Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

1 Samuel 31 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 The Philistines fought Israel; Israel's men fled them and fell dead on Mount Gilboa. Alò Filisten yo t ap goumen kont Israël e mesye Israël yo te kouri devan Filisten yo, e yo te tonbe mouri sou Mòn Guilboa.
2 The Philistines overtook Saul and his sons, and the Philistines struck down Jonathan, Abinadab, and Malchishua, sons of Saul. Filisten yo te rive sou Saül avèk fis li yo. Konsa, yo te touye Jonathan avèk Abinadab, ak Malkishua, fis a Saül yo.
3 The battle pressed heavily against Saul. The archers found him, and he was badly wounded by them. Batay la te vire rèd kont Saül. Ekip tire flèch ak banza yo te rive sou li; epi li te gravman blese pa ekip banza yo.
4 Saul told his armor-bearer, "Draw your sword and run me through, or these uncircumcised men will come, run me through, and torment me." His armor-bearer refused—he was terrified. So Saul took his own sword and fell on it. Konsa, Saül te di a pòtè zam li an: “Rale nepe ou pou frennen m avè l; otreman, Filisten ensikonsi sila yo va vin frennen m nèt e fè spò avè m.” Men pòtè zam nan te refize, paske li te pè anpil. Pou sa Saül te pran nepe li e te tonbe sou li.
5 When his armor-bearer saw Saul was dead, he too fell on his sword and died with him. Lè pòtè zam nan te wè ke Saül te mouri avèk twa fis li yo, li tou te tonbe sou nepe li pou te mouri avèk li.
6 So Saul died that day, together with his three sons, his armor-bearer, and all his men. Konsa Saül te mouri avèk twa fis li yo, pòtè zam li an, ak tout mesye pa l yo ansanm nan jou sa a.
7 When Israel's men across the valley and across the Jordan saw that Israel's army had fled and Saul and his sons were dead, they abandoned their towns and fled. The Philistines came and settled in them. Lè mesye Israël ki te lòtbò vale a avèk sila ki te lòtbò Jourdain an, te wè ke mesye Israël yo te sove ale e ke Saül avèk fis li yo te mouri, yo te abandone vil yo e te sove ale. Konsa, Filisten yo te vin viv ladan yo.
8 The next day, Philistines came to strip the dead and found Saul and his three sons fallen on Mount Gilboa. Li te vin rive nan pwochen jou a, lè Filisten yo te vini pou depouye mò yo, ke yo te twouve Saül avèk twa fis li yo tonbe sou Mòn Guilboa.
9 They cut off his head, stripped his armor, and sent messengers through Philistia to report it at their idols' temples and among the people. Yo te koupe tèt li e te retire zam li yo pou te voye yo toupatou nan peyi Filisten yo, pou pote bòn nouvèl la rive lakay zidòl pa yo ak pèp yo a.
10 They set his armor in Ashtoreth's temple and fastened his body to Beth-shan's wall. Yo te mete zam li yo nan tanp Astarté yo e yo te tache kadav li nan miray kote Beth-Schan nan.
11 When the inhabitants of Jabesh-gilead heard what the Philistines had done to Saul, Alò, lè moun ki te rete Jabès yo te tande sa ke Filisten yo te fè a Saül,
12 all their fighting men marched through the night, took Saul's body and his sons' bodies from Beth-shan's wall, brought them to Jabesh, and burned them there. tout mesye vanyan yo te leve mache tout nwit lan pou te pran kò Saül la avèk kò a fis pa li yo soti nan miray Beth-Schan lan. Lè yo te rive Jabès yo te brile yo la.
13 They took their bones, buried them under the tamarisk at Jabesh, and fasted seven days. Yo te pran zo yo e te antere yo anba pye tamaren Jabès la e yo te fè jèn pandan sèt jou.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]