Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

1 Samuel 29 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Now the Philistines gathered all their forces at Aphek, while Israel camped by the spring in Jezreel. Alò, Filisten yo te rasanble tout lame pa yo ansanm nan Aphek, pandan Izrayelit yo t ap fè kan akote sous ki nan Jizreel la.
2 As the Philistine rulers marched out by hundreds and thousands, David and his men marched at the rear with Achish. Konsa, mèt Filisten yo t ap avanse pa santèn e pa milye e David avèk mesye pa li yo t ap avanse pa dèyè avèk Akisch.
3 The Philistine commanders asked, "What are these Hebrews doing here?" Achish told them, "This is David, servant of Saul king of Israel. He's been with me these days—no, these years—and from the day he deserted to me until now I've found no fault in him." Alò, kòmandan a Filisten yo te di: “Se kisa Ebre sa yo ap fè isit la?” Epi Akisch te di a kòmandan Filisten yo: “Èske sa se pa David, sèvitè a Saül la, wa Israël la, ki te avèk mwen nan jou sa yo, oswa pito di ane sa yo, e mwen pa t twouve okenn fot nan li soti nan jou ke li te sòti a, jis jodi a?”
4 But the Philistine commanders were angry with him and said, "Send the man back to the place you gave him. He must not go into battle with us, or he may turn against us during the fighting. How better could he win back his master's favor than with the heads of our own men? Men kòmandan Filisten yo te fache avèk li. Yo te di li: “Fè nonm nan ale retounen, pou li kapab retounen nan plas li kote yo te ba li ransèyman an. Pa kite li desann nan batay la avèk nou, oswa nan batay la, li kapab devni yon lènmi nou. Paske se kilès ki ta k ap fè nonm sa a vin zanmi ak mèt li a? Èske sa pa tèt a mesye sila yo?
5 Isn't this the David they sang of in their dances: 'Saul struck down his thousands, David his tens of thousands'?" Èske sa se pa David, a sila yo te chante nan dans pa yo e di: ‘Saül te touye dè milye e David dè di-milye?’”
6 So Achish called David and said, "As the LORD lives, you are honest, and I'd be glad to have you march out and in with me in the camp. I've found no fault in you since the day you came to me until now. But the rulers don't approve of you. Alò, Akisch te rele David. Li te di l: “Jan SENYÈ a viv la, ladwati ou ak tout antre sòti ou avèk mwen nan lame a se yon plezi nan zye m; paske mwen pa t jwenn mal nan ou depi jou ke ou te antre kote mwen an, jis rive jodi a. Sepandan, ou pa yon plezi nan zye a lòt chèf yo.
7 Now turn back and go in peace, so that you do nothing to displease the Philistine rulers." Alò, pou sa, retounen ale anpè, pou ou pa fè mèt Filisten yo pa kontan.”
8 "But what have I done?" David protested. "What have you found against your servant since I came to you until now, that I should not go fight the enemies of my lord the king?" David te di a Akisch: “Men kisa mwen te fè? Epi kisa ou te twouve nan sèvitè ou a depi nan jou ke m te vini devan ou an jis rive Jodi a, pou m pa kapab ale goumen kont lènmi a mèt mwen an, wa a?”
9 Achish told David, "I know that to me you're as good as an angel of God. Still, the Philistine commanders have said, 'He must not go up with us into battle.' Men Akisch te reponn David: “Mwen konnen ke ou se yon plezi nan zye m, tankou yon zanj Bondye! Sepandan, kòmandan Filisten yo te di: ‘Fòk li pa monte avèk nou nan batay la.’
10 So get up early in the morning, you and your master's servants who came with you; get up early and leave when it's light." Alò, pou sa, leve bonè nan maten avèk sèvitè a mèt ou ki te vini avèk ou yo, e lamenm lè ou leve nan maten bonè, pati.”
11 So David and his men rose early to head back to Philistia at daybreak, while the Philistines went up to Jezreel. Konsa, David te leve bonè, li avèk mesye pa li yo, pou pati nan maten pou retounen nan peyi a Filisten yo. Epi Filisten yo te monte Jizreel.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]