Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

2 Chronicles 29 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Hezekiah became king at twenty-five, reigning twenty-nine years in Jerusalem. His mother: Abijah, daughter of Zechariah. Ézéchias te devni wa a laj venn-senkan. Li te renye pandan vent-nevan Jérusalem. Non manman li te Abija, fi Zacharie a.
2 He did right in our Father's eyes, just as his father David had done. Li te fè sa ki bon nan zye SENYÈ a selon tout sa ke papa zansèt li a, David te fè.
3 In his reign's first year, first month, he opened the doors of our Father's house and repaired them. Nan premye ane règn li a, nan premye mwa a, li te ouvri pòt lakay SENYÈ a e te repare yo.
4 He brought in the priests and the Levites and gathered them in the eastern square. Li te mennen prèt yo avèk Levit yo, e te rasanble yo nan plas sou lès la.
5 He told them, "Hear me, Levites! Dedicate yourselves now, and dedicate our Father's house, the God of your fathers, and remove the filth from the Holy Place. Konsa, li te di yo: “Koute mwen, O Levit yo. Konsakre nou menm koulye a, konsakre lakay SENYÈ a, Bondye a papa zansèt nou yo, e pote sa ki pa pwòp deyò pou l vin yon lye sen.
6 Our ancestors were unfaithful, doing evil in our Father's eyes; they abandoned him, turned their faces from our Father's dwelling, and turned their backs. Paske papa nou yo pa t fidèl. Yo te fè mal nan zye a SENYÈ Bondye nou an. Yo te abandone Li, e yo te vire fas yo lwen plas kote SENYÈ a rete a. Yo te vire do yo.
7 They also shut the entrance hall doors, extinguished the lamps, and did not burn incense or offer burnt offerings in the sanctuary to our Father, the God of Israel. Anplis, yo te fèmen pòt sou galeri yo, etenn lanp yo, e yo pa t brile lansan ni ofri ofrann brile nan lye sen Bondye Israël la.
8 So our Father's anger fell on Judah and Jerusalem, making them an object of terror, horror, and scorn, as you see with your own eyes. Pou sa, kòlè SENYÈ a te kont Juda avèk Jérusalem, e Li te fè yo vin yon objè gwo etonman abominab avèk laperèz ak siflèt ki fèt sou yo, jan nou wè avèk pwòp zye nou an.
9 For our fathers fell by the sword; our sons, daughters, and wives are captive for this. Paske gade byen, pou sa, papa zansèt nou yo fin tonbe anba nepe, e fis yo avèk fi yo avèk madanm nou yo vin nan esklavaj akoz sa.
10 Now I intend to make a covenant with our Father, the God of Israel, so his fierce anger turns from us. Alò, sa nan kè m pou fè yon akò avèk SENYÈ a, Bondye Israël la, pou chalè kòlè Li a kapab detounen kite nou.
11 My sons, don't be negligent now—our Father chose you to stand before him, serve him, be his servants, and burn incense." Fis mwen yo, koulye a, pa kite nou vin lach nan moman sa a, paske SENYÈ a te chwazi nou pou kanpe devan L, pou fè sèvis pou Li, pou devni sèvitè Li epi brile lansan.”
12 The Levites stood: Kohathites—Mahath, Amasai's son, and Joel, Azariah's son; Merarites—Kish, Abdi's son, and Azariah, Jehallelel's son; Gershonites—Joah, Zimmah's son, and Eden, Joah's son; Konsa, Levit yo te leve: Machath, fis a Amasaï a, Joël, fis a Azaria a, soti nan fis a Keatit yo; epi soti nan fis a Merari yo, Kis, fis a Abdi a, Azaria, fis a Jehalléleel la; epi soti nan Gèshonit yo, Joach, fis a Zimma a, Éden, fis a Joach la;
13 of the sons of Elizaphan, Shimri and Jeiel; of the sons of Asaph, Zechariah and Mattaniah; epi soti nan fis a Élitsaphan yo, Schimri avèk Jeïel, fis a Asapah yo, Zacharie avèk Matthania;
14 of the sons of Heman, Jehiel and Shimei; and of the sons of Jeduthun, Shemaiah and Uzziel. epi soti nan fis a Héman yo, Jehiel avèk Schimeï; epi soti nan fis a Jeduthun yo, Schemaeja avèk Uzziel.
