Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

2 Chronicles 23 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 In the seventh year Jehoiada took courage and made a covenant with the commanders of hundreds—Azariah son of Jeroham, Ishmael son of Jehohanan, Azariah son of Obed, Maaseiah son of Adaiah, and Elishaphat son of Zichri. Alò, nan setyèm ane, Jehojada te ranfòse tèt li, e te pran chèf a dè santèn yo: Azaria, fis a Obed la, Maaséja, fis a Adaja a ak Élischaphath, fis a Zicri a. Yo te antre nan yon akò avèk li.
2 They traveled through Judah, gathered the Levites from all its cities and the family heads of Israel, and came to Jerusalem. Yo te ale toupatou nan Juda pou te rasanble Levit soti nan tout vil Juda yo ak chèf lakay zansèt Israël yo, e yo te vini Jérusalem.
3 The whole assembly made a covenant with the king in the house of our Father. Jehoiada told them, "Look, the king's son will reign, as our Father promised about David's sons. Konsa, tout asanble a te fè yon akò avèk wa a nan kay Bondye a. Epi Jehojada te di yo: “Gade byen, fis a wa a oblije renye, jan SENYÈ a te pale pa fis a David yo.
4 Do this: a third of you—priests and Levites entering on the Sabbath—will be gatekeepers at the thresholds. Sa se bagay ke nou oblije fè: yon tyè nan nou, nan prèt avèk Levit ki antre nan Saba yo, va sèvi kòm gadyen pòtay;
5 A third at the king's house, a third at the Gate of the Foundation, and all the people in the courts of the house of our Father. yon tyè va kote lakay wa a, e yon tyè kote Pòtay Fondasyon an. Tout pèp la va nan lakou lakay SENYÈ a.
6 Let no one enter the house of our Father except the priests and the serving Levites; they may enter, for they are holy. Everyone else is to keep guard for our Father. Men pa kite pèsòn antre lakay SENYÈ a, sof ke prèt avèk Levit k ap fè sèvis yo. Yo kab antre, paske yo sen, men tout pèp la va kenbe règleman a SENYÈ a.
7 The Levites must surround the king, each with weapon in hand; whoever enters the house is to be put to death. Stay with the king wherever he comes and goes." Levit yo va antoure wa a, chak mesye avèk zam yo nan men yo. Nenpòt moun ki antre nan kay la, fòk li mouri. Rete avèk wa a lè l antre ak lè l sòti.”
8 The Levites and all Judah did exactly as Jehoiada the priest commanded. Each took his men—those coming on duty the Sabbath with those going off—since Jehoiada the priest did not dismiss any of the divisions. Konsa, Levit yo avèk tout Juda te fè selon tout sa ke Jehojada, prèt la, te kòmande yo a. Yo chak te pran mesye pa yo ki te gen pou antre anndan nan Saba a, avèk sila ki t ap sòti nan Saba yo, paske Jehojada, prèt la, pa t lage okenn nan divizyon sòlda yo.
9 Jehoiada the priest gave the commanders of hundreds King David's spears and large and small shields, kept in our Father's house. Jehojada, prèt la, te bay a chèf dè santèn yo lans avèk gwo boukliye defans, ki te konn pou Wa David, ki te lakay Bondye a.
10 He stationed all the people, each with weapon in hand, from the south side of the temple to the north side, surrounding the altar, the temple, and the king. Li te estasyone tout pèp la, chak mesye yo avèk zam yo nan men yo, sòti nan kote dwat kay la jis rive nan kote goch kay la, toupre lotèl la, toupre kay la, antoure wa a nèt.
11 They brought out the king's son, crowned him, gave him the covenant law, and made him king. Jehoiada and his sons anointed him and shouted, "Long live the king!" Epi yo te mennen fè parèt fis a wa a, yo te mete kouwòn nan sou li. Konsa, yo te ba li temwayaj pou te fè l wa. Jehojada avèk fis li yo te onksyone li, e yo te di ansanm: “Viv wa a!”
12 Hearing the sound of people running and praising the king, Athaliah came to them at our Father's house. Lè Athalie te tande bwi a pèp la ki t ap kouri ak bay lwanj a wa a, li te antre lakay SENYÈ a kote pèp la.
13 She looked—there was the king standing by his pillar at the entrance, officers and trumpeters beside him, all the people of the land rejoicing and blowing trumpets, singers with instruments leading the praise. Then Athaliah tore her clothes and shouted, "Treason! Treason!" Li te gade e vwala, wa a te kanpe akote pilye li nan antre a, e chèf yo avèk mesye twonpèt yo te akote wa a. Epi tout pèp peyi a te rejwi. Yo te soufle twonpèt yo e chantè avèk enstriman yo pou dirije lwanj lan. Athalie te chire rad li, e te di: “Trayizon! Trayizon!”
14 Jehoiada the priest summoned the commanders of hundreds over the army and said, "March her out through the ranks; kill with the sword anyone who follows her." For the priest had said, "Do not kill her in the house of our Father." Jehojada, prèt la te mennen fè sòti chèf a dè santèn ki te chwazi sou lame yo. Li te di yo: “Mennen li deyò antre ranje yo, epi nenpòt moun ki swiv li, mete li a lanmò avèk nepe.” Paske prèt la te di: “Pa kite li mouri lakay SENYÈ a.”
15 They seized her; when she reached the Horse Gate's entrance by the king's house, they killed her there. Konsa, yo te sezi li e lè li te rive kote antre Pòtay Cheval la, lakay wa a, yo te mete li a lanmò la.
16 Then Jehoiada made a covenant among himself, all the people, and the king to be our Father's people. Epi Jehojada te fè yon akò antre li menm avèk tout pèp la, e avèk wa a, pou yo ta pèp a SENYÈ a.
17 All the people went to Baal's temple and tore it down, smashed its altars and idols, and killed Mattan, Baal's priest, before the altars. Konsa, tout pèp la te ale kote kay Baal la. Yo te chire, kase an mòso lotèl li yo, avèk imaj li yo, e yo te touye Matthan, prèt Baal la devan lotèl yo.
18 Jehoiada put the Levite priests in charge of our Father's house, whom David had assigned there, to offer burnt offerings to our Father, as written in Moses' law, with joy and song as David had ordered. Anplis, Jehojada te mete ofisye lakay SENYÈ yo anba otorite prèt Levit yo, ke David te apwente sou lakay SENYÈ a, pou ofri ofrann brile a SENYÈ, jan sa ekri nan lalwa Moïse la—-avèk anpil rejwisans ak chante selon lòd a David la.
19 He stationed gatekeepers at the gates of our Father's house so no one unclean in any way could enter. Li te estasyone gadyen pòtay yo lakay SENYÈ a, pou pèsòn pa t kab antre, si pou nenpòt rezon li pa t pwòp.
20 He took the commanders of hundreds, the nobles, the rulers of the people, and all the people of the land, and brought the king down from the house of our Father, through the Upper Gate into the king's house, and seated him on the royal throne. Li te pran chèf a dè santèn yo, moun enpòtan yo, moun ki te gouvène pèp la, tout pèp peyi a, e yo te mennen wa a desann soti lakay SENYÈ a pou te antre pa wo pòtay la pou antre lakay wa a. Konsa, yo te mete wa a sou twòn wayal la.
21 All the people of the land rejoiced, and the city grew calm, for Athaliah was killed with the sword. Tout pèp peyi a te rejwi e vil la te vin kalm. Paske yo te mete Athalie a lanmò avèk nepe.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]