Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

2 Chronicles 32 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 After these things and these acts of faithfulness, Sennacherib, Assyria's king, invaded Judah, besieged its fortified cities, meaning to break into them for himself. Apre zak fidelite sila yo, Sanchérib, wa Assyrie a, te vin atake Juda. Li te fè syèj a tout vil fòtifye yo, e li te fè plan pou pouse antre nan yo pou l domine yo pou kont li.
2 When Hezekiah saw that Sennacherib had come, intent on making war against Jerusalem, Alò, lè Ézéchias te wè ke Sanchérib te vini, e ke li te gen plan pou fè lagè sou Jérusalem,
3 he consulted his officials and warriors about blocking the springs outside the city, and they helped him. li te deside avèk ofisye pa li yo ak gèrye pa li yo, pou koupe kouran dlo ki te ale deyò lavil la, e yo te ede li.
4 Many people gathered and blocked all the springs and the stream flowing through the land, asking, "Why should Assyria's kings come and find abundant water?" Pou sa, anpil moun te rasanble e te bouche tout sous avèk flèv ki te kouri nan zòn nan. Konsa, yo te di: “Poukisa wa Asiryen yo ta dwe vini pou jwenn tout dlo sa a?”
5 He worked hard to rebuild all the broken sections of the wall, raised towers on it, built another wall outside, strengthened the Millo of the city of David, and made abundant weapons and shields. Konsa, li te pran kouraj, e te rebati tout mi ki te kraze yo e te fè yo monte nan nivo tou li yo. Li te ranfòse lòt miray pa deyò pou te fè Millo lavil David la pi solid, e li te fè zam avèk boukliye defans an gran kantite.
6 He set war commanders over the people, gathered them at the city gate square, and encouraged them: Li te chwazi chèf militè sou pèp la, e te rasanble yo kote li nan plas kote pòtay vil la. Li te pale pawòl ki pou ankouraje yo. Li te di:
7 "Be strong and brave. Don't fear or dread Assyria's king and all his horde, for more are with us than with him. “Rete fò e pran kouraj, pa pè ni dekouraje akoz wa Assyrie a, ni tout gran foul ki avèk l; paske sila ki avèk nou an pi gran ke sila ki avè l.
8 With him is only an arm of flesh; with us is our Father, to help us and fight our battles." The people relied on Hezekiah king of Judah's words. Avèk li menm, se yon bra fèt an chè; men avèk nou, se SENYÈ Bondye pa nou an, pou ede nou goumen nan batay nou yo.” Konsa, pèp la te konte sou pawòl a Ézéchias yo, wa Juda a.
9 After this, while besieging Lachish with all his forces, Sennacherib king of Assyria sent his servants to Jerusalem, to Hezekiah king of Judah and all Judah there, saying: Apre sa Sanchérib, wa Assyrie a, te voye sèvitè li yo Jérusalem pandan li t ap fè syèj Lakis avèk tout lame li a avèk li kont Ézéchias, wa Juda a, e kont tout Juda ki Jérusalem yo. Li te di:
10 "This is what Sennacherib king of Assyria says: On what are you trusting, staying under siege in Jerusalem? Konsa pale Sanchérib, wa Assyrie a: “Sou kilès n ap mete konfyans pou nou ta retire Jérusalem anba syèj?
11 Isn't Hezekiah deceiving you, surrendering you to die by famine and thirst, when he says, 'The LORD our God will save us from the hand of the king of Assyria'? Èske Ézéchias p ap egare nou pou fè nou vin mouri avèk grangou ak swaf, pandan l ap di: ‘SENYÈ a, Bondye nou an, va delivre nou soti nan men a wa Assyrie a?’
12 Wasn't it Hezekiah who removed his high places and altars, telling Judah and Jerusalem to worship at one altar and burn offerings there? Èske menm Ézéchias sa a pa t retire wo plas Li yo avèk lotèl Li yo, e te di a Juda avèk Jérusalem: ‘Nou va adore devan yon sèl lotèl e sou li, nou va brile lansan?’
13 Don't you know what I and my fathers did to all peoples of other lands? Could their nations' gods rescue their lands from my hand? Èske nou pa konnen sa mwen avèk zansèt mwen yo te fè a tout pèp nan lòt peyi yo? Èske dye nan nasyon yo te gen kapasite menm pou delivre peyi yo anba men mwen?
14 What god of nations my fathers devoted to destruction could save his people from my hand? How then can your God save you from my hand? Kilès ki te gen pami tout dye a nasyon sila yo ke zansèt mwen yo pa t detwi nèt, ki ta kapab delivre pèp li a sòti nan men m pou Dye pa w la ta kapab delivre ou soti nan men m?
15 Don't let Hezekiah deceive or mislead you like this, and don't believe him: no god of any nation or kingdom could rescue his people from my hand or my fathers'—much less will your God rescue you from my hand!" Alò, pou sa, pa kite Ézéchias pase nou nan tenten, ni egare nou konsa. Ni pa kwè li, paske pa t gen dye nan okenn nasyon oswa wayòm ki te konn delivre pèp li nan men m ni soti nan men a zansèt mwen yo. Konbyen an mwens Dye pa nou an va delivre nou soti nan men m?”
16 And his servants spoke still more against our Father and against his servant Hezekiah. Sèvitè li yo te pale plis kont SENYÈ a, Bondye a, e kont sèvitè li a, Ézéchias.
