Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

2 Chronicles 35 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Josiah kept Passover to our Father in Jerusalem; they slaughtered the Passover lamb on the fourteenth day of the first month. Epi Josias te selebre fèt Pak a SENYÈ a Jérusalem. Yo te touye bèt pou Pak la sou katòzyèm jou nan premye mwa a.
2 He assigned priests their duties and encouraged them in service of our Father's house. Li te plase prèt yo nan pozisyon pa yo e te ankouraje yo nan sèvis lakay SENYÈ a.
3 He told the Levites who taught all Israel and were holy to our Father: "Put the holy ark in the house Solomon son of David, king of Israel, built. You need no longer carry it on your shoulders. Now serve your Father and his people Israel. Anplis, li te di a Levit ki te enstwi tout Israël yo, e ki te sen a SENYÈ a: “Mete lach SENYÈ a nan kay ke Salomon, fis a David la, wa Israël la, te bati a. Li p ap ankò yon chaj sou zepòl nou. Alò, koulye a sèvi SENYÈ a, Bondye nou an, avèk pèp Li a, Israël.
4 Prepare yourselves by your fathers' houses, by your divisions, by David king of Israel's written instructions, and his son Solomon's instructions. Prepare nou menm selon lakay papa zansèt nou yo nan divizyon nou yo selon ekriti a David la, wa Israël la e selon ekriti a fis li a, Salomon.
5 Stand in the holy place by family groups of your lay brothers, one Levite division per group. Anplis, kanpe nan lye sen an selon divizyon lakay papa zansèt nou yo ak frè nou yo ak selon Levit yo, pa divizyon lakay papa zansèt nou yo.
6 Slaughter the Passover lamb, dedicate yourselves, and prepare for your brothers, following the word of our Father through Moses." Alò, touye bèt Pak la, sanktifye nou e prepare pou frè nou yo pou fè selon pawòl SENYÈ a, selon Moïse.”
7 Josiah gave the lay people 30,000 lambs and young goats, 3,000 bulls, for Passover offerings—for everyone present, from his own possessions. Josias te fè kontribisyon pou pèp la, tout sa ki te prezan, bann jenn mouton yo ak jenn kabrit yo, tout pou ofrann Pak la, an kantite trant-mil, plis twa-mil towo. Sila yo te sòti nan byen ki te pou wa a.
8 His officials also gave willingly to the people, priests, and Levites. Hilkiah, Zechariah, and Jehiel, chief officers of our Father's house, gave the priests 2,600 Passover offerings and 300 bulls. Anplis, ofisye pa li yo te fè kontribisyon a yon ofrann bòn volonte a pèp la, prèt yo avèk Levit yo. Hilkija, Zacharie, avèk Jehiel, chèf lakay Bondye yo, te bay a prèt yo pou Pak la, yon ofrann de-mil-sis-san bèt ki sòti nan bann mouton yo, avèk twa-san towo.
9 Conaniah, with his brothers Shemaiah and Nethanel, and Hashabiah, Jeiel, and Jozabad, Levite leaders, gave the Levites 5,000 Passover offerings and 500 bulls. Conania osi avèk Schemaeja ak Nethaneel, frè li yo, Haschabia, Jeïel avèk Jozabad, ofisye Levit yo, te kontribye a Levit yo pou ofrann Pak la, senk-mil ki sòti nan bann mouton an ak senk-san towo.
10 The service was set; priests stood at their posts, Levites by their divisions, as the king commanded. Pou sa, sèvis la te fin prepare e prèt yo te kanpe nan estasyon pa yo avèk Levit yo nan divizyon pa yo selon lòd a wa a.
11 They slaughtered the Passover lambs; priests sprinkled the blood passed to them, and Levites skinned them. Yo te touye bèt Pak yo e pandan prèt yo t ap aspèje san ki te resevwa soti nan men Levit yo, epi Levit yo t ap retire pwal yo.
12 They set aside the burnt offerings, distributing them by family division among the common people, to offer to our Father as written in the book of Moses; likewise with the bulls. Yo te retire ofrann brile yo pou yo ta kab bay yo selon divizyon lakay papa zansèt yo pou pèp la pou prezante a SENYÈ a jan sa ekri nan liv Moïse la. Yo te fè sa tou avèk towo yo.
13 They roasted the Passover lamb in fire as required, boiled the holy offerings in pots, kettles, and pans, and quickly brought them to all the common people. Konsa, yo te boukannen bèt Pak yo, sou dife selon règleman an, yo te bouyi bagay sen yo nan bonm, chodyè ak nan kaswòl e yo te pote yo avèk vitès a tout pèp òdinè yo.
14 Afterward they prepared for themselves and the priests, since the priests, Aaron's sons, were busy offering burnt offerings and fat portions until night; so the Levites prepared for themselves and the priests, Aaron's sons. Apre yo te prepare pou yo menm e pou prèt yo, akoz prèt yo, fis a Aaron yo t ap ofri ofrann brile avèk grès jis rive nan aswè. Pou sa, Levit yo te prepare pou yo menm ak pou prèt yo, fis a Aaron yo.
