Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

2 Chronicles 34 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Josiah was eight years old when he became king, and he reigned thirty-one years in Jerusalem. Josias te gen laj a uitan lè l te devni wa a, e li te renye tran-te-yen nan Jérusalem.
2 He did what was right in our Father's eyes and walked in the ways of David his father, not turning right or left. Li te fè sa ki bon nan zye SENYÈ a. Li te mache nan chemen a David, papa zansèt pa li a e li pa t vire akote ni adwat ni agoch.
3 In the eighth year of his reign, while still a boy, he began to seek our Father, the God of David his father. In the twelfth year he began to purge Judah and Jerusalem of the high places, Asherah poles, carved images, and cast metal images. Paske nan uityèm ane règn pa li a, pandan li te toujou nan jenès li, li te kòmanse chache Bondye a papa zansèt li a, David. Epi nan douzyèm ane a, li te kòmanse pirifye Juda avèk Jérusalem sou afè a wo plas yo, Asherim nan, imaj taye yo ak imaj fonn yo.
4 In his presence they tore down the Baals' altars; he cut down the incense altars above them, shattered the Asherah poles, carved images, and cast images, ground them to dust, and scattered it over the graves of those who had sacrificed to them. Yo te chire desann lotèl Baal yo nan prezans li, lotèl lansan ki te byen wo sou yo, li te koupe yo desann. Anplis, Asherim yo, imaj taye yo ak imaj fonn yo, li te kase yo an mòso, kraze yo fè poud e li te gaye l sou tonm a sila ki te fè sakrifis a yo menm yo.
5 He burned the bones of the priests on their altars, and so he purged Judah and Jerusalem. Li te brile zo a prèt Baal yo sou lotèl la, e li te pirifye Juda avèk Jérusalem.
6 In the cities of Manasseh, Ephraim, and Simeon, as far as Naphtali, in their ruins all around. Nan vil a Manassé yo, Éphraïm, Siméon, jis rive Nephthali, nan mazi kraze yo,
7 He tore down the altars, crushed the Asherah poles and carved images to powder, and cut down all the incense altars throughout Israel. Then he returned to Jerusalem. li te osi chire fè desann lotèl yo. Li te kraze Asherim avèk imaj taye yo jiskaske yo te fè poud, e te koupe desann lotèl lansan yo toupatou nan peyi Israël la. Anfen, li te retounen Jérusalem.
8 In the eighteenth year of his reign, having cleansed the land and the house, he sent Shaphan son of Azaliah, Maaseiah the city governor, and Joah son of Joahaz the recorder to repair the house of our Father. Alò, nan di-zuityèm ane règn li a, lè li te fin pirifye peyi a avèk kay la, li te voye Schaphan, fis a Atsalia a avèk Maaséja, yon ofisye lavil la ak Joach, fis a Joachaz la, grefye a, pou repare lakay SENYÈ a, Bondye li a.
9 They came to Hilkiah the high priest and handed over the money brought into the house of our Father, which the Levites who guarded the gates had collected from Manasseh, Ephraim, and all the remnant of Israel, from all Judah and Benjamin, and the residents of Jerusalem. Yo te vin kote Hilkaja, wo prèt la, e yo te livre li lajan ki te pote lakay Bondye a, ke Levit yo, gadyen pòtay yo, te kolekte soti Manassé, Éphraïm, de tout retay Israël yo, e soti nan tout Juda avèk Benjamin ak pèp Jérusalem nan.
10 They gave it to the workers overseeing the house of our Father, and the workers in the house of our Father used it to repair and restore it. Yo te ba li nan men a ouvriye ki te sipèvize lakay SENYÈ a, epi ouvriye ki t ap travay lakay SENYÈ a te sèvi ak li pou restore e repare kay la.
11 They paid the carpenters and builders to buy cut stone, and timber for the joists and beams of the buildings the kings of Judah had let fall to ruin. Yo menm, te remèt li a chapant avèk mason yo pou achte wòch taye avèk gwo bwa pou travès ak bwa mare pou kay ke wa nan Juda yo te kite detwi yo.
