Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

2 Chronicles 24 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Joash became king at seven, and reigned forty years in Jerusalem. His mother Zibiah was from Beersheba. Joas te gen laj setan lè l te devni wa, e li te renye pandan karantan Jérusalem, Non manman li te Tsibja soti nan Beer-Schéba.
2 Joash did what was right in our Father's eyes all the days of Jehoiada the priest. Joas te fè sa ki te bon nan zye SENYÈ a pandan tout jou a Jehojada yo, prèt la.
3 Jehoiada chose two wives for him, and Joash had sons and daughters. Jehojada te pran de madanm pou li, e li te vin papa a fis ak fi.
4 Some time later, Joash set his heart on restoring the house of our Father. Li te vin rive apre sa ke Joas te pran desizyon pou restore lakay SENYÈ a.
5 He gathered the priests and Levites, told them, "Go to Judah's cities, collect money from all Israel yearly to repair your Father's house—hurry." But the Levites didn't hurry. Li te rasanble prèt yo avèk Levit yo, e li te di yo: “Ale antre nan tout vil Juda yo e rekeyi lajan pami tout Israël pou repare lakay SENYÈ nou an chak ane. Epi fè sa byen vit.” Men Levit yo pa t aji avèk vitès.
6 The king summoned Jehoiada the chief priest: "Why haven't you required the Levites to bring the tax from Judah and Jerusalem that Moses, our Father's servant, and the assembly set on Israel for the tent of testimony?" Akoz sa, wa a te rele Jehojada, chèf prèt la. Li te mande li: “Poukisa nou pa t egzije Levit yo pou pote soti Juda avèk Jérusalem taks etabli pa Moïse la, sèvitè SENYÈ a sou asanble Israël la pou tant temwayaj la?”
7 Athaliah's sons, that wicked woman, broke into our Father's house and even used all the holy things of our Father's house in worship of the Baals. Paske fis a Athalie yo, ki te tèlman mechan, te antre kase lakay Bondye a. Anplis yo te sèvi ak bagay sen nan kay yo pou sèvi Baal.
8 At the king's order, they made a chest and set it outside our Father's house gate. Konsa, wa a te pase lòd e yo te fè yon bwat kès pou te mete li deyò akote pòtay lakay SENYÈ a.
9 They announced in Judah and Jerusalem: bring our Father the tax Moses, our Father's servant, set on Israel in the wilderness. Yo te fè yon pwoklamasyon nan Juda avèk Jérusalem pou pote bay SENYÈ a, taks Moïse la, sèvitè Bondye a, ki te etabli nan dezè a pou Israël la.
10 All the officials and all the people rejoiced, bringing and dropping their gifts into the chest until full. Tout ofisye yo avèk tout pèp la te rejwi. Yo te pote taks pa yo e yo te depoze yo nan kès la jiskaske yo te ranpli l.
11 Whenever the Levites brought the chest to the king's officials and saw it full of money, the royal secretary and chief priest's officer emptied it and returned it to its place. Daily they collected much money. Li te vin rive ke nenpòt lè Levit yo te pote kès la anndan kote ofisye wa a yo, e lè yo te wè ke te gen anpil lajan, ke grefye a wa a avèk ofisye a chèf prèt la te vin vide kès la, pran l e remete li nan plas li. Konsa, yo te fè chak jou, e yo te rekeyi anpil lajan.
12 The king and Jehoiada gave it to workers on our Father's house, who hired masons and carpenters to restore it, and iron and bronze workers to repair our Father's house. Wa a avèk Jehojada te bay li a sila ki te fè travay nan sèvis lakay SENYÈ a. Yo te anplwaye mason avèk chapant pou restore lakay SENYÈ a, ak ouvriye, fè, avèk bwonz pou repare lakay SENYÈ a.
13 Workers labored; repair progressed by their hands. They restored our Father's house to its form and strengthened it. Konsa, ouvriye yo te travay, epi èv reparasyon an te avanse nan men yo. Yo te restore lakay Bondye a selon plan li, e yo te ranfòse li.
14 When finished, they brought the rest of the money to the king and Jehoiada, making from it articles for our Father's house: vessels for service and burnt offerings, dishes, gold and silver vessels. They offered burnt offerings in our Father's house continually, all Jehoiada's lifetime. Lè yo te fini, yo te mennen rès lajan an devan wa a avèk Jehojada. Li te fonn pou fè zouti pou lakay SENYÈ a, zouti pou sèvis la ak ofrann brile a, avèk po ak zouti an lò avèk ajan. Epi yo te ofri ofrann brile yo lakay SENYÈ a san rete pandan tout jou a Jehojada yo.
