Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

1 Samuel 30 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 David and his men reached Ziklag on the third day; Amalekites had raided the Negev and Ziklag, attacked and burned it, Alò, li vin rive lè David avèk mesye pa li yo te vini Tsiklag nan twazyèm jou a, ke Amalekit yo te fè yon atak sou Negev ak sou Tsiklag pou te detwi Tsiklag e te brile li avèk dife.
2 and captured the women and everyone there, young and old; killed no one, but drove them off and went their way. Anplis, yo te pran an kaptivite fanm ki te ladann yo, ni piti ni gran, san touye pèsòn, yo te pran yo e ale fè wout yo.
3 David and his men reached the city, burned with fire—wives, sons, daughters taken captive. Lè David avèk mesye li yo te vini nan vil la, vwala, li te brile avèk dife. Madanm yo ak fis pa yo e fi pa yo te pran an kaptivite.
4 David and his people raised their voices and wept until they had no strength left to weep. Alò David avèk moun ki te avè l yo te leve vwa yo e te kriye jiskaske yo pa t gen fòs nan yo pou kriye.
5 David's two wives were also captured, Ahinoam of Jezreel and Abigail, widow of Nabal of Carmel. Alò, de madanm a David yo te pran an kaptivite, Achinoam, Jizreyelit la ak Abigaïl, vèv Nabal la, Kamelit la.
6 David was greatly distressed—the people talked of stoning him, each bitter over his sons and daughters—but he strengthened himself in our Father. Anplis ke sa David te nan gwo pwoblèm akoz moun yo t ap pale afè lapide li, paske tout moun yo te anmè, yo tout akoz fis yo ak fi yo. Men David te ranfòse li menm nan SENYÈ a, Bondye li a.
7 David told Abiathar the priest, Ahimelech's son, "Bring me the ephod." Abiathar brought David the ephod. David te di a Abiathar, prèt la, fis Achimélec la: “Souple, pote ban m efòd la.” Konsa, Abiathar te pote efòd la bay David.
8 David asked our Father, "Will I chase these raiders? Will I overtake them?" "Chase," he said. "You will surely overtake them and rescue everyone." David te fè demann SENYÈ a. Li te mande: “Èske mwen dwe swiv bann mouton sa a? Èske mwen va gen tan jwenn yo?” Epi Li te reponn li: “Swiv yo, paske ou va anverite, jwenn yo, e ou va sove tout.”
9 So David and his 600 men came to the Besor Valley, where some stayed behind. Konsa, David te ale, li ansanm avèk sis-san mesye ki te avèk li yo. Yo te rive kote ravin Besor a, kote sila ki te kite dèyè yo te rete a.
10 David pursued with 400 men; 200 stayed back, too worn out to cross the Besor Valley. Men David te kontinye pouswiv, li menm avèk kat-san mesye yo. Paske lòt de-san nan yo ki te twò bouke pou travèse ravin Besor a, te rete.
11 They found an Egyptian in the fields, brought him to David, and gave him bread and water. Konsa, yo te twouve yon Ejipsyen nan chan an e yo te mennen li kote David. Yo te ba li pen pou li te manje e yo te bay li dlo pou l bwè.
12 They gave him a piece of fig cake and two clusters of raisins. He ate, and his strength returned—he'd had no bread or water for three days and three nights. Yo te ba li yon mòso gato fig etranje ak de grap rezen pou li te manje. Epi lespri li te vin leve, paske li pa t manje ni bwè dlo pandan twa jou ak twa nwit.
13 David asked, "Whose are you? Where from?" He said, "A young Egyptian, an Amalekite's slave. My master abandoned me three days ago—I was sick. David te mande li: “Pou kilès ou ye? Kibò ou sòti?” Li te di: “Mwen se yon jennonm ki sòti an Égypte, sèvitè a yon Amalekit. Mèt mwen te kite m dèyè lè m te tonbe malad twa jou pase.
14 We raided the Cherethite Negev, Judah's territory, and Caleb's Negev, and burned Ziklag with fire." Nou te fè yon atak nan Negev a Keretyen yo ak sou sa ki apatyen a Juda a ak nan Negev pou Caleb la; epi nou te brile Tsiklag avèk dife.”
15 David asked, "Will you lead me down to this raiding band?" He said, "Swear to me by God you won't kill me or hand me to my master, and I'll bring you to them." Konsa, David te mande li: “Èske ou va mennen mwen desann kote lame sila a?” Li te reponn: “Sèmante a mwen menm pa Bondye pou ou pa touye mwen ni livre mwen nan men a mèt mwen an, epi mwen va mennen ou desann kote lame sa a.”