12 The men worked faithfully. Over them, directing the work, were Jahath and Obadiah, Levites of Merari's sons, and Zechariah and Meshullam of the Kohathites; and the Levites, all skilled musicians, Mesye yo te fè travay la avèk bòn fwa ak fòmann ki sou yo pou sipèvize yo. Yo te sipèrvize pa Jachath avèk Abidias, Levit yo nan fis a Merari yo, Zacharie avèk Meschallam nan fis a Keatit yo ak Levit yo, tout moun ki te gen gwo kapasite, ak lòt ki te fò nan jwe enstriman mizik yo.
13 were over the laborers, directing all the workers task by task. Some Levites were scribes, officials, and gatekeepers. Anplis, yo te sou sila ki t ap pote chaj yo, e yo te sipèvize tout ouvriye soti de yon tach a yon lòt. Pami Levit yo te gen skrib, ofisye ak sipèvizè.
14 As they brought out the money brought into the house of our Father, Hilkiah the priest found the Book of the Law of our Father, given through Moses. Lè yo t ap pote fè sòti lajan ki te antre lakay SENYÈ a, Hilkija, prèt la, te twouve liv lalwa SENYÈ a ki te bay pa Moïse la.
15 Hilkiah told Shaphan the scribe, "I've found the Book of the Law in our Father's house," and gave it to Shaphan. Hilkija te reponn e te di a Schaphan, sekretè a: “Mwen te twouve liv lalwa lakay SENYÈ a.” Epi Hilkija te bay liv la a Schaphan.
16 Shaphan brought the king the book and reported, "Your servants are doing everything put in their care. Konsa, Schaphan te pote liv la kote wa a, e te bay yon rapò anplis a wa a. Li te di: “Tout sa ou te konfye a sèvitè ou yo, y ap fè l.
17 They emptied out the money found in the house of our Father and handed it to the overseers and workmen." Yo deja retire lajan yo te twouve lakay SENYÈ a, e te livre li nan men a sipèvizè yo ak ouvriye yo.”
18 Shaphan the scribe told the king, "Hilkiah the priest gave me a book," and read it to the king. Anplis, Schaphan, sekretè a te di wa a, “Hilkija, prèt la, te ban mwen yon liv.” Epi Schaphan te li ladann nan, nan prezans a wa a.
19 When the king heard the words of the Law, he tore his clothes. Lè wa a te tande pawòl lalwa yo, li te chire rad li.
20 The king commanded Hilkiah, Ahikam son of Shaphan, Abdon son of Micah, Shaphan the scribe, and Asaiah the king's servant: Epi wa a te kòmande Hilkija, Achikam, fis a Schaphan nan, Abdon, fis Michée a, Schaphan, sekretè a ak Asaja, sèvitè a wa a e te di:
21 "Go, ask our Father for me and those left in Israel and Judah about the words of the book that was found. Great is his anger poured out on us, because our ancestors did not keep our Father's word, doing all written in this book." “Ale fè ankèt a SENYÈ a pou mwen e pou sila ki rete Israël avèk Juda yo, konsènan pawòl a liv ki te twouve a; paske byen gwo, se kòlè SENYÈ a ki vide sou nou akoz papa zansèt nou yo pa t obsève pawòl a SENYÈ a, pou fè selon tout sa ki ekri nan liv sila a.”
22 So Hilkiah and the king's men went to Huldah, the woman prophet, wife of Shallum son of Tokhath, son of Hasrah, keeper of the wardrobe. She lived in Jerusalem's Second Quarter. They spoke with her about this. Konsa, Hilkija avèk sila ke wa a te pale yo te ale kote Hulda, pwofetès la, madanm a Schallum nan, fis a Thokehath la, fis a Hasra a, gadyen vètman yo, (alò, li te rete Jérusalem nan dezyèm katye); epi yo te pale avèk li konsa.
