Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

2 Chronicles 36 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 The people of the land took Josiah's son Jehoahaz and made him king in Jerusalem in place of his father. Alò, pèp peyi a te pran Joachaz, fis Josias la, e yo te fè li wa nan plas papa li Jérusalem.
2 Jehoahaz was twenty-three years old when he became king, and he reigned three months in Jerusalem. Joachaz te gen venn-twazan lè l te vin wa, e li te renye twa mwa Jérusalem.
3 Egypt's king deposed him at Jerusalem and fined the land about 7,500 pounds of silver and 75 pounds of gold. Epi wa Egypte la te retire li sou pouvwa a Jérusalem, e li te egzije yon kontribisyon de san talan ajan ak yon talan lò sou peyi a.
4 Egypt's king made his brother Eliakim king over Judah and Jerusalem, renaming him Jehoiakim; Neco took his brother Jehoahaz to Egypt. Wa Egypte la te fè Éliakim, frè l la, wa sou Juda avèk Jérusalem, e li te chanje non li an Jojakim. Men Néco te pran frè li a, Joachaz e te mennen li an Égypte.
5 Jehoiakim was twenty-five when he became king; he reigned eleven years in Jerusalem, doing evil in our Father's eyes. Jojakim te gen laj a venn-senkan lè l te devni wa e li te renye onzan Jérusalem. Li te fè mal nan zye SENYÈ a, Bondye li a.
6 Nebuchadnezzar king of Babylon marched against him, bound him in bronze chains to take him to Babylon. Nebucadnetsar, wa Babylone nan, te monte kont li, e te mare li avèk chenn an bwonz pou mennen li Babylone.
7 Nebuchadnezzar also took some of our Father's house articles to Babylon, putting them in his temple in Babylon. Anplis, Nebucadnetsar te mennen kèk nan bagay ki sòti lakay SENYÈ a Babylone, e te mete yo nan tanp Babylone nan.
8 The rest of Jehoiakim's acts, his detestable things, and the charges against him are written in the Book of Kings of Israel and Judah; his son Jehoiachin reigned in his place. Alò, tout lòt zèv a Jojakim yo avèk abominasyon ke li te fè yo, ak sa ki te twouve kont li yo, men vwala, yo ekri nan Liv A Wa A Israël Avèk Juda yo. Epi Jojakin, fis li a, te vin wa nan plas li.
9 Jehoiachin was eight when he became king; he reigned three months and ten days in Jerusalem, doing evil in our Father's eyes. Jojakin te gen laj a uitan lè l te vin wa, e li te renye twa mwa avèk dis jou Jérusalem. Li te fè mal nan zye SENYÈ a.
10 In spring, King Nebuchadnezzar brought him to Babylon with the precious articles from our Father's house, making Zedekiah, Jehoiachin's relative, king over Judah and Jerusalem. Nan kòmansman ane a, Wa Nebucadnetsar te mennen li Babylone avèk bagay byen chè ki te sòti lakay SENYÈ a. Li te fè moun fanmi li, Sédécias, wa sou Juda avèk Jérusalem.
11 Zedekiah was twenty-one years old when he became king, and he reigned eleven years in Jerusalem. Sédécias te gen laj a ven-te-yen nan lè l te vin wa e li te renye pandan onzan Jérusalem.
12 He did evil in our Father's eyes, not humbling himself before Jeremiah the prophet, who spoke from our Father's mouth. Li te fè mal nan zye a SENYÈ a, Bondye li a. Li pa t imilye li menm devan Jérémie, pwofèt ki te pale pou SENYÈ a.
13 He also rebelled against King Nebuchadnezzar, who made him swear by our Father, stiffening his neck and hardening his heart, refusing to return to our Father, God of Israel. Anplis, li te fè rebèl kont Wa Nebucadnetsar ki te fè li sèmante fidelite pou Bondye. Men li te fè tèt di, e avèk kè di, li te refize vire vè SENYÈ a, Bondye Israël la.