15 They gathered their brothers, made themselves holy, and went to clean our Father's house, as the king commanded by our Father's words. Yo te rasanble frè yo, yo te konsakre yo menm, e te antre pou netwaye lakay SENYÈ a, selon kòmandman a wa a, selon pawòl SENYÈ a.
16 The priests entered our Father's inner house to cleanse it, bringing all the impurity they found in our Father's temple out to the courtyard. The Levites carried it out to the Kidron brook. Pou sa, prèt yo te antre nan pati enteryè lakay SENYÈ a pou netwaye li, epi chak bagay yo te twouve ki pa t pwòp nan tanp SENYÈ a, yo te mete li deyò nan lakou lakay SENYÈ a. Depi la, Levit yo te resevwa l pou pote l rive nan Vale Cédron an.
17 They began dedicating the first day of month one; by the eighth day of that month, they reached our Father's entrance hall. They dedicated the house of our Father eight days, finishing the sixteenth day of month one. Alò, yo te kòmanse fè konsekrasyon an, epi nan premye jou, nan premye mwa a, e nan uityèm jou nan mwa a, yo te rive sou galeri SENYÈ a. Konsa, yo te konsakre lakay SENYÈ a nan ui jou e yo te fini sou sèzyèm jou nan premye mwa a.
18 Then they came in to King Hezekiah and said, "We have cleaned all of our Father's house—the altar of burnt offering with all its utensils, and the table of the Bread of the Presence with all its utensils. Alò, yo te antre kote Wa Ézéchias la, e yo te di: “Nou fin netwaye tout kay SENYÈ a, lotèl ofrann brile a avèk tout zouti li yo ak tab pen konsakre a avèk tout zouti li yo.
19 All the utensils King Ahaz discarded during his unfaithful reign we have prepared and dedicated—they stand before our Father's altar." Anplis, tout zouti ke Wa Achaz te abandone pandan règn enfidèl li a, nou te fin prepare e konsakre yo. Epi vwala, yo la devan lotèl SENYÈ a.”
20 King Hezekiah rose early, gathered the city's officials, and went up to our Father's house. Konsa, Wa Ézéchias te leve bonè. Li te rasanble chèf lavil yo, e te monte vè lakay SENYÈ a.
21 They brought seven bulls, seven rams, seven lambs, seven male goats as a sin offering for the kingdom, sanctuary, and Judah, and he commanded Aaron's sons, the priests, to offer them on our Father's altar. Yo te mennen sèt towo, sèt belye, sèt jèn mouton ak sèt mal kabrit kòm ofrann peche pou wayòm nan, pou sanktyè a ak pou Juda. Epi li te kòmande prèt yo, fis a Aaron yo, pou ofri yo sou lotèl SENYÈ a.
22 They killed the bulls; the priests took the blood and splashed it on the altar. They killed the rams and splashed the blood on the altar, then killed the lambs and splashed the blood on the altar. Konsa, yo te touye towo yo. Prèt yo te pran san an e te aspèje li sou lotèl la. Anplis, yo te touye belye yo, e te aspèje san an sou lotèl la. Yo te touye, osi, jèn mouton yo e te aspèje san an sou lotèl la.
23 They brought the sin-offering goats before the king and assembly, and laid their hands on them. Alò, yo te mennen mal kabrit yo pou ofrann peche devan wa a avèk asanble a, e yo te poze men sou yo.
24 The priests slaughtered them and made a sin offering with their blood on the altar to atone for all Israel, because the king had ordered the burnt offering and sin offering for all Israel. Prèt yo te touye yo, e te lave lotèl la avèk san yo pou fè ekspiyasyon pou tout Israël, paske wa a te kòmande ofrann brile avèk ofrann peche pou tout Israël.
