Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

2 Chronicles 31 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 When this ended, all Israel present went out to the towns of Judah, smashed the sacred pillars, cut down the Asherah poles, and tore down the high places and altars throughout Judah, Benjamin, Ephraim, and Manasseh, destroying them completely. Then all Israel returned to their towns, each to his own property. Alò, lè tout sa te fini, tout Israël ki te prezan te sòti antre nan vil Juda yo. Yo te kraze pilye Asherim yo an mòso, yo te koupe poto Asherim yo, e te rale fè desann wo plas yo avèk lotèl yo pami tout Juda avèk Benjamin e anplis, nan Éphraïm avèk Manassé, jiskaske yo te detwi yo tout. Epi tout fis Israël yo te retounen nan vil pa yo, yo chak nan posesyon pa yo.
2 Hezekiah assigned the priests and Levites to their divisions, each by his service, priests and Levites alike, for burnt offerings and peace offerings, to serve, give thanks, and praise in the gates of our Father's camps. Konsa, Ézéchias te apwente divizyon a prèt yo ak Levit yo pa divizyon pa yo, yo chak selon sèvis pa yo, prèt yo avèk Levit yo pou ofrann brile avèk ofrann lapè yo, pou fè sèvis e bay remèsiman avèk lwanj nan pòtay kan SENYÈ a.
3 The king gave from his own wealth for the burnt offerings—morning and evening burnt offerings, and those for Sabbaths, new moons, and appointed feasts—as written in our Father's law. Li te etabli osi pòsyon wa a nan byen pa li pou ofrann brile yo, pou ofrann maten avèk aswè a, ofrann brile pou Saba yo, pou nouvèl lin yo e pou fèt etabli yo, jan sa ekri nan lalwa SENYÈ a.
4 He told Jerusalem's residents to give the priests' and Levites' portion, so they could devote themselves to our Father's law. Anplis, li te kòmande moun ki te rete Jérusalem yo pou bay pòsyon ki te dwa a prèt yo avèk Levit yo, pou yo ta kapab dedye pwòp tèt yo a lalwa SENYÈ a.
5 As soon as the order spread, Israelites abundantly gave firstfruits of grain, new wine, oil, honey, and all the field's produce, and brought in the tenth of everything abundantly. Depi lòd la te fin gaye, fis Israël yo te mete disponib an abondans, premye fwi nan sereyal yo, diven nèf, lwil, siwo myèl ak tout pwodwi chan an; epi yo te pote an abondans dim nan de tout bagay.
6 The Israelites and Judahites living in Judah's towns also brought the tenth of cattle and sheep, and the tenth of what was dedicated to our Father, piling them in heaps. Fis a Israël avèk Juda ki te rete lavil Juda yo, anplis, te pote fè antre dim nan bèf avèk mouton yo, e dim nan don sen ki te konsakre a SENYÈ a, Bondye pa yo a, e te plase yo nan gwo pil yo.
7 They began piling the heaps in the third month, finishing in the seventh. Nan twazyèm mwa a, yo te kòmanse fè pil yo e te fin fè yo nan setyèm mwa a.
8 Hezekiah and the officials came, saw the heaps, and blessed our Father and his people Israel. Lè Ézéchias avèk chèf yo te vin wè gwo pil yo, yo te beni SENYÈ a avèk pèp Israël Li a.
9 Hezekiah asked the priests and Levites about the heaps. Epi Ézéchias te kesyone prèt yo avèk Levit yo sou gwo pil yo.
10 Azariah the chief priest, of Zadok's house, answered him, "Since people began bringing contributions into our Father's house, we've eaten well with plenty remaining, for our Father blessed his people, leaving this large surplus." Azaria, chèf prèt lakay Tsadok la te di li: “Depi don yo te kòmanse antre lakay SENYÈ a, nou te gen kont pou nou manje avèk anpil ki te rete, paske SENYÈ a te beni pèp Li a, e gran kantite sila a rete toujou.”