15 The singers, Asaph's sons, stood at their posts as David, Asaph, Heman, and Jeduthun the king's seer had commanded. The gatekeepers stayed at each gate; they had no need to leave their duty, for their fellow Levites prepared for them. Anplis, chantè yo, fis a Asaph yo te nan estasyon pa yo selon kòmand a David la, Asaph, Héman, avèk Jeudthun, konseye a wa a; epi gadyen pòtay te nan chak pòtay. Yo pa t oblije sòti nan sèvis pa yo akoz frè yo te prepare pou yo.
16 So all the service of our Father was arranged that day: to keep Passover and offer burnt offerings on the altar of our Father, by King Josiah's command. Konsa, tout sèvis SENYÈ a te prepare nan jou sa a pou selebre Pak la e pou ofri ofrann brile yo sou lotèl SENYÈ a selon kòmand a Wa Josias la.
17 The Israelites present kept Passover then, and the Feast of Unleavened Bread seven days. Fis Israël ki te prezan yo te selebre Pak la nan lè sa a ak Fèt Pen San Ledven an pandan sèt jou.
18 No Passover like it had been kept in Israel since Samuel the prophet's days; none of Israel's kings kept a Passover like Josiah's, with the priests, Levites, all Judah and Israel present, and Jerusalem's residents. Pa t janm gen yon selebrasyon Pak tankou sa an Israël depi jou a Samuel yo, pwofèt la. Ni pa te gen okenn nan wa Israël yo ki te selebre yon Pak jan Josias te fè avèk prèt yo, Levit yo, tout Juda, Israël ki te prezan yo ak pèp Jérusalem nan.
19 This Passover was kept in the eighteenth year of Josiah's reign. Se te nan uityèm ane règn Josias la, ke Pak sa a te selebre.
20 After all this, once Josiah had prepared the temple, Egypt's king Neco marched up to fight at Carchemish on the Euphrates, and Josiah went out to meet him. Apre tout sa, lè Josias te mete tanp lan an lòd, Néco, wa Egypte la, te vin monte pou fè lagè Carkemisch, sou rivyè Euphrate la, e Josias te parèt deyò pou rankontre li.
21 But Neco sent messengers to him, saying, "What do we have to do with each other, king of Judah? I'm not coming against you today, but against the house I'm at war with. God told me to hurry—stop opposing God, who is with me, or he'll destroy you." Men Néco te voye mesaje yo kote li. Li te di: “Kisa nou gen pou fè youn avèk lòt, O Wa Juda a? Se pa kont ou ke m ap vini jodi a, men kont kay avèk sila mwen angaje nan lagè yo. Bondye te kòmande mwen fè prese. Byen avèti ke se Bondye ki avè m nan, pou Li pa detwi ou.”
22 Josiah did not turn away from him, but disguised himself to fight him. He ignored Neco's words from the mouth of our Father, and went to fight in the plain of Megiddo. Sepandan, Josias te refize vire kite li, men li te kache idantite li pou l ta kab fè lagè avèk li. Li pa t koute pawòl a Néco ki soti nan bouch Bondye a, men li te vin fè lagè sou plèn Méguiddo a.
23 Archers shot King Josiah; he told his servants, "Get me out—I'm badly wounded." Achè yo te tire Wa Josias, e wa a te di a sèvitè li yo: “Ale avè m, sòti, paske mwen blese byen grav.”
24 His servants moved him from the chariot to his second chariot and brought him to Jerusalem, where he died and was buried in his fathers' tombs. All Judah and Jerusalem mourned Josiah. Pou sa, sèvitè li yo te retire li nan cha a, e yo te pote li nan dezyèm cha li te genyen an. Yo te mennen li Jérusalem kote li te mouri, e li te antere nan tonm a papa zansèt li yo. Tout Juda avèk Jérusalem te kriye pou Josias.
25 Jeremiah composed laments for Josiah, and to this day all the singers, men and women, sing laments for Josiah. This became a custom in Israel, and it is written in the Laments. Konsa, Jérémie te chante yon lamantasyon pou Josias. Epi tout chantè yo, ni gason, ni fanm pale sou Josias nan lamantasyon yo jis rive jodi a. Konsa, yo te fè avèk yo yon òdonans an Israël. Men gade, yo ekri nan Lamantasyon yo.
26 The rest of Josiah's acts, and his faithful deeds in keeping with what is written in our Father's law. Alò, tout lòt zèv a Josias yo avèk zèv fidelite pa li yo, jan sa ki ekri nan lalwa SENYÈ yo,
27 His acts, first to last, are written in the Book of the Kings of Israel and Judah. ak zèv li yo, soti nan premye a jis rive nan dènye a, men vwala, yo ekri nan Liv Wa A Israël Avèk Juda yo.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]