Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

2 Chronicles 27 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Jotham was twenty-five when he became king; he reigned sixteen years in Jerusalem. His mother was Jerushah, daughter of Zadok. Jotham te gen laj venn-senkan lè l te devni wa a, e li te renye sèzan Jérusalem. Non manman li te Jeruscha, fis a Tsadok la.
2 He did right in the eyes of our Father, as his father Uzziah had done—except he did not enter the temple of our Father. Yet the people still acted wrongfully. Li te fè sa ki dwat nan zye SENYÈ a, selon tout sa ke papa Ozias te konn fè. Men li pa t antre nan tanp SENYÈ a. E pèp la te kontinye aji konwonpi.
3 He built the Upper Gate of our Father's house, and built much on Ophel's wall. Li te bati pòtay pi wo lakay SENYÈ a, e li te bati anpil menm sou miray Ophel la.
4 He built cities in Judah's highlands, and in the forests he built forts and towers. Anplis, li te bati vil nan peyi kolin a Juda yo, e li te bati fò avèk fòterès sou ti kolin ki te bwaze yo.
5 He fought the king of the Ammonites and defeated them. That year the Ammonites gave him 7,500 pounds of silver, 50,000 bushels of wheat, and 50,000 of barley—the same in the second and third years. Li te goumen osi avèk wa Amonit yo, e li te genyen yo jiskaske Amonit yo te ba li nan menm ane sa a, san talan an ajan, di-mil barik ble ak di-mil barik lòj. Amonit yo te peye li menm fòs sa a nan dezyèm ak twazyèm ane a.
6 So Jotham grew strong, because he kept his conduct right before his Father. Konsa, Jotham te vin trè pwisan akoz li te fè afè li an lòd devan SENYÈ a, Bondye li a.
7 The rest of Jotham's acts, all his wars and deeds, are written in the Book of the Kings of Israel and Judah. Alò, tout lòt zèv a Jotham yo, menm tout gè li yo avèk zèv li yo, gade byen, yo ekri nan Liv A Wa Israël Avèk Juda Yo.
8 He was twenty-five years old when he became king, and he reigned sixteen years in Jerusalem. Li te gen venn-senkan lè l te vin wa e li te renye sèzan Jérusalem.
9 Jotham rested with his ancestors; they buried him in the city of David, and his son Ahaz reigned in his place. Konsa, Jotham te dòmi avèk papa zansèt li yo, e yo te antere li lavil David. Achaz, fis li a, te devni wa nan plas li.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]