15 Jehoiada grew old and full of years, then died; at his death he was 130 years old. Alò, lè Jehojada te rive a yon gwo laj byen mi, li te vin mouri. Li te gen san-trantan lè l te mouri.
16 They buried him in the City of David among the kings, for doing good in Israel toward our Father and his house. Yo te antere li lavil David pami wa yo akoz li te fè byen an Israël ni pou Bondye, ni pou lakay Li a.
17 After Jehoiada died, Judah's officials came and bowed to the king, and he listened to them. Men apre lanmò Jehojada, ofisye Juda yo te vini bese ba devan wa a, e wa a te koute yo.
18 They abandoned our Father's house, God of their ancestors, served Asherah poles and idols—so anger came on Judah and Jerusalem for this guilt. Yo te abandone lakay SENYÈ a, Bondye a zansèt yo a pou te sèvi Asherim yo avèk zidòl yo. Konsa, lakòlè SENYÈ a te desann sou Juda avèk Jérusalem akoz koupabilite sa a.
19 Yet our Father sent them prophets to bring them back to himself; they warned them, but they wouldn't listen. Malgre sa, Li te voye pwofèt yo kote yo pou mennen yo retounen a SENYÈ a. Sepandan, yo te fè temwayaj kont yo, e te refize koute yo.
20 Then the Spirit of our Father came on Zechariah son of Jehoiada the priest. He stood before the people and said, "This is what our Father says: Why break his commands? You won't succeed—you abandoned him, so he abandons you." Alò Lespri Bondye a te vini sou Zacharie, fis a Jehojada a, prèt la. Li te kanpe anwo pèp la, e te pale yo: “Konsa Bondye te di: ‘Poukisa nou vyole kòmandman a SENYÈ la, e akoz sa nou pa reyisi? Akoz nou te abandone SENYÈ a, Li menm osi te abandone nou.’”
21 They conspired against him, stoning him in our Father's house courtyard at the king's command. Pou sa, yo te fè konplo kont li. Sou kòmand a wa a, yo te lapide li jiska lanmò nan lakou lakay SENYÈ a.
22 King Joash forgot the kindness Zechariah's father Jehoiada had shown him and killed his son. As Zechariah was dying he said, "May our Father see and require it." Konsa, Joas pa t sonje bonte ke papa li, Jehojada te montre li a, men li te touye fis li. Epi pandan li t ap mouri, li te di: “Ke SENYÈ a wè e fè revandikasyon!”
23 At the turn of the year Aram's army attacked Joash, invaded Judah and Jerusalem, killed all the people's officials, sent all their plunder to Damascus's king. Alò, li te vin rive nan fen ane ke lame Siryen yo te monte kont li. Yo te vini Juda avèk Jérusalem, e te detwi tout ofisye a pèp la ki te pami pèp la, epi yo te voye tout piyaj la kote wa a Damas la.
24 Though Aram's army came with few men, our Father gave a much larger army into their hand, since Judah abandoned our Father, the God of their ancestors. So judgment fell on Joash. Anverite, lame Siryen an te vini avèk yon ti kantite moun, men SENYÈ a te livre yon trè gwo lame nan men yo, paske yo te abandone SENYÈ a, Bondye a zansèt yo a. Se konsa yo te egzekite jijman sou Joas.
25 When the Arameans left, leaving him badly wounded, his servants conspired against him for the blood of Jehoiada the priest's son, killing him on his bed. He died and was buried in the City of David, not in the kings' tombs. Lè yo te kite Joas, (akoz yo te kite li byen blesi), pwòp sèvitè li yo te fè konplo kont li akoz san fis Jehojada a, prèt la, e yo te asasine li sou kabann li an. Konsa, li te mouri e yo te antere li lavil David la, men yo pa t antere li nan tonm a wa yo.
26 Conspirators against him: Zabad son of Shimeath, Ammonite woman, and Jehozabad son of Shimrith, Moabite woman. Alò, sa yo se sila ki te fè konplo kont li yo: Zabad, fis a Schimeath la, Amonit lan, ak Jozabad, fis a Schimrith la, Moabit la.
27 His sons, the many prophecies against him, and rebuilding our Father's house are written in the Book of the Kings' commentary; his son Amaziah reigned in his place. Konsènan fis li yo, tout pawòl madichon kont li yo ak rekonstriksyon lakay Bondye a, gade byen, yo ekri nan istwa Liv A Wa Yo. Epi Amatsia, fis li a, te vin wa nan plas li.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]