Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

1 Samuel 28 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 In those days Philistines massed their forces for war, to fight Israel. Achish told David, "You understand, of course, that you and your men must march out with me in the army." Alò, li te vin rive nan jou sa yo ke Filisten yo te rasanble kan lame pa yo pou fè lagè, pou goumen kont Israël. Epi Akisch te di a David: “Konnen byensi ke ou va sòti avè m nan kan an, ou menm avèk mesye pa ou yo.”
2 David told Achish, "So you'll know what your servant can do." Achish replied, "Very well, I'll make you my bodyguard for life." David te di a Akisch: “Se bon, ou va vin konprann sa ke sèvitè ou kapab fè.” Akisch te reponn a David: “Se bon, mwen va fè ou gad pèsonèl mwen pou tout lavi ou.”
3 Samuel had died; all Israel mourned him and buried him in Ramah, his city. Saul had removed the mediums and fortune-tellers from the land. Nan lè sa a Samuel te fin mouri, tout Israël te deja kriye pou li e te antere l Ramah, pwòp vil pa li. Epi Saül te fin retire nan peyi a tout kalite moun sila ki te konn rele mò yo ak divinò yo.
4 The Philistines gathered, came, and camped at Shunem; Saul gathered all Israel and camped at Gilboa. Konsa, Filisten yo te rasanble ansanm e te vin fè kan nan Sunem. Epi Saül te rasanble tout Israël ansanm pou yo te fè kan nan Guilboa.
5 When Saul saw the Philistine army, he was afraid, and his heart trembled greatly. Lè Saül te wè kan Filisten yo, li te pè e kè li te tranble anpil.
6 Saul asked our Father, but our Father didn't answer him—not by dreams, not by Urim, not by prophets. Lè Saül te fè demann SENYÈ a, SENYÈ a pa t reponn li, ni nan rèv, ni avèk Orim, ni pa pwofèt yo.
7 Saul told his servants, "Find me a female medium, so I can go ask her." They said, "There's one at Endor." Alò, Saül te pale sèvitè li yo: “Chache pou mwen yon fanm ki konn pale ak mò, pou m kab ale kote li pou mande li kèk bagay.” Sèvitè li yo te di li: “Gade byen, gen yon fanm ki konn pale ak mò nan En-Dor.”
8 Saul disguised himself, wore other clothes, went with two men to the woman by night, and said, "Consult a spirit for me—bring up the one I name." Alò, Saül te kache idantite li avèk lòt rad e te desann, li menm avèk de lòt mesye avèk li. Yo te vin kote fanm nan pandan nwit lan. Li te di: “Evoke fè monte pou mwen lespri la, souple, e mennen monte non moun sila ke m va nonmen pou ou a.”
9 The woman said, "You know what Saul did—cut off the mediums and the spiritists from the land. Why trap my life to kill me?" Men fanm nan te di li: “Gade byen, ou konnen sa ke Saül te fè a, jan li te retire sila ki evoke mò avèk divinò nan peyi a. Alò poukisa w ap mete yon pèlen pou lavi mwen pou ou kab fè m mouri?”
10 Saul swore to her by our Father, "As our Father lives, no guilt will reach you for this." Saul te fè ve a li ke: “Jan SENYÈ a viv la, p ap gen pinisyon k ap rive ou pou afè sila a.”
11 The woman said, "Whom should I bring up for you?" He said, "Bring up Samuel for me." Alò, fanm nan te di: “Se kilès ke m ap fè monte pou ou a?” Epi li te di: “Mennen monte Samuel pou mwen.”
12 Seeing Samuel, the woman cried out loudly and said to Saul, "Why did you deceive me? You are Saul!" Lè fanm nan te wè Samuel, li te kriye fò avèk yon gwo vwa; epi fanm nan te pale avèk Saül e te di: “Poukisa ou te twonpe mwen? Paske se Saül ke ou ye.”
13 The king said, "Don't be afraid. What do you see?" The woman told Saul, "I see a divine being rising from the ground." Wa a te di li: “Pa pè; men se kisa ou wè?” Epi fanm nan te di Saül: “Mwen wè yon èt diven k ap monte sòti sou latè.”
