Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

2 Chronicles 30 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Hezekiah sent word to all Israel and Judah, and wrote letters to Ephraim and Manasseh, to come to the house of our Father in Jerusalem to keep the Passover to our Father, the God of Israel. Alò, Ézéchias te voye kote tout Israël avèk Juda, e anplis, li te ekri lèt a Éphraïm avèk Manassé pou yo ta vini lakay SENYÈ a Jérusalem pou selebre Pak SENYÈ a, Bondye Israël la.
2 The king, his officials, and the whole assembly in Jerusalem had decided to keep the Passover in the second month, Paske wa a avèk chèf pa li yo ak tout asanble Jérusalem nan te pran desizyon pou selebre Pak la nan dezyèm mwa a.
3 since they could not keep it then, because too few priests had made themselves holy and the people had not gathered at Jerusalem. Yo fè sa akoz yo pa t ka selebre li nan lè sa a, akoz prèt yo potko konsakre yo menm an kantite ase, ni pèp la potko rasanble Jérusalem.
4 The plan seemed right to the king and to all the assembly, Konsa, bagay la te kòrèk nan zye a wa a avèk tout asanble a.
5 so they sent a proclamation throughout Israel, from Beersheba to Dan, that the people should come to Jerusalem to keep the Passover to our Father, the God of Israel; for they had not kept it together in great numbers as written. Pou sa, yo te etabli yon dekrè pou sikile kòm yon pwoklamasyon pami tout Israël soti nan Beer-Schéba jis rive menm nan Dan, pou yo ta kapab vin selebre Pak SENYÈ a, Bondye Israël la, Jérusalem. Paske yo pa t selebre li an gran nonb depi lè li te premye etabli a.
6 The couriers went through all Israel and Judah with letters from the king and his officials, ordered by the king: "Children of Israel, return to our Father, the God of Abraham, Isaac, and Israel, so he may return to the remnant of you who survived and escaped the power of the kings of Assyria. Mesaje yo te ale patou nan tout Israël avèk Juda avèk lèt soti nan men a wa a avèk chèf li yo menm, selon lòd a wa a. Yo te di: “O fis Israël yo, retounen kote SENYÈ a, Bondye Abraham nan, Isaac, avèk Israël la, pou Li kapab retounen kote sila nan nou ki fin chape e retire soti nan men a wa Asiryen yo.
7 Do not be like your fathers and brothers, who were unfaithful to our Father, the God of their fathers, so he made them a desolation, as you see. Pa fè tankou papa zansèt nou yo avèk frè nou yo ki pa t fidèl a SENYÈ a, Bondye a papa zansèt yo, jiskaske li te fè yo parèt tankou yon laperèz etonan, jan nou wè a.
8 Don't be stubborn like your fathers; give yourselves to our Father and come to his sanctuary, which he dedicated forever, and serve your Father, so his fierce anger turns from you. Alò, pa fè tèt di tankou papa zansèt nou yo, men bay plas a SENYÈ a. Antre nan sanktyè ke Li te konsakre jis pou tout tan an, e sèvi SENYÈ a, Bondye nou an, pou kòlè Li k ap brile a kapab vire kite nou.
9 For if you return to our Father, your brothers and your children will find compassion from their captors and return to this land. For your Father is gracious and merciful; he will not turn his face from you if you return to him." Paske si nou retounen kote SENYÈ a, frè nou yo avèk fis nou yo va jwenn mizerikòd devan sila ki te mennen yo an kaptivite yo, e yo va retounen nan peyi sa a. Paske SENYÈ a, Bondye nou an, plen gras avèk konpasyon e Li p ap vire fas Li kite nou si nou retounen kote Li.”
10 The couriers went from city to city through Ephraim and Manasseh to Zebulun, but the people laughed at them and mocked them. Pou sa, mesaje yo te pase soti nan yon vil a yon lòt vil, toupatou nan peyi Éphraïm avèk Manassé, e soti rive Zabulon. Men yo te fè grimas sou yo, yo te giyonnen yo, e moke yo.
11 Even so, some from Asher, Manasseh, and Zebulun humbled themselves and came to Jerusalem. Sepandan, kèk nan mesye Aser yo, Manassé, avèk Zabulon yo te imilye yo, e yo te vini Jérusalem.
12 The hand of our Father was also on Judah, giving them one heart to do what the king and officials commanded by the word of our Father. Anplis, men Bondye te sou Juda pou bay yo yon sèl kè pou fè sa ke wa a avèk chèf yo te kòmande yo a, pa pawòl SENYÈ a.
13 A very large assembly gathered at Jerusalem to keep the Feast of Bread Without Yeast in the second month. Alò, anpil moun te rasanble Jérusalem pou selebre Fèt Pen San Ledven an nan dezyèm mwa a, yon asanble ki te trè trè gran.
