Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

2 Chronicles 33 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Manasseh was twelve years old when he became king, and he reigned fifty-five years in Jerusalem. Manassé te gen laj douzan lè l te devni wa a, e li te renye pandan senkann-senkan Jérusalem.
2 He did evil in our Father's sight, like the detestable things of the nations our Father drove out before the Israelites. Li te fè mal nan zye a SENYÈ a, selon abominasyon yo a nasyon an ke SENYÈ a te chase deyò devan fis Israël yo.
3 He rebuilt the high places his father Hezekiah had torn down, built altars to the Baals, made Asherah poles, and he bowed down to all the forces of heaven and worshiped them. Paske li te rebati wo plas ke Ézéchias, papa li te kraze yo. Anplis, li te monte lotèl pou Baal yo. Li te fè Asherim yo, e li te adore tout lame syèl yo e te sèvi yo.
4 He built altars in our Father's house, where our Father said, "In Jerusalem my name remains forever." Li te bati lotèl lakay SENYÈ a sou sila yo SENYÈ a te di: “Se non Mwen k ap nan Jérusalem jis pou tout tan an.”
5 He built altars to all heaven's forces in both courts of the house of our Father. Paske li te bati lotèl pou tout lame syèl yo nan de lakou lakay SENYÈ yo.
6 In the Valley of Ben-Hinnom he sacrificed his sons in the fire, practiced fortune-telling, omens, and witchcraft, and consulted mediums and spiritists. He did great evil before our Father, provoking his anger. Anplis, li te fè fis li yo pase nan dife nan vale Ben-Hinnom, epi li te pratike vye maji, divinasyon, fè wanga e li te fè angajman avèk sila ki pale ak mò yo ak divinò yo. Li te fè anpil mal nan zye SENYÈ a ki te pwovoke Li a lakòlè.
7 He set the carved image he made in the house of our Father, of which our Father said to David and his son Solomon, "In this house and in Jerusalem, which I chose from all the tribes of Israel, I will put my name forever. Li te mete imaj taye ke li te fè lakay Bondye a, sou sila Bondye te di a David ak Salomon, fis li a: “Nan kay sila a ak nan Jérusalem, ke Mwen te chwazi soti nan tout tribi Israël yo, Mwen va mete non Mwen jis pou tout tan.
8 I will never again remove Israel from the land I gave your ancestors, if only they carefully keep all I commanded them—the whole law, decrees, and rules through Moses." Mwen p ap retire ankò pye Israël soti nan peyi ke Mwen te chwazi pou papa zansèt nou yo, si sèlman yo va obsève pou fè tout sa ke M te kòmande yo pa tout lalwa, règleman avèk òdonans ki te bay pa Moïse yo.”
9 But Manasseh led Judah and Jerusalem's people astray, doing more evil than the nations our Father destroyed before Israel. Konsa, Manassé te egare Juda ak pèp Jérusalem nan pou fè plis mal pase menm nasyon ke SENYÈ a te detwi devan fis Israël yo.
10 Our Father spoke to Manasseh and his people, but they would not listen. SENYÈ a te pale ak Manassé avèk pèp li a, men yo pa t okipe sa menm.
11 So our Father brought the army commanders of Assyria's king against them; they captured Manasseh with hooks, bound him in bronze shackles, and took him to Babylon. Pou sa, SENYÈ a te fè chèf a lame wa Assyrie yo vin parèt kont yo. Yo te kaptire Manassé e te mete l an chenn yo. Yo te mete chenn an bwonz sou pye l, e te mennen li Babylone.
12 Distressed, he sought our Father's favor, humbling himself deeply before the God of his fathers. Pandan li te nan gwo twoub, li te sipliye SENYÈ a, Bondye pa li a, devan Bondye a zansèt li yo.
