ase tolere sa.
5 Yet I consider that I am not in the least inferior to those "super-apostles." Paske mwen pa konsidere tèt mwen kòm enferyè a pi gran apot yo.
6 Even if unskilled in speech, I'm not unskilled in knowledge; we've made this clear to you in every way, in everything. Men menmsi mwen manke abil nan pale, deja mwen pa konsa nan konesans. Anfèt, nan tout aspè, sa te deja fèt klè de nou tout, nan tout bagay.
7 Or did I sin by humbling myself so you'd be lifted up, since I preached our Father's gospel to you free of charge? Oubyen èske mwen te fè yon peche lè m te aksepte imilye tèt mwen pou nou menm ta kapab egzalte, paske m te preche levanjil Bondye a nou menm san frè?
8 I robbed other churches by accepting support from them in order to serve you. Okontrè, mwen te vòlè lòt legliz yo lè m te pran kòb soutyen lan nan men yo pou sèvi nou.
9 When I was with you and in need, I burdened no one—brothers from Macedonia supplied what I lacked. I kept myself from burdening you in any way, and will keep doing so. Lè m te prezan avèk nou nan nesesite, mwen pa t devni yon chaj pou okenn moun; paske lè frè yo te vini sòti Macédoine, yo te satisfè tout bezwen m yo, e nan tout bagay mwen te kenbe tèt mwen pou mwen pa t vin yon chaj pou nou menm, e m va kontinye fè menm bagay la.
10 Since Christ's truth is in me, this boast won't be silenced in Achaia's regions. Jan verite Kris la nan mwen an vante tèt mwen an p ap tèmine fèt nan zòn Achaïe yo.
11 Why? Because I do not love you? Our Father knows that I do! Poukisa? Paske mwen pa renmen nou? Bondye konnen ke m renmen nou!
12 And what I am doing I will keep on doing, in order to cut off the opportunity of those who want an opportunity to be regarded as our equals in the things they boast about. Men m ap kontinye fè sa ke m ap fè a pou m kapab rachte okazyon de sila yo ki vle twouve yon okazyon pou moun konsidere yo egal avèk nou nan bagay ke y ap vante tèt yo.
13 For these people are false apostles, deceitful workers, disguising themselves as apostles of Christ. Paske moun konsa yo se fo apot yo ye, ouvriye twonpè k ap degize tèt yo tankou apot a Kris yo.
14 And no wonder, for even Satan disguises himself as an angel of light. Sa pa yon gwo sipriz, paske menm Satan degize tèt li tankou yon zanj limyè.
15 So it's no surprise his servants also disguise themselves as servants of righteousness. Their end will be according to their deeds. Konsa, se pa yon sipriz si sèvitè li yo degize tèt yo tankou sèvitè ladwati Bondye yo, ki va tèmine menm jan kon pwòp zèv pa yo.
16 Again I say, let no one think me foolish. But if you do, accept me as foolish, so I too may boast a little. Ankò mwen di, ke pèsòn pa panse ke mwen fou. Men si nou panse sa, resevwa m menm tankou moun fou, pou mwen tou kapab vante tèt mwen tou piti.
17 What I say in this confident boasting, I say not as the Lord would, but as a fool. Sa m ap di a, mwen p ap di li jan Senyè a ta pale, men yon jan fou, konsi, m ap vante tèt mwen an.
18 Since many boast by human standards, I too will boast. Akoz ke anpil moun vante tèt yo selon lachè, mwen va vante tèt mwen konsa tou.
19 For you gladly put up with fools, since you are so wise! Men nou menm ki tèlman saj, tolere foli a avèk kè kontan.
20 You tolerate it if someone enslaves you, if someone devours you, if someone takes advantage of you, if someone acts superior, if someone slaps your face. Paske nou tolere li si yon moun fè nou esklav, si yon moun devore nou, si yon moun pran avantaj de nou, si yon moun egzalte tèt li, menm si yon moun bannou kou nan figi.
21 I say this to my shame: we were too weak for that. But whatever anyone dares to boast of—I speak foolishly—I dare too. Nan wont mwen, mwen oblije di ke nou te twò fèb pa konparezon. Men nan nenpòt bagay respekte nenpòt lòt moun se plen ak kouraj (mwen pale ak foli), mwen menm, mwen gen kouraj menm jan an.
22 Are they Hebrews? So am I. Israelites? So am I. Descendants of Abraham? So am I. Èske se Ebre yo ye? Mwen menm tou, mwen Ebre. Èske se Izrayelit yo ye? Mwen menm tou, mwen se Izrayelit. Èske se desandan Abraham yo ye? Mwen menm tou.
23 Servants of Christ? I speak as a madman—I am more so: with far more labors, more imprisonments, beatings beyond measure, and often near death. Èske se sèvitè a Kris yo ye? (Mwen pale tankou moun fou) Mwen menm tou, plis nan travay, bokou plis nan pran prizon. Mwen te bat depase mezi, mwen te souvan nan danje lanmò.
24 Five times I received from the Jews the forty lashes minus one. Senk fwa mwen te resevwa nan men Jwif yo trant-nèf kout fwèt.
25 Three times beaten with rods, once stoned, three times shipwrecked; a night and day I spent in the deep. Twa fwa mwen te bat avèk baton, yon fwa mwen te lapide avèk wòch, twa fwa mwen te nan bato ki kraze nan lanmè, yon jou ak yon nwit mwen te pase nan fon lanmè.
26 Always traveling: in danger from rivers, in danger from robbers, in danger from my own people, in danger from Gentiles, in danger in the city, in danger in the wilderness, in danger at sea, in danger among false brothers; Souvan mwen te fè vwayaj, an danje nan rivyè, danje ak vòlè, danje ak pwòp moun peyi mwen, danje ak moun etranje yo danje nan vil yo, danje nan dezè, danje sou lanmè, e danje pami fo frè yo.
27 in toil and hardship, through many sleepless nights, in hunger and thirst, often without food, in cold and exposure. Mwen te nan travay, nan sikonstans difisil, nan anpil nwit san dòmi, nan grangou ak swaf, souvan san manje, nan fredi e san rad.
28 Besides all else, daily pressure weighs on me: anxiety for all the churches. Apa kondisyon ekstèn sa yo, gen fòs opresyon chak jou sou mwen pou sousi mwen gen pou tout legliz yo.
29 Who is weak, and I am not weak? Who is made to stumble, and I do not burn with indignation? Kilès ki vin fèb, san m pa fèb tou? Kilès ki lage nan peche, san gwo sousi mwen.
30 If I must boast, I will boast of the things that show my weakness. Si mwen dwe vante tèt mwen, m ap vante tèt mwen de sa ki apatyen a feblès mwen.
31 Our Father, the Father of our Lord Jesus and blessed forever, knows I'm not lying. Bondye e Papa a Senyè a Jésus Li menm ki beni pou tout tan an, konnen ke m p ap bay manti.
32 In Damascus, Aretas the king's governor guarded the city to seize me, Nan Damas gouvènè anba Arétas, wa a t ap veye vil moun Damas yo pou l te kapab sezi mwen.
33 but through a window in the wall I was lowered in a basket, and escaped his hands. Se konsa mwen te kite lòt moun desann mwen nan yon panyen pa fenèt nan mi an, e se konsa m te chape nan men li.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]