17 Sennacherib also wrote letters insulting our Father, the God of Israel, speaking against him: "The nations' gods did not rescue their people from my hand; neither will Hezekiah's God rescue his people from my hand." Anplis, li te ekri lèt yo pou meprize SENYÈ a, Bondye Israël la, e pou pale kont Li, epi li te di: “Jan dye nasyon yo ak peyi yo pa t delivre pèp pa yo soti nan men m, konsa Bondye Ézéchias la p ap delivre pèp Li a soti nan men m.”
18 They shouted loudly in Judah's language to Jerusalem's people on the wall, to frighten and terrify them, to seize the city. Yo te kriye sa byen fò ak gwo vwa nan langaj a Juda, vè pèp Jérusalem ki te sou miray la, pou fè yo pè e teworize yo, pou yo ta kab pran vil la.
19 They spoke of Jerusalem's God like the gods of earth's peoples, the work of human hands. Yo te pale sou Bondye Jérusalem nan kòmsi se youn nan dye a pèp lemond yo, zèv a men de lòm yo.
20 Then King Hezekiah and the prophet Isaiah son of Amoz prayed about this, crying out to heaven. Men Wa Ézéchias avèk pwofèt Ésaïe, fis a Amots la, te fè lapriyè sou sa a, e te kriye fò anvè syèl la.
21 So our Father sent an angel who killed every mighty warrior, commander, and officer in the Assyrian king's camp. Sennacherib returned home in disgrace, and when he entered his god's temple, some of his own sons killed him there with the sword. Konsa, SENYÈ a te voye yon zanj ki te detwi tout gwo gèrye, kòmandan ak chèf nan kan wa Assyrie a. Pou sa, li te retounen nan wont li ale nan pwòp peyi li. Epi lè li te antre nan tanp dye pa li a, kèk nan pwòp pitit pa li yo te touye li la avèk nepe.
22 So our Father saved Hezekiah and Jerusalem's people from the hand of Sennacherib king of Assyria and all others, and he cared for them on every side. Konsa, SENYÈ a te sove Ézéchias avèk moun Jérusalem yo soti nan men a Sanchérib, wa Assyrie a, soti nan men a tout ènmi li yo, e te gide yo tout kote.
23 Many brought gifts to our Father in Jerusalem, and treasures to Hezekiah king of Judah; afterward all nations honored Hezekiah highly. Epi anpil moun t ap pote don bay SENYÈ a Jérusalem ak kado byen chwazi a Ézéchias, wa Juda a, jis apre, li te fin egzalte nan men a tout nasyon yo.
24 In those days Hezekiah grew sick to death; he prayed to our Father, who answered, giving him a sign. Nan jou sa yo, Ézéchias te vin malad jis rive pre lanmò. Li te priye a SENYÈ a. SENYÈ a te pale avèk li e te ba li yon sign.
25 But Hezekiah didn't repay the good done him; his heart grew proud, so anger came on him and on Judah and Jerusalem. Men Ézéchias pa t remèt anyen pou benefis li te resevwa a, paske kè li te plen ògèy. Akoz sa, kòlè SENYÈ a te vini sou li avèk Juda ak Jérusalem.
26 Hezekiah humbled himself for his proud heart, he and Jerusalem's people, so our Father's wrath didn't reach them in Hezekiah's days. Men Ézéchias te vin desann ògèy kè li a, ni li menm, ni pèp Jérusalem nan, jiskaske kòlè pa t rive sou yo pandan jou a Ézéchias yo.
27 Hezekiah had great wealth and honor. He built storerooms for silver, gold, gems, spices, shields, and other valuables, Alò, Ézéchias te gen anpil richès avèk onè. Li te fè pou kont li trezò an ajan, lò, pyè presye, epis, boukliye defans ak tout kalite bagay ak gwo valè,
28 storerooms for the harvest of grain, new wine, and oil; stalls for all kinds of livestock; pens for flocks. anplis, depo pou konsève sereyal, diven avèk lwil, pak pou tout kalite bèt, avèk pak pou bann yo.
29 He built cities for himself and gained huge flocks and herds, for our Father gave him very great wealth. Li te fè vil pou li menm, e te vin genyen bann mouton avèk twoupo an gran kantite, paske Bondye te ba li anpil richès.
30 Hezekiah stopped Gihon's upper outlet and directed the water down the west side of David's city. He succeeded in all he did. Se te Ézéchias ki te bouche sous piwo dlo Guihon yo, e te dirije yo rive nan pati lwès lavil David la. Ézéchias te byen reyisi nan tout sa li te fè.
31 When Babylon's rulers sent envoys to him asking about the land's sign, our Father left him to himself, to test him and to know all in his heart. Men nan afè mesaje ki sòti Babylone yo, ki te voye bò kote li pou aprann tout mèvèy ki te fèt nan peyi a, Bondye te kite li, pou L ta ka pase l nan eprèv pou wè tout sa ki te nan kè l.
32 Hezekiah's remaining acts and faithful deeds are written in the vision of Isaiah the prophet, son of Amoz, in the Book of the Kings of Judah and Israel. Alò, tout lòt zèv Ézéchias yo avèk zèv fidèl li yo, vwala, yo ekri nan vizyon Ésaïe, pwofèt la, fis a Amots la, nan Liv A Wa Juda Avèk Israël Yo.
33 Hezekiah slept with his ancestors, buried in the upper tombs of David's sons. All Judah and Jerusalem's residents honored him at death. His son Manasseh succeeded him. Konsa, Ézéchias te dòmi avèk papa zansèt li yo, e yo te antere li nan chemen an ki monte kote tonm fis a David yo. Tout Juda avèk pèp Jérusalem nan te onore li nan lanmò li. Fis li a, Manassé te devni wa nan plas li.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]