Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

2 Chronicles 28 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Ahaz became king at twenty; he reigned sixteen years in Jerusalem. He did not do right in our Father's eyes, as his ancestor David had. Achaz te gen laj a ventan lè l te devni wa e li te renye sèzan Jérusalem. Li pa t fè sa ki bon nan zye SENYÈ a, jan David, papa zansèt li a, te konn fè a,
2 Instead, he walked in the ways of Israel's kings and cast metal idols for the Baals. men li te mache nan chemen a wa Israël yo. Anplis, li te fè imaj fonn pou Baal yo.
3 He burned incense in Ben-Hinnom Valley and burned his sons in fire, copying detestable practices of the nations our Father drove out before Israel. Li te brile lansan nan vale Ben-Hinnon e li te brile fis li yo nan dife, selon abominasyon a nasyon ke SENYÈ a te chase mete deyò devan fis Israël yo.
4 He sacrificed and burned incense on the high places, the hills, and under every leafy tree. Li te fè sakrifis e te brile lansan sou wo plas yo, sou ti mòn yo e anba chak bwa vèt.
5 So our Father gave him to Aram's king, who struck him, took many captives to Damascus; he was also given to Israel's king, who struck him a heavy blow. Pou sa, SENYÈ a, Bondye li a, te livre li nan men a wa Syrie. Konsa, yo te bat li e te pote ale de li yon gran kantite kaptif pou te fè yo rive Damas. Li te anplis livre nan men a wa Israël la ki te aflije li avèk anpil moun mouri.
6 Pekah son of Remaliah killed 120,000 brave men of Judah in one day, because they abandoned our Father, the God of their ancestors. Paske Pékach, fis Remalia a, te touye nan Juda, pandan yon sèl jou, san-ven-mil òm, tout mesye ki plen kouraj yo, akoz yo te abandone SENYÈ a, Bondye a papa zansèt yo.
7 Zichri, an Ephraim warrior, killed Maaseiah the king's son, Azrikam the palace commander, and Elkanah, the king's second. Epi Zicri yon nonm pwisan nan Éphraïm, te touye Maaséja, fis a wa a avèk Azrikam, chèf a kay wayal la, e Elkana, dezyèm apre wa a.
8 Israel captured 200,000 relatives—women, sons, daughters—and much plunder, carrying it off to Samaria. Fis Israël yo te pote ale an kaptivite pami frè yo de-san-mil fanm Judah, fis ak fi. Anplis yo te pran anpil piyaj ki sòti nan yo, e te mennen piyaj la Samarie.
9 Oded, a prophet of our Father, was there. He met the army returning to Samaria: "See, our Father, the God of your ancestors, was angry with Judah, so he handed them to you. But you killed them with rage reaching heaven. Men yon pwofèt SENYÈ a ki te rele Oded te la. Li te sòti deyò pou rankontre lame ki te vini Samarie a e li te di yo: “Gade byen, paske SENYÈ a zansèt ou yo te fache avèk Juda, Li te livre yo nan men nou, e nou te touye yo ak gwo laraj ki te rive jis nan syèl la.
10 Now you intend to enslave Judah and Jerusalem's people, male and female. Aren't you yourselves guilty of sins against your Father? Alò, nou ap pwopoze pou fè pou kont nou, pèp a Juda avèk Jérusalem yo vin soumèt kòm esklav mal ak femèl. Anverite, èske nou menm pa gen transgresyon pou kont nou kont SENYÈ a, Bondye nou an?
11 Now listen: send back the relatives you captured, for our Father's fierce anger is on you." Alò, pou sa, koute mwen e remèt kaptif ke nou te fè prizonye pami frè nou yo, paske kòlè SENYÈ a byen cho kont nou.”
12 Some Ephraimite chiefs—Azariah son of Johanan, Berechiah son of Meshillemoth, Jehizkiah son of Shallum, Amasa son of Hadlai—opposed those coming from battle. Alò, kèk nan chèf a fis Éphraïm yo——Azaria, fis a Jochanan nan, Bérékia, fis a Meschillémoth la, Ézéchias, fis a Schallum nan e Amasa, fis a Hadlaï a——te leve kont sila ki t ap retounen soti nan batay la.
13 "Don't bring the captives here," they said. "You plan to add to our sins and guilt against our Father. Our guilt is already great, and fierce anger hangs over Israel." Yo te di yo: “Fòk nou pa mennen kaptif yo anndan isit la, paske nou ap tante mennen sou nou koupabilite kont SENYÈ a, ki va ogmante peche nou avèk koupabilite nou. Paske koupabilite nou vin tèlman gran ke kòlè Li vin kont Israël.”
