Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

2 Chronicles 26 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Then all the people of Judah made Uzziah, sixteen years old, king in place of his father Amaziah. Tout pèp Juda a te pran Ozias, ki te genyen laj a sèzan e te fè li wa nan plas a papa li, Amatsia.
2 He rebuilt Eloth and restored it to Judah after the king rested with his ancestors. Li te bati Élath e te restore li pou Juda apre wa a te dòmi avèk zansèt li yo.
3 Uzziah became king at sixteen and reigned fifty-two years in Jerusalem. His mother was Jecoliah of Jerusalem. Ozias te gen sèzan lè l te devni wa a, e li te renye pandan senkann-dezan Jérusalem. Non manman li te Jecolia, de Jérusalem.
4 He did what was right in our Father's eyes, just as his father Amaziah had done. Li te fè sa ki bon nan zye a SENYÈ a selon tout sa ke papa li, Amatsia te konn fè.
5 He devoted himself to seeking our Father in Zechariah's days, who taught him to fear our Father; and while he sought our Father, he prospered. Li te kontinye chache Bondye nan tout jou a Zacharie yo, ki te gen konprann selon vizyon Bondye. Pandan tout tan li t ap chache SENYÈ a, Bondye te fè l reyisi.
6 He went out and fought the Philistines, tearing down the walls of Gath, Jabneh, and Ashdod. He built cities near Ashdod and among the Philistines. Alò, li te sòti pou fè lagè kont Filisten yo. Li te kraze miray a Gath la, miray a Jabné a, miray a Asdod la, e li te bati vil nan anviwon Asdod pami Filisten yo.
7 Our Father helped him against the Philistines, the Arabs of Gur-baal, and the Meunites. Bondye te ede li kont Filisten yo, e kont Arab ki te rete Gur-Baal yo, avèk Maonit yo.
8 The Ammonites paid tribute to Uzziah, and his fame reached the border of Egypt, for he had grown very strong. Anplis, Amonit yo te peye taks obligatwa a Ozias, e rekonesans li te rive jis nan lizyè Égypte. Li te vin pwisan anpil.
9 Uzziah built towers in Jerusalem at the Corner Gate, the Valley Gate, and the Angle, and fortified them. Anplis, Ozias te bati fò Jérusalem yo nan Pòtay Kwen an, nan Pòtay Vale a ak nan kwen pilye a pou ranfòse yo toujou.
10 He built desert towers and dug many cisterns, for he had large herds in the lowlands and plain. He kept farmers and vinedressers in the hills and fertile fields, for he loved the soil. Li te bati fò nan dezè yo, e li te fouye anpil sitèn, paske li te gen anpil bèt, ni nan ba plèn nan, ni nan gran plèn nan. Anplis, li te genyen labourè chan yo avèk moun pou pran swen chan rezen nan peyi ti kolin yo ak nan chan bon tè yo, paske li te renmen latè anpil.
11 Uzziah had an army of trained soldiers going out to war by divisions, numbered by Jeiel the secretary and Maaseiah the officer, under Hananiah, one of the king's commanders. Anplis, Ozias te gen yon lame parèt pou batay, ki te antre nan konba a pa divizyon yo selon nimewo pa yo, prepare pa Jeïel, sekretè a, avèk Maaséja, ofisye a, anba direksyon a Hanania, youn nan ofisye wa yo.
12 The total number of clan leaders commanding the mighty warriors was 2,600. Nonb total a chèf lakay yo, a gèrye plen kouraj yo te de-mil-sis-san.
13 Under their command was an army of 307,500, trained to make war with great power, to help the king against his enemies. Anba direksyon pa yo, te gen yon lame elit de twa-san-sèt-mil-senk-san ki te kapab fè lagè avèk gwo pouvwa, pou bay wa a soutyen kont lènmi an.
14 Uzziah equipped the whole army with shields, spears, helmets, coats of armor, bows, and slingstones. Anplis, Ozias te prepare pou tout lame a boukliye defans yo, lans yo, kas yo, abiman defans kò yo, banza yo ak wòch fistibal yo.
15 In Jerusalem he made devices invented by skilled men, set on the towers and corners to shoot arrows and hurl large stones. His fame spread far and wide, for he was helped wonderfully until he grew strong. Nan Jérusalem, li te fè gwo machin lagè envante pa moun gwo kapasite pou plase sou fò yo pou tire flèch avèk gwo wòch. Pou tout sa, rekonesans li te gaye byen lwen, paske li te resevwa gwo èd jiskaske li te vin byen pwisan.
16 When Uzziah grew strong, his heart grew proud, leading to his ruin. He was unfaithful to our Father, entering the temple of our Father to burn incense on the incense altar. Men lè l te vin fò, kè li te vin plen ògèy. Li te aji konwonpi. Li pa t fidèl a SENYÈ a, Bondye li a, paske li te antre nan tanp SENYÈ a pou brile lansan sou lotèl lansan an.
17 Azariah the priest went in after him, with eighty courageous priests of our Father. Konsa, Azaria, prèt la, te antre dèyè li avèk katreven prèt SENYÈ a, mesye ki te plen kouraj.
18 They confronted King Uzziah, saying, "It is not for you, Uzziah, to burn incense to our Father, but for the priests, Aaron's descendants, dedicated to burn incense. Leave the sanctuary; you have been unfaithful, and this brings you no honor from our Father." Yo te konfwonte Ozias, wa a. Yo te di li: “Se pa ou menm, Ozias, ki pou brile lansan a SENYÈ a, men se prèt yo, fis a Aaron ki konsakre pou brile lansan. Sòti nan sanktyè a, paske ou gen tò, e ou p ap twouve lonè devan SENYÈ a, Bondye a.”
19 Uzziah became furious. With a censer in his hand to burn incense, as he raged at the priests, a defiling skin disease broke out on his forehead—there before the priests in the house of our Father, beside the altar of incense. Men Ozias, avèk veso lansanswa nan men l pou brile lansan an, te anraje. Konsa, pandan li te anraje avèk prèt yo, lalèp te pete sou fon li devan prèt yo lakay SENYÈ a, akote lotèl lansan an.
20 When Azariah the chief priest and all the priests turned to him and saw the disease on his forehead, they rushed him out, and he hurried to leave, because our Father had struck him. Azaria, chèf prèt la avèk tout lòt prèt yo te gade li, e vwala, li te gen lalèp sou fon li. Konsa, yo te fè l sòti la byen vit, e li menm tou te fè vit pou sòti akoz SENYÈ a te frape li.
21 King Uzziah had the disease until his death. He lived in a separate house, still diseased, cut off from the house of our Father. His son Jotham ran the palace, governing the people of the land. Wa Ozias te rete yon moun lalèp jis rive nan jou li te mouri an. Li te rete nan yon kay apa, akoz lalèp la, paske li te entèdi antre lakay SENYÈ a. Jotham, fis li a, te lakay wa a pou te jije pèp peyi a.
22 The rest of Uzziah's acts, from first to last, the prophet Isaiah son of Amoz recorded. Alò, tout rès a zèv Ozias yo, soti nan premye a jis rive nan dènye a, pwofèt Ésaïe, fis a Amots la, te ekri yo.
23 Uzziah rested with his ancestors, buried near them in a burial field belonging to the kings, for they said, "He had a skin disease." His son Jotham reigned in his place. Konsa, Ozias te dòmi avèk zansèt li yo, e yo te antere li avèk papa zansèt li yo nan chan akote tonm ki te pou wa yo, paske yo te di: “Li gen lalèp”. Epi Jotham, fis li a, te devni wa nan plas li.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]