23 She told them, "This is what our Father, the God of Israel, says: Tell the man who sent you to me: Li te di yo: “Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la: ‘Di nonm ki te voye nou kote mwen an,
24 This is what our Father says: I am about to bring disaster on this place and its residents—all the curses written in the book read to the king of Judah. Konsa pale SENYÈ a: Veye byen, Mwen ap voye malè sou plas sa a ak sou pèp li a, menm tout malediksyon ki ekri nan liv ke yo te li nan prezans a wa Juda a.
25 Because they abandoned me and made offerings to other gods, provoking me to anger with all they have made, my wrath will pour out on this place and not be put out. Akoz yo te abandone Mwen, e te brile lansan a lòt dye yo, pou yo ta kapab pwovoke Mwen a lakòlè avèk tout zèv a men yo; pou sa, kòlè Mwen va vin vide sou plas sa a e li p ap etenn.’”’
26 But tell the king of Judah, who sent you to inquire of me: This is what our Father, the God of Israel, says about the words you heard: “Men pou wa Juda ki te voye nou fè ankèt devan SENYÈ a, konsa nou va pale a li: ‘Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la selon pawòl ke ou te tande yo,
27 Because your heart was tender and you humbled yourself before our Father when you heard his words against this place and its residents, and humbled yourself before me, tore your clothes, and wept before me, I myself have heard you, declares our Father. akoz kè ou te mou e ou te imilye ou menm devan Bondye lè ou te tande pawòl Li yo kont plas sa a, e kont pèp li a, akoz ou te imilye ou menm devan Mwen, ou te chire vètman ou e ou te kriye devan M, Mwen anverite te tande ou’, deklare SENYÈ a.
28 I will gather you to your ancestors, laid in your grave in peace. Your eyes won't see any of the disaster I'm bringing on this place and its people." So they brought the king this reply. Tande byen, Mwen va ranmase ou a papa zansèt ou yo, e ou va ranmase a tonm ou an anpè, pou zye ou pa wè tout malè ke Mwen va pote sou plas sa a avèk pèp li a.” Yo te pote bay wa a mesaj sila a.
29 Then the king summoned all the elders of Judah and Jerusalem. Epi wa a te voye rasanble tout ansyen a Juda avèk Jérusalem yo.
30 The king went up to the house of our Father with all Judah's men, Jerusalem's residents, the priests, the Levites, and all the people, great and small. He read them all the words of the Book of the Covenant found in the house of our Father. Wa a te monte vè lakay SENYÈ a, e tout mesye Juda yo, pèp Jérusalem nan, prèt yo, Levit yo, e tout moun soti nan pi gran jis rive nan pi piti yo—epi li te li nan zòrèy yo, tout pawòl liv akò ki te twouve lakay SENYÈ a.
31 The king stood in his place and made a covenant before our Father—to follow our Father, keep his commandments, testimonies, and statutes with all his heart and all his soul, and carry out the covenant's words written in this book. Wa a te kanpe nan plas li a, e te fè yon akò devan SENYÈ a pou mache nan chemen SENYÈ a, pou kenbe kòmandman Li yo avèk temwayaj Li yo, avèk règleman Li yo avèk tout kè li ak tout nanm li, pou reyisi fè tout pawòl a akò ki ekri nan liv sila yo.
32 He made everyone present in Jerusalem and Benjamin pledge to it, and the people of Jerusalem acted by the covenant of our Father, the God of their fathers. Anplis, li te fè tout moun ki te prezan Jérusalem avèk Benjamin yo kanpe avèk li. Konsa, pèp Jérusalem la te fè selon akò Bondye a, Bondye a papa zansèt yo a.
33 Josiah removed all detestable things from the territory of the people of Israel, and made everyone in Israel serve our Father, their God. As long as he lived, they did not turn from following our Father. Josias te retire tout abominasyon soti nan tout peyi ki te apatyen a fis Israël yo e te fè tout moun ki te prezan an Israël yo sèvi SENYÈ a, Bondye pa yo a. Pandan tout lavi li, yo pa t detounen nan swiv SENYÈ a, Bondye a zansèt pa yo a.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]