11 Then Hezekiah ordered them to prepare storerooms in the house of our Father, and they prepared them. Epi Ézéchias te kòmande yo pou prepare chanm lakay SENYÈ a e yo te prepare yo.
12 They faithfully brought in the contributions, the tenth, and dedicated gifts. Conaniah the Levite led them; Shimei his brother was second. Yo te byen fidèl nan pote dim avèk ofrann avèk bagay konsakre yo. Epi Conania, Levit la, te ofisye an chaj sou yo, e frè l, Schimeï te dezyèm nan.
13 Jehiel, Azaziah, Nahath, Asahel, Jerimoth, Jozabad, Eliel, Ismachiah, Mahath, and Benaiah oversaw, under Conaniah and his brother Shimei, appointed by King Hezekiah and Azariah, chief officer of our Father's house. Jehiel, Azazia, Nachath, Asaël, Jerimoth, Jozabad, Éliel, Jismakia, Machath avèk Benaja te anplwaye anba direksyon Conania avèk frè l, Schimeï, selon chwa Wa Ézéchias yo, e Azaria te ofisye prensipal lakay Bondye a.
14 Kore son of Imnah, the Levite gatekeeper toward the east, oversaw the voluntary offerings to our Father, distributing our Father's contributions and the most holy gifts. Koré, fis a Jimna a, Levit la, gadyen pòtay lès la, te chèf sou ofrann bòn volonte a Bondye yo, pou fè distribisyon don pou SENYÈ a avèk bagay ki sen pase tout lòt bagay yo.
15 Under him, Eden, Miniamin, Jeshua, Shemaiah, Amariah, and Shecaniah served faithfully in the priestly towns, distributing to fellow priests by divisions, great and small alike, Anba otorite li, te gen Éden, Minjamin, Josué, Schemaeja, Amaria ak Schecania, nan vil prèt yo pou separe, fidèlman, bay frè pa yo pa divizyon yo, piti kon gran,
16 besides giving to those registered by genealogy, males three and up—all entering the house of our Father for daily duty—for their service by office and division. anplis de sa yo ki te sou chif zansèt yo, pou gason soti nan laj trantan oswa plis yo—tout moun ki te antre lakay SENYÈ a kòm obligasyon chak jou yo—pou travay nan devwa yo selon divizyon yo;
17 Priests were registered by clans; Levites twenty and up, by duty and division. ansanm ak prèt ki te anrejistre pa zansèt yo selon lakay papa zansèt pa yo, e Levit yo soti nan laj a ventan oswa plis, selon devwa yo ak divizyon yo.
18 They were registered with all their little ones, wives, sons, and daughters—the whole community—for they faithfully dedicated themselves in holiness. Anrejistreman pa zansèt yo te kontwole tout timoun yo, madanm yo, fis yo ak fi yo, pou tout asanble a, paske yo te konsakre yo menm, fidèlman, nan sentete.
19 For Aaron's priestly descendants living in the pasture-fields around their towns, men were named in each and every town to give shares to every male priest and all Levites listed by genealogy. Anplis, pou fis a Aaron yo, prèt yo, ki te nan teren patiraj lavil yo, oswa nan chak vil menm, te gen mesye ki te dezinye pa non pou fè distribisyon pòsyon a chak gason pami prèt yo e chak ki te anrejistre pa zansèt li yo pami Levit yo.
20 Hezekiah did this throughout all Judah. He did what was good, right, and faithful before our Father. Konsa, Ézéchias te fè patou nan tout Juda; epi li te fè sa ki te bon e dwat devan SENYÈ a, Bondye li a.
21 In all he undertook—serving the house of our Father, keeping the law and command, seeking our Father—he gave his whole heart, and thrived. Tout èv ke li te kòmanse fè nan sèvis lakay Bondye a, nan lalwa avèk kòmandman an, nan chache Bondye li a, li te fè yo avèk tout kè li, e li te byen reyisi.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]