13 He prayed to him, and our Father, moved by his plea, heard his cry for mercy, brought him back to Jerusalem, to his kingdom. Then Manasseh knew that our Father is God. Lè li te priye a Li menm, Li te touche pa priyè li a. Konsa, Li te tande siplikasyon li an, e te mennen li ankò Jérusalem kote wayòm li an. Konsa, Manassé te konnen ke SENYÈ a te Bondye.
14 Afterward he rebuilt the City of David's outer wall, west of Gihon in the valley to the Fish Gate entrance, around the Ophel, raising it very high. He posted army commanders in all Judah's fortified cities. Alò, apre sa li te bati miray deyò lavil David la sou kote lwès a Guihon, nan vale a, menm pou rive nan antre Pòtay Pwason an. Li te antoure Ophel la avèk li, e te fè li byen wo, epi li te mete chèf lame yo nan tout vil fòtifye Juda yo.
15 He removed the foreign gods and idol from our Father's house, with all the altars he'd built on the temple mount and in Jerusalem, and threw them out of the city. Anplis, li te retire dye etranje yo avèk zidòl yo soti lakay SENYÈ a. Tout lotèl ke li te bati sou mòn lakay SENYÈ a ak nan Jérusalem yo, li te jete yo deyò lavil la.
16 He rebuilt our Father's altar, sacrificed peace and thank offerings on it, and commanded Judah to serve our Father, the God of Israel. Li te monte lotèl SENYÈ a, e te fè sakrifis ofrann lapè avèk ofrann remèsiman sou li; epi li te kòmande Juda pou sèvi SENYÈ a, Bondye Israël la.
17 The people, however, still sacrificed at the high places, but only to our Father, their God. Sepandan, pèp la te toujou fè sakrifis nan lye wo yo, men sèlman a SENYÈ Bondye pa yo a.
18 Manasseh's other acts, his prayer to our Father, and the seers' words to him in the name of our Father, the God of Israel, are in the records of Israel's kings. Alò, tout lòt zèv Manassé yo, menm lapriyè li a Bondye pa li a, ak pawòl a divinè yo ki te pale avèk li nan non SENYÈ a, Bondye Israël la, men gade, yo pami achiv a wa Israël yo.
19 His prayer, how our Father was moved by him, all his sin and unfaithfulness, and the places where he built high places, set up Asherah poles, and carved images before he humbled himself—all recorded in the seers' records. Anplis lapriyè li, jan li te sipliye Bondye a, ak tout peche li yo, enfidelite li ak landwa ke li te bati wo plas pou te fè monte Asherim yo, ak imaj taye yo, avan li te vin imilye li menm, gade, yo tout ekri nan achiv a Hozaï yo.
20 Manasseh died and was buried in his palace. And his son Amon became king in his place. Konsa, Manassé te dòmi avèk papa zansèt li yo, e yo te antere li nan pwòp kay li. Epi Amon, fis li a, te devni wa nan plas li.
21 Amon was twenty-two years old when he became king, and he reigned two years in Jerusalem. Amon te gen laj a venn-dezan lè l te devni wa, e li te renye dezan Jérusalem.
22 He did evil before our Father, as his father Manasseh had. Amon sacrificed to all the carved images Manasseh made and worshiped them. Li te fè mal nan zye a SENYÈ a tankou Manassé, papa li, te konn fè a, e Amon te fè sakrifis a tout imaj taye ke papa li, Manassé te fè yo, e li te sèvi yo.
23 Unlike his father Manasseh, he did not humble himself before our Father; instead Amon multiplied his guilt. Anplis, li pa t imilye li menm devan SENYÈ a jan papa li, Manassé te fè a, men Amon te ogmante koupabilite li.
24 Amon's servants conspired against him and killed him in his palace. Anfen, sèvitè li yo te fè konplo kont li, e te mete li a lanmò nan pwòp kay pa li.
25 The people of the land killed all who conspired against King Amon and made his son Josiah king in his place. Men pèp peyi a te touye tout sila ki te fè konplo a kont Wa Amon yo, e pèp peyi a te fè Josias, fis li a, wa nan plas li.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]