14 So the soldiers handed the captives and plunder in front of the officials, before the whole assembly. Pou sa, mesye ki t ap pote zam yo te kite kaptif yo avèk piyaj la devan ofisye yo avèk tout asanble a.
15 The named men took the captives and clothed all the naked from the plunder. They gave them clothes and sandals, food and drink, and anointed them with oil. They set the feeble on donkeys, brought them to their fellow Israelites at Jericho, city of palms, then returned to Samaria. Epi mesye ki te chwazi pa non yo te leve, pran kaptif yo, yo te mete rad ki sòti nan piyaj la sou sila ki te toutouni yo. Yo te bay yo rad avèk sandal, yo te bay yo manje e te bay yo bwè, e yo te onksyone yo avèk lwil. Yo te mennen tout sila ki te fèb yo sou bourik e te fè yo rive Jéricho, vil palmis yo, kote frè yo. Konsa, yo te retounen Samarie.
16 At that time King Ahaz sent to the king of Assyria for help. Nan lè sa a, Wa Achaz te voye kote wa Asiryen yo pou jwenn soutyen.
17 The Edomites had invaded Judah once again and carried off captives, Paske ankò, Edomit yo te vin atake Juda e te mennen yo sòti kaptif.
18 while Philistines raided Judah's lowland and Negev towns, seizing Beth-shemesh, Aijalon, Gederoth, Soco, Timnah, and Gimzo with their villages, and settled there. Filisten yo osi te atake vil nan ba plèn yo avèk Negev nan Juda e te pran Beth-Schémesch, Ajalon, Guedéroth, Soco avèk vil pa li yo, Thimna avèk vil pa li yo e Guimzo avèk vil pa li yo, epi yo te vin abite la.
19 Our Father humbled Judah because of Ahaz king of Israel, who spread wrongdoing in Judah and betrayed our Father completely. Paske SENYÈ a te imilye Juda akoz Achaz, wa Israël la. Paske li te fè rive yon mank de lòd nan Juda e te manke fidèl anpil a SENYÈ a.
20 Tiglath-pileser king of Assyria came to Ahaz, but Tiglath-pileser brought him trouble instead of help. Pou sa, Tilgath-Piléser, wa Assyrie a te vini kont li, e te aflije li olye de ranfòse li.
21 Ahaz stripped our Father's house, the royal palace, and the officials of their treasures, giving them to Assyria's king—yet it brought him no help. Sepandan, Achaz te pran yon pòsyon sòti nan kay SENYÈ a e sòti nan palè wa a ak chèf yo pou te bay li a wa Assyrie a, men sa pa t ede li.
22 In his time of distress, this same King Ahaz became even more unfaithful to our Father. Alò, nan tan gwo pwoblèm pa li, menm Wa Achaz sila a te vin peche plis devan SENYÈ a.
23 He sacrificed to Damascus's gods, his defeaters, thinking, "Aram's kings' gods helped them; I'll sacrifice to them so they'll help me." But they ruined him and all Israel. Paske li te fè sakrifis a lòt dye Damas yo ki te bat li yo. Li te di: “Akoz dye a wa Syrie yo te ede yo, mwen va fè sakrifis de yo pou yo kab ede mwen.” Men yo te koze chit li avèk tout Israël.
24 Ahaz gathered the articles of our Father's house and cut them to pieces, shut the doors of our Father's house, and set up altars for himself at every corner in Jerusalem. Anplis, lè Achaz te ranmase ansanm tout zouti lakay Bondye yo, li te koupe tout zouti yo an mòso. Li te fèmen pòt lakay SENYÈ a, e te fè lotèl pou li nan chak kwen nan Jérusalem.
25 In every Judah town he built high places to burn offerings to other gods, angering our Father, the God of his ancestors. Nan chak vil nan Juda, li te fè wo plas pou brile lansan a lòt dye yo, e li te pwovoke SENYÈ a, Bondye a papa zansèt li yo, a lakòlè.
26 The rest of his deeds and all his ways, first to last, are written in the Book of the Kings of Judah and Israel. Alò, tout lòt zèv avèk chemen li yo, soti nan premye a jis rive nan dènye a, men gade byen, yo ekri nan Liv A Wa A Juda yo Avèk Israël yo.
27 Ahaz rested with his ancestors, buried in Jerusalem, but not in Israel's kings' tombs. His son Hezekiah reigned instead. Konsa, Achaz te dòmi avèk papa zansèt li yo, e yo te antere li nan vil Jérusalem nan; paske yo pa t mennen li antre nan tonm a wa Israël yo. Epi Ézéchias, fis li a, te renye nan plas li.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]