25 He stationed the Levites in our Father's house with cymbals, harps, and lyres, as David, Gad the king's seer, and Nathan the prophet commanded—for the command came from our Father through his prophets. Apre, li te estasyone Levit yo lakay SENYÈ a avèk senbal yo, avèk ap e avèk linstriman kòd yo, selon kòmand David la avèk Gad, konseye wa a, ak Nathan, pwofèt la; paske kòmand lan te sòti nan SENYÈ a pa pwofèt li yo.
26 The Levites stood with the instruments of David, and the priests with the trumpets. Levit yo te kanpe avèk enstriman mizik a David yo, prèt yo avèk twonpèt yo.
27 Hezekiah ordered the burnt offering on the altar; when it began, the song of our Father began too, with the trumpets and the instruments of David, king of Israel. Ézéchias te bay lòd pou fè ofrann brile sou lotèl la. Lè ofrann brile yo te kòmanse, chan SENYÈ a te kòmanse tou avèk twonpèt yo, avèk enstriman a David yo, wa Israël la.
28 The whole assembly bowed, the singers sang, the trumpeters sounded, until the burnt offering was finished. Pandan tout asanble a t ap fè adorasyon, chantè yo osi t ap chante e twonpèt yo t ap sone; tout sa te kontinye jiskaske ofrann brile a te fini.
29 When the offering ended, the king and all present with him bowed and worshiped. Alò, nan fen tout ofrann brile yo, wa a avèk tout moun ki te prezan avèk li yo te bese ba pou te fè adorasyon.
30 King Hezekiah and the officials had the Levites praise our Father with words from David and Asaph the seer. They sang for joy, bowed low, and worshiped. Anplis, Wa Ézéchias avèk ofisye yo te kòmande Levit yo pou chante lwanj a SENYÈ a avèk pawòl a David yo, avèk Asaph, konseye a. Konsa, yo te chante lwanj avèk jwa e te bese ba pou te fè adorasyon.
31 Then Hezekiah said, "You have now dedicated yourselves to our Father. Come near, bring sacrifices and thank offerings to our Father's house." So the assembly brought sacrifices and thank offerings; all willing hearts brought burnt offerings. Epi Ézéchias te di: “Koulye a, akoz nou te konsakre nou menm a SENYÈ a, vin pre pou pote sakrifis avèk ofrann remèsiman lakay SENYÈ a.” Epi asanble a te pote sakrifis yo avèk ofrann remèsiman yo. Tout moun ki te vle, yo te pote ofrann brile.
32 The assembly brought seventy bulls, one hundred rams, 200 lambs—all as a burnt offering to our Father. Kantite a ofrann brile ke asanble a te pote yo te swasann-dis towo, san belye ak de-san jèn mouton. Tout sila yo te pou fè yon ofrann brile a SENYÈ a.
33 And the consecrated offerings were 600 bulls and 3,000 sheep. Bagay konsakre yo te sis-san towo ak twa-mil mouton.
34 The priests were too few to skin all the burnt offerings, so their Levite brothers helped them until the work was done and until the priests made themselves holy; the Levites were more honest in heart to make themselves holy than the priests. Men prèt yo pa t ase e pou sa, yo pa t kapab kòche tout ofrann brile yo. Konsa, frè yo nan Levit yo te ede yo jiskaske travay la te fini, e jiskaske lòt prèt yo te fin konsakre yo menm. Paske Levit yo te pi dedye pou konsakre yo menm pase prèt yo.
35 Besides the many burnt offerings, there was fat from peace offerings and drink offerings for them. So the service of our Father's house was restored. Te gen osi anpil ofrann brile avèk grès a ofrann lapè yo, avèk ofrann bwason pou ofrann brile yo. Konsa, sèvis lakay SENYÈ a te vin etabli ankò.
36 Hezekiah and all the people rejoiced over what our Father prepared for them, since it happened suddenly. Epi Ézéchias avèk tout pèp la te rejwi sou sa ke Bondye te prepare pou pèp la, akoz bagay la te rive sibitman.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]