14 He asked, "What does he look like?" "An old man rising, wrapped in a robe," she said. Saul knew it was Samuel and bowed face-down, prostrating himself. Li te di li: “Se ak kilès ke li sanble?” Epi li te di: “Yon granmoun k ap monte e li vlope nan yon manto.” Epi Saül te konnen ke se te Samuel. Li te bese avèk figi li atè pou te rann omaj.
15 Samuel said to Saul, "Why disturb me, bringing me up?" Saul said, "I'm in deep distress. The Philistines fight me, and our Father has turned away from me—no answer by prophets or dreams. So I called you, to know what to do." Alò, Samuel te di a Saül: “Poukisa ou twouble m e mennen m monte?” Saül te reponn: “Mwen nan gwo pwoblèm anpil; paske Filisten yo ap fè lagè kont mwen, Bondye te kite mwen e Li pa reponn mwen ankò, ni pa pwofèt yo, ni nan rèv. Pou sa, mwen te rele ou, pou ou kapab fè m konnen kisa pou m fè.”
16 Samuel said, "Why ask me, when our Father has left you and become your enemy? Samuel te di: “Poukisa konsa ou vin mande mwen, akoz SENYÈ a te kite ou e te devni lènmi ou?
17 Our Father did as he said through me, tearing the kingdom from your hand and giving it to your neighbor, to David. SENYÈ a gen tan fè selon sa Li te pale nan mwen an. SENYÈ a fin chire wayòm nan soti nan men ou, e Li te bay li a vwazen ou an, a David menm.
18 Because you did not obey our Father's voice or execute his burning anger against Amalek, so he has done this to you today. Kòmsi ou pa t obeyi SENYÈ a, e ou pa t fè gwo kòlè Li vin tonbe sou Amalek, konsa SENYÈ a te fè ou bagay sa a nan jou sa a.
19 Our Father will hand you and Israel to the Philistines; tomorrow you and your sons will join me, and our Father will hand Israel's army to the Philistines." Anplis SENYÈ a va, osi, bay Israël ansanm avèk ou menm nan men Filisten yo. Konsa, demen ou menm avèk fis ou yo va avèk mwen. Anverite, SENYÈ a va fè bay lame Israël la nan men a Filisten yo!”
20 Saul instantly fell full length on the ground, terrified by Samuel's words. He had no strength, having eaten no food all day and night. Alò, Saül, lapoula, te tonbe atè nèt. Li te plen laperèz akoz pawòl a Samuel yo. Ni pa t gen fòs nan li, paske li pa t manje manje nan tout jou sa a, ni nan nwit lan.
21 The woman came to Saul, saw his shock, and said, "Look, your servant obeyed you. I took my life in my hand and did what you told me. Fanm nan te rive bò kote Saül. Li te wè ke li te tèlman gen krent jiskaske li te sezi, e li te di li: “Gade byen, sèvant ou te obeyi a ou menm e mwen te pran lavi mwen nan men m pou te koute pawòl ke ou te pale mwen yo.
22 Now please, you too, listen to me, your servant. Let me give you a piece of bread; eat, and get strength for the road." Koulye a, pou sa, souple koute vwa sèvant ou an e kite mwen mete yon mòso pen devan ou. Manje pou ou kapab gen fòs lè ou pran chemen an.”
23 He refused: "I won't eat." But his servants and the woman urged him until he gave in, rose from the ground, and sat on the bed. Men li te refize. Li te di: “Mwen p ap manje.” Men sèvitè li yo te ankouraje li e li te koute yo. Konsa, li te leve sou tè a pou te chita sou kabann nan.
24 The woman had a fattened calf at home, hurried, slaughtered it, took flour, kneaded, and baked bread without yeast. Fanm nan te gen yon jenn bèf gra nan kay la. Byen vit li te kòche li, li te pran farin, li te frape l fè bòl, e li te kwit li fè pen san ledven.
25 She served it to Saul and his servants; they ate, then got up and left that night. Li te mennen li devan Saül avèk sèvitè li yo e yo te manje. Apre yo te leve sòti menm nwit lan.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]