14 They set to work and removed the altars in Jerusalem, and they took away all the incense altars, throwing them into the Kidron Valley. Yo te leve e te retire fo lotèl ki te Jérusalem yo. Anplis, yo te retire tout fo lotèl lansan yo e te jete yo nan flèv Cédron an.
15 They slaughtered the Passover lamb on the fourteenth of the second month. The priests and Levites were ashamed, so they dedicated themselves and brought burnt offerings to the house of our Father. Epi yo te touye jèn mouton Pak yo nan katòzyèm jou nan dezyèm mwa a. Konsa, prèt yo avèk Levit yo te vin wont a yo menm, e te konsakre yo menm, e te pote ofrann brile yo lakay SENYÈ a.
16 They stood at their posts by custom, as the Law of Moses the man of God requires; the priests sprinkled the blood the Levites handed them. Yo te kanpe nan estasyon pa yo selon koutim pa yo, selon lalwa Moïse la, nonm Bondye a. Prèt yo te aspèje san ke yo te resevwa nan men Levit yo.
17 Many in the assembly had not dedicated themselves, so the Levites were in charge of killing the Passover lambs for everyone unclean, to dedicate them to our Father. Paske te gen anpil prèt nan asanble a ki pa t konsakre yo menm. Pou sa, Levit yo te responsab pou touye jèn mouton Pak yo ki te pou tout sila ki pa t pwòp yo, pou yo ta kapab vin konsakre yo a SENYÈ a.
18 A large number of the people, many from Ephraim, Manasseh, Issachar, and Zebulun, had not purified themselves, yet ate the Passover, though not as written. But Hezekiah prayed for them: "May our good Father pardon everyone, Paske yon foul nan pèp la, menm anpil nan Éphraïm avèk Manassé, Issacar ak Zabulon pa t pirifye yo menm, sepandan yo te manje Pak la yon lòt jan ke sa ki te premye etabli a. Paske Ézéchias te priye pou yo e te di: “Ke SENYÈ a kapab padone
19 who sets his heart to seek our Father, the God of his fathers, though not clean by the sanctuary's rules." tout sila ki prepare kè yo pou chache Bondye, SENYÈ a, Bondye a papa zansèt li yo, malgre se pa selon règleman pou pirifikasyon nan sanktyè a.”
20 And our Father listened to Hezekiah and healed the people. Pou sa, SENYÈ a te tande Ézéchias e te geri pèp la.
21 The Israelites in Jerusalem kept the Feast of Bread Without Yeast seven days with great joy, and day by day the Levites and priests praised our Father with loud instruments resounding to him. Fis a Israël ki te la Jérusalem yo te selebre Fèt Pen San Ledven an pandan sèt jou avèk gran jwa, e Levit yo avèk prèt yo te louwe SENYÈ a, jou apre jou, avèk enstriman ki te fè gwo son a SENYÈ a.
22 Hezekiah spoke encouragingly to all the Levites skilled in serving our Father. For seven days they ate their festival share, offering peace offerings and giving thanks to our Father, the God of their fathers. Epi Ézéchias te pale ankourajman a tout Levit ki te montre gwo kapasite pou afè SENYÈ yo. Konsa, yo te manje pandan sèt jou ki te chwazi yo pandan yo t ap fè sakrifis ofrann lapè yo e t ap bay remèsiman a SENYÈ a, Bondye a papa zansèt yo a.
23 Then the whole assembly agreed to keep the feast another seven days, and they kept it seven more days with joy. Anfen, tout asanble a te deside selebre yon lòt sèt jou ankò, e yo te selebre sèt jou yo avèk kè kontan.
24 Hezekiah king of Judah gave the assembly 1,000 bulls and 7,000 sheep, and the officials gave 1,000 bulls and 10,000 sheep, and many priests dedicated themselves. Paske Ézéchias, wa Juda a, te bay asanble a mil towo ak sèt-mil mouton; epi prens yo te bay yon mil towo ak di-mil mouton. Konsa, yon gran kantite nan prèt yo te konsakre yo menm.
25 All Judah's assembly rejoiced, with the priests, the Levites, the whole assembly that came from Israel, and the foreigners from Israel's land and those living in Judah. Tout asanble Juda a te rejwi avèk prèt yo ak Levit yo ak tout asanble ki te sòti an Israël la, ni vwayajè ki te sòti nan peyi Israël yo ansanm ak sila ki te rete Juda yo.
26 Great joy filled Jerusalem, for nothing like this had happened there since the days of Solomon son of David, king of Israel. Konsa, te gen gwo lajwa Jérusalem, akoz pa t janm genyen yon bagay parèy a sa Jérusalem depi nan jou a Salomon yo, fis David la, wa Israël la.
27 The priests and Levites rose to bless the people, and their voice was heard; their prayer reached his holy home in heaven. Epi prèt Levit yo te leve pou te beni pèp la. Vwa yo te tande, e lapriyè yo te rive nan lye sen Li an, menm nan syèl la.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]