Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

2 Chronicles 25 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Amaziah became king at twenty-five and reigned twenty-nine years in Jerusalem. His mother was Jehoaddan of Jerusalem. Amatsia te gen laj a venn-senkan lè l te devni wa, e li te renye vent-nevan Jérusalem. Non manman li te Joaddan de Jérusalem.
2 He did what was right in the eyes of our Father, but not wholeheartedly. Li te fè sa ki dwat nan zye SENYÈ a, sepandan, pa avèk tout kè l.
3 Once the kingdom was firmly his, he executed the servants who had killed his father the king. Alò, li te vin rive depi wayòm nan te byen solid nan men l, ke li te touye sèvitè li yo ki te touye papa li, wa a.
4 But he did not put their children to death, as written in the Law, the book of Moses, where our Father commanded, "Parents must not die for their children, nor children for their parents; each dies for his own sin." Sepandan, li pa t touye pitit yo, men li te swiv sa ki ekri nan lalwa nan liv Moïse la, ke SENYÈ a te kòmande, ki te di: “Papa yo p ap mete a lanmò pou fis yo, ni fis yo p ap mete a lanmò pou papa yo, men chak moun va mete a lanmò pou pwòp peche pa l.”
5 Amaziah gathered Judah, organized them by ancestral houses under commanders of thousands and hundreds, for all Judah and Benjamin. He counted those twenty and up: 300,000 chosen men fit for war, handling spear and shield. Anplis, Amatsia te rasanble Juda, e li te òganize yo selon lakay papa yo anba chèf a dè milye e chèf a dè santèn toupatou nan Juda avèk Benjamin. Li te pran yon kontwòl global a sila soti nan ventan oswa plis yo, e li te twouve yo a twa-san-mil mesye, byen chwazi pou fè lagè ak manyen lans ak pwotèj.
6 He also hired 100,000 strong warriors from Israel for about 7,500 pounds of silver. Li te anplwaye osi san-mil gèrye plen kouraj ki sòti an Israël pou san talan ajan.
7 A man of our Father came to him: "King, don't let Israel's army go with you, for our Father is not with Israel—all these Ephraimites. Men yon nonm Bondye te rive kote li e te di: “O Wa, pa kite lame Israël la ale avèk ou, paske SENYÈ a pa avèk Israël, ni avèk okenn nan fis Éphraïm yo.
8 Even if you fight bravely, our Father will overthrow you before the enemy, for our Father has power to help or overthrow." Men si ou ale, aji avèk fòs pou batay la. Bondye va rale ou desann devan lènmi yo, paske Bondye gen pouvwa pou ede e pou desann.”
9 Amaziah asked the man of our Father, "But what about the roughly 7,500 pounds of silver I gave Israel's troops?" He replied, "Our Father can give you far more than this." Amatsia te di a nonm Bondye a: “Men kisa n ap fè pou afè san talan ke m te bay a sòlda Israël yo?” Nonm Bondye a te di: “Senyè a gen bokou plis pou bay pase sa.”
10 So Amaziah sent home the troops that came to him from Ephraim. They burned with anger against Judah and returned home enraged. Konsa, Amatsia te voye yo ale, sòlda ki te rive kote li soti Éphraïm yo, pou rive lakay yo. Akoz sa a, kòlè yo te brile kont Juda e yo te retounen lakay ak gwo kòlè.
11 But Amaziah took courage, led out his people to the Valley of Salt, and struck down 10,000 men of Seir. Alò, Amatsia te ranfòse tèt li; li te mennen pèp li a sòti pou ale nan Vale Sèl la, e te frape di-mil nan fis a Séir yo.
12 Judah's men also captured 10,000 alive, took them to the cliff top, and threw them down, smashing them all to pieces. Fis a Juda yo, anplis, te kaptire di-mil tou vivan. Yo te mennen yo anwo pwent falèz la, e te jete yo anba soti anwo falèz la, jiskaske yo tout te kraze chire an mòso.
13 Meanwhile the troops Amaziah sent back, not letting them join the battle, raided Judah's cities from Samaria to Beth-horon, struck down 3,000 people, and carried off much plunder. Men sòlda ke Amatsia te voye retounen pou yo pa ale nan batay la avèk li yo, te atake vil a Juda yo, soti Samarie jis rive Beth-Horon. Yo te frape twa-mil nan yo, e te piyaje anpil byen yo.
14 After Amaziah defeated the Edomites, he brought back the gods of Seir's people, set them up as his own gods, bowed to them, and burned offerings to them. Alò, lè Amatsia te sòti nan masak Edomit yo, li te pote dye a fis a Séir yo. Li te pozisyone yo tankou dye pa li, pou l bese ba devan yo e te brile lansan a yo menm.