14 All the leading priests and the people grew more and more unfaithful, matching all the nations' detestable practices, and made unclean the house our Father had made holy in Jerusalem. Epi, ofisye a prèt yo avèk pèp la te manke fidèl anpil nan swiv tout abominasyon a nasyon yo, e yo te konwonpi kay ke SENYÈ a te fè sen Jérusalem nan.
15 Our Father, the God of their fathers, sent word repeatedly through his messengers, pitying his people and his dwelling place. SENYÈ a, Bondye a zansèt pa yo a, te voye kote yo tout tan pa mesaje pa Li yo, akoz li te gen mizerikòd vè pèp li a ak sou kote ke Li te abite a;
16 But they mocked our Father's messengers, despised his words, mocked his prophets, until our Father's anger rose against his people, past remedy. men yo te giyonnen mesaje Bondye yo, yo te meprize pawòl Li, e yo te moke pwofèt Li yo, jiskaske kòlè SENYÈ a te leve kont pèp Li a jiskaske pa t gen remèd pou sa.
17 So he brought Chaldea's king against them, who killed their young men with the sword in their sanctuary, sparing no young man, virgin, elder, or aged. Our Father gave them all into his hand. Akoz sa, Li te mennen kont yo wa a Kaldeyen yo ki te touye jennonm yo avèk nepe nan kay sanktyè yo a, e Li pa t fè gras pou jèn moun, ni vyèj, ni granmoun, ni moun enfim. Li te livre tout nan men li.
18 All the articles of our Father's house, great and small, the treasures of our Father's house and of the king and his officials—all he brought to Babylon. Tout bagay ki te sòti lakay SENYÈ a, gran kon piti, trezò lakay SENYÈ a ak trezò a wa yo avèk ofisye li yo, li te mennen tout Babylone.
19 They burned the house of our Father, tore down Jerusalem's wall, burned all its palaces, destroyed everything valuable in it. Anfen, yo te brile kay Bondye a, yo te kraze miray Jérusalem nan, yo te brile tout konstriksyon fòtifye li yo avèk dife, e yo te detwi tout bagay valab li yo.
20 He exiled the sword's survivors to Babylon; they served him and his sons until Persia's kingdom began to reign, Sila ki te chape anba nepe yo, li te pote yo ale Babylone; epi yo te sèvitè li avèk fis li jiskaske wayòm Perse la te vin monte.
21 to fulfill our Father's word through Jeremiah: until the land enjoyed its sabbaths, all its desolate days it rested, fulfilling seventy years. Sa te fèt pou fin akonpli pawòl SENYÈ a pa bouch a Jérémie, jiskaske tè a te fin rejwi de tout Saba li yo. Pandan tout jou dezolasyon li yo, li te kenbe Saba a jiskaske swasann-dizan an te fin pase.
22 In Cyrus king of Persia's first year, to fulfill our Father's word through Jeremiah, our Father stirred Cyrus king of Persia's spirit to proclaim throughout all his kingdom, and to put it in writing: Alò, nan premye ane Cyrus la, Perse la—-pou l te kab akonpli pawòl SENYÈ a pa bouch Jérémie——SENYÈ a te boulvèse lespri a Cyrus, wa Perse la, pou li ta voye yon pwoklamasyon toupatou nan wayòm li an e anplis, ekri li pou di:
23 Cyrus king of Persia says: "The LORD, God of heaven, gave me all earth's kingdoms and charged me to build him a house in Jerusalem, in Judah. Any of his people among you—may the LORD his God be with him—let him go up." Konsa pale Cyrus, wa Perse la: “SENYÈ a, Bondye Syèl la, te ban mwen tout wayòm yo sou latè, e Li te mete m anba lòd pou bati pou Li yon kay Jérusalem, ki nan Juda. Ke SENYÈ a, Bondye pa li a, kapab avèk li e kite li monte.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]