Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

2 Corinthians 10 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 I, Paul, myself appeal to you by the meekness and gentleness of Christ—I who am humble face to face with you, but bold toward you when away. Koulye a, mwen menm Paul, mwen ankouraje nou pa imilite ak dousè a Kris la—mwen menm ki enb lè mwen fasafas avèk nou, men plen ak kouraj anvè nou lè m absan!
2 I beg that when present I won't need to be bold—with the confidence I plan to use against those who think we live by human standards. Mwen mande ke lè m prezan ke m p ap oblije vin parèt ak menm fòs kouraj la pou mwen ta vin advèsè kèk moun ki konsidere nou tankou moun ki te mache selon lachè.
3 For though we live in the body, we do not wage war by human standards. Paske malgre ke n ap mache nan lachè, nou pa fè lagè selon lachè,
4 For our weapons of war are not merely human but powerful through our Father to demolish strongholds. paske zam lagè nou yo pa nan lachè, men ranpli ak pwisans Bondye pou detwi barikad yo.
5 We tear down arguments and every proud thing raised against the knowledge of our Father, taking every thought captive to obey Christ. N ap detwi tout sipozisyon avèk tout ògèy ki vin leve kont konesans Bondye a, e nou ap mennen tout panse kaptif yo nan obeyisans a Kris la.
6 And we are ready to punish every act of disobedience, once your obedience is complete. Konsa, nou prè pou pini tout dezobeyisans, lè obeyisans nou an fin ranpli.
7 You look at things by appearance. If anyone is sure he belongs to Christ, let him consider this again: as he belongs to Christ, so do we. Nou menm ap gade bagay yo kòmsi, pa deyò. Si nenpòt moun gen konfyans nan tèt li ke li pou Kris, kite li konsidere sa ankò nan lespri li, ke menm jan li nan Kris la nou menm osi, nou nan Li.
8 For even if I boast a little too much about the authority the Lord gave us—to build you up, not tear you down—I won't be ashamed. Paske menm si m ta vante tèt mwen yon ti kras anplis pou otorite nou ke Senyè a te bay pou bati nou menm e pa pou detwi nou, mwen p ap wont.
9 I do not want to seem as though I am trying to frighten you with my letters. Paske mwen pa vle li sanble ke m ta entimide nou pa lèt mwen yo.
10 For they say, "His letters are weighty and forceful, but in person he's weak and his speaking counts for nothing." Paske, yo di: “Lèt li yo lou e dyanm, men prezans pèsonèl li pa enpresyonan ditou, e jan li pale vrèman meprizab.”
11 Such a person should realize: what we say by letter when absent, we will do when present. Kite yon moun konsa konsidere sa; ke sa nou ye nan lèt nou yo lè nou absan, se menm moun nan ke nou ye nan aksyon lè nou la.
12 We dare not classify or compare ourselves with some who commend themselves. Measuring themselves by themselves, comparing themselves with themselves, they show no understanding. Paske nou p ap tante sèvi kouraj nou pou konpare oswa klase nou menm avèk kèk nan sila ki rekòmande tèt yo. Men lè yo mezire tèt yo ak yo menm e konpare tèt yo avèk yo menm, yo san konprann.
13 But we won't boast beyond limits, only within the measure of the sphere our Father assigned us—a measure reaching even to you. Men nou p ap vante tèt nou plis ke mezi nou, men nan domèn kote Bondye te chwazi nou kòm yon mezi, pou menm rive kote nou ye a.
14 We aren't overreaching, as if we had not reached you, for we were the first to reach as far as you with the gospel of Christ. Paske nou p ap lonje depase kapasite nou menm, kòmsi li pa t rive bò kote nou, paske nou te premye pou vini jis rive kote ou nan levanjil Kris la.
15 We don't boast beyond limit in others' labors, but hope that as your faith grows, our sphere among you will expand greatly, Nou p ap vante tèt nou depase mezi pa nou, kòmsi, nan zèv a lòt moun, men avèk espwa ke pandan lafwa nou ap grandi, nou va, nan mezi nou, agrandi menm plis akoz nou menm.
16 so we can preach the gospel in regions beyond you, without boasting in work already done in someone else's territory. Konsa nou ka preche levanjil menm nan zòn pi lwen nou yo, e pa vante tèt nou nan travay ki te fèt nan landwa a yon lòt.
17 But "let the one who boasts, boast in our Father." Men “Sila k ap vante tèt li a, kite li vante tèt li nan Senyè a.”
18 For it is not the one commending himself who is approved, but the one our Father commends. Paske se pa sila ki rekòmande tèt li a ki apwouve, men se sila ki rekòmande pa Bondye a.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]