15 So our Father's anger burned against Amaziah, and he sent a prophet, who asked, "Why seek this people's gods, which couldn't save their own from your hand?" Lakòlè Bondye te brile kont Amatsia, e Li te voye pwofèt Li ki te di l: “Poukisa ou te swiv dye a pèp sa a, ki pa t kab delivre pwòp pèp pa yo nan men ou?”
16 As he spoke, the king said, "Did we make you the king's counselor? Stop! Why be killed?" The prophet stopped but said, "I know our Father has determined to destroy you, because you did this and ignored my counsel." Pandan li t ap pale avèk li, wa a te di li: “Èske nou te chwazi ou menm kòm konseye wayal? Rete! Poukisa w ap chache mouri?” Epi pwofèt la te rete. Li te di: “Mwen konnen ke Bondye deja fè plan pou detwi ou, paske ou te fè bagay sa a e pa t koute konsèy mwen.”
17 Amaziah king of Judah consulted his advisers, then sent to Joash son of Jehoahaz, son of Jehu, king of Israel: "Come, let us face each other in battle." Alò, Amatsia, wa Juda a te pran konsèy moun pa l. Li te voye kote Joas, fis a Joachaz la, fis a Jéhu a, wa Israël la. Li te di l: “Vini, annou parèt fasafas.”
18 Joash king of Israel answered Amaziah king of Judah: "A Lebanon thistle sent to a Lebanon cedar, saying, 'Give your daughter to my son as wife.' But a wild Lebanon beast passed and trampled the thistle. Joas, wa Israël la te voye kote Amatsia, wa Juda a. Li te di: “Bwa pikan ki te Liban an te voye kote bwa sèd ki te Liban an, e te di: ‘Bay fi ou a fis mwen nan maryaj.’ Men yon bèt sovaj nan Liban te pase akote e te foule bwa pikan an.
19 You said, 'Look, I have struck down Edom,' and your heart grew proud, boasting. Stay home. Why court disaster and fall—you and Judah with you?" Ou di nan tèt ou: ‘Gade byen, mwen te bat Édom.’ Konsa kè ou vin plen ak ògèy e anfle. Alò, rete lakay ou! Poukisa ou ta pwovoke twoub pou tèt ou, jiskaske ou menm, ou ta tonbe e Juda avèk ou?”
20 But Amaziah wouldn't listen—this was from our Father, to hand them over for seeking Edom's gods. Men Amatsia pa t ap koute, paske sa te soti nan Bondye, ki ta livre yo nan men lèdmi yo, akoz yo te chache dye Édom yo.
21 So Joash king of Israel marched up, and he and Amaziah king of Judah faced off at Beth-shemesh in Judah. Konsa Joas, wa Israël la te monte, e li menm avèk Amatsia, wa Juda a te fè fasafas nan Beth-Schémesch, ki te pou Juda a.
22 Judah was defeated by Israel, and everyone fled to his own home. Juda te bat pa Israël, e yo chak te kouri nan pwòp tant yo.
23 Joash king of Israel captured Amaziah king of Judah, son of Joash, son of Jehoahaz, at Beth-shemesh, took him to Jerusalem, and broke down its wall from the Ephraim Gate to the Corner Gate—about 600 feet. Alò Joas, wa Israël la te kaptire Amatsia, wa Juda a, fis a Joas la, fis a Joachaz la, nan Beth-Schémesch. Li te mennen li Jérusalem, e li te chire miray Jérusalem nan soti nan Pòtay Éphraïm nan jis rive nan Pòtay Kwen an, kat-san koude nan longè.
24 He took all the gold, silver, and articles found in the house of our Father in Obed-edom's care, plus the palace treasures and hostages, and returned to Samaria. Li te pran tout lò avèk ajan ak tout zouti ki te twouve lakay Bondye a avèk Obed-Édom ak trezò lakay wa a, ansanm avèk prizonye yo, e te retounen Samarie.
25 Amaziah son of Joash, king of Judah, lived fifteen years after Joash son of Jehoahaz, king of Israel, died. Epi Amatsia, fis a Joas la, wa Juda a, te viv kenzan apre lanmò Joas, fis a Joachaz la, wa Israël la.
26 The rest of Amaziah's acts, first to last, are they not written in the Book of the Kings of Judah and Israel? Alò, tout lòt zèv a Amatsia yo, soti nan premye a jis rive nan dènye a, men gade, èske yo pa ekri nan Liv A Wa Juda Avèk Israël yo?
27 After Amaziah turned from following our Father, they conspired against him in Jerusalem, and he fled to Lachish. But they sent men after him there and killed him. Depi lè ke Amatsia te vire kite SENYÈ a, yo te fè konplo kont li Jérusalem, e li te sove ale Lakis, men yo te voye dèyè li Lakis e te touye li la.
28 They brought him back on horseback and buried him with his ancestors in the City of Judah. Konsa, yo te mennen li sou cheval e te antere li avèk zansèt li yo lavil Juda.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]