16 The Egyptian led David down, and there they were, spread out over the land, eating, drinking, celebrating over the vast plunder taken from Philistine and Judean land. Lè li te mennen li desann, vwala, yo te gaye nan tout tè a, yo t ap manje, bwè e danse akoz tout gran piyaj ke yo te pran nan peyi Filisten avèk peyi Juda yo.
17 David struck them from twilight to the next evening; only 400 young men who rode off on camels escaped. David te fè masak sou yo soti nan aswè jis rive nan pwochen jou a. Nanpwen yon nonm nan yo ki te chape, sof kat-san jennonm ki te monte sou chamo pou te sove ale.
18 David recovered everything the Amalekites had taken, and he rescued his two wives. Konsa, David te reprann tout sa ke Amalekit yo te pran yo, e te livre reprann de madanm li yo.
19 Nothing was missing—small, great, sons, daughters, plunder, or anything else taken—all David brought back. Men anyen ki te pou yo pa t manke, ni piti, ni gran, fis oswa fi, piyaj, oswa nenpòt sa ke yo te pran pou yo menm; David te mennen tout retounen.
20 David took all the flock and herd; his men drove it ahead of the other livestock, saying, "This is David's plunder." Konsa, David te vin kaptire tout mouton ak bèf ki te pouse devan lòt bèt yo, epi yo te di: “Sa se piyaj a David.”
21 David reached the 200 men too exhausted to follow him, left at the Besor Valley. They came out to meet David and his people; he greeted them as he approached. Lè David te rive kote de-san mesye ki te twò bouke pou swiv David yo, sa yo ki te rete kote ravin Besor yo te parèt pou rankontre David avèk moun ki te avèk li yo. David te pwoche pèp la pou te salye yo.
22 But all the wicked, worthless men among David's followers said, "Since they didn't go with us, we won't give them any recovered plunder—only each man's wife and children, to lead away and go." Alò, tout mesye mechan yo avèk sanzave yo pami sila ki te ale avèk David yo te di: “Akoz yo pa t ale avèk nou, nou p ap bay yo anyen nan piyaj ke nou te reprann an, sof a chak mesye, madanm yo avèk pitit yo pou yo kapab mennen yo ale sòti.”
23 But David said, "Don't do this, my brothers, with what our Father gave us. He guarded us and gave the raiders who came against us into our hands. Alò, David te di: “Fòk nou pa fè sa, frè m yo, avèk sa ke SENYÈ a te bannou, ki te kenbe nou e livre nan men nou lame a ki te vini kont nou an.
24 Who would listen to you on this? The one who goes into battle and the one who stays with the supplies share alike." Epi se kilès ki va koute ou nan afè sila a? Paske jan pòsyon a sila ki te desann nan batay la, se menm jan an pòsyon pa l ki rete avèk pwovizyon yo. Yo va separe menm jan an.”
25 From that day on, David made it a statute and ordinance for Israel, lasting to this day. Se konsa ke li te ye depi nan jou sa a, ke li te fè l vin yon prensip ak yon règleman ke yo va separe menm jan an.
26 When David reached Ziklag, he sent plunder to Judah's elders, his friends, saying, "A gift for you from the plunder of our Father's enemies." Alò, lè David te vini Tsiklag, li te voye nan piyaj la kote ansyen a Juda yo, a zanmi li yo, e li te di: “Gade byen, yon kado pou nou soti nan piyaj a lènmi a SENYÈ yo.”
27 He sent it to those in Bethel, in Ramoth of the Negev, and in Jattir; Li te voye l a sila ki te Béthel yo, sila ki te Ramoth a Negev la ak sila ki te Jatthir yo,
28 to those in Aroer, Siphmoth, and Eshtemoa; anplis, a sila ki te Aroër yo, a sila ki te Siphmoth yo ak sila ki te Eschthemoa yo,
29 to those in Rachal, in the towns of the Jerahmeelites and the Kenites; epi a sila ki te Racal yo, sila ki te nan vil a Jerachmeyelit yo ak sila ki te nan vil a Kenyen yo,
30 to those in Hormah, Bor-ashan, and Athach; epi a sila ki te Horma yo, a sila ki te Cor-Aschan yo ak sila ki te Athac yo,
31 and to those in Hebron and all the places where David and his men had roamed. epi a sila ki te Hébron yo, ak tout zòn kote David li menm avèk mesye li yo